24-0818 Dye Aj Move Sa

Mesagj: 65-0801m Dye Aj Move Sa

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Moun Ki Pafè,

Vwa ke nou tande sou bann yo se menm Vwa a ki fè rezonen Pawòl Li nan Jaden Edenn lan, sou Mòn Sinayi a, epi sou Mòn Transfigirasyon an. L ap sonnen jodi a avèk Revelasyon konplè e final de Jezikri. L ap rele Lepouz Li pou L soti, L ap prepare L pou Anlèvman an. Lepouz la tande L, Li aksepte L, Li viv Li, epi Li prepare tèt Li lè L kwè nan Li.

Pèsonn pa ka pran L nan men nou. Yo pa ka enfliyanse vi nou. Lespri Li ap boule epi ap briye nan nou. Li ban nou Lavi pa L, Lespri Li, epi L ap manifeste Lavi pa L nan nou. Nou kache nan Bondye epi n ap manje Pawòl Li. Satan pa ka manyen nou. Yo pa ka ebranle nou. Pa gen anyen ki ka chanje nou. Pa Revelasyon, nou vin Epouz Pawòl Li.

Lè Satan ap eseye dekouraje nou, nou jis raple l kijan Bondye wè nou. Lè Li voye je sou nou, tout sa Li wè se lò PI. Jistis nou an se jistis LI. Atribi nou yo se pwòp bèl atribi LI. N ap jwenn idantite nou nan Li. Sa Li ye, se sa nou reflete kounye a. Sa Li genyen, se sa nou MANIFESTE KOUNYE A.

Jan L renmen di Satan: ‘M pa wè okenn defo nan Li; Li PAFÈ. Pou Mwen menm, Li se Lepouz Mwen, bèl andedan e andeyò. Depi nan kòmansman rive nan fen, Li se Zèv Mwen, e tout Zèv Mwen yo pafè. An reyalite, sajès etènèl Mwen avèk objektif Mwen rezime epi manifeste nan Li.’

‘M jwenn bèl Epouz Mwen an diy. Kòm lò a maleyab, Li sipòte soufrans yo pou Mwen. Li pa fè konpwomi, Li pa flechi, ni kraze, men Li fòme kòm yon bèl bagay. Eprèv Li yo ak tès lavi sa a fè ke Li vin Epouz cheri Mwen an.’

Èske se pa menm jan ak Seyè a? Li konn egzakteman kijan pou ankouraje nou. Li di nou: ‘Pa janm dekouraje, men ankouraje nou pito.’ Li wè travay lanmou nou pou Li. Li wè sa nou dwe travèse. Li wè batay yo ke nou dwe andire chak jou. Li renmen nou atravè chak nan yo.

Nan Je Li nou pafè. L ap tann nou depi nan kòmansman tan an. Li p ap kite anyen rive nou sof si se pou byen nou. Li konnen ke nou pral simonte tout obstak ke Satan mete devan nou. Li renmen pwouve li ke nou se Epouz Li. Nou pa ka ebranle. Se Nou menm L ap tann depi nan kòmansman an. Pa gen anyen ki ka separe nou de Li e de Pawòl Li.

Li voye nou pwisan anj mesaje Li pou L te ka pale avè nou de bouch a zòrèy. Li anrejistre L konsa p ap gen okenn kesyon sou sa L te di. Li sere L pou Lepouz Li gen yon bagay pou l manje jiskaske L vin chache L.

Pe enpòt si lòt moun pa konprann epi ap pèsekite nou paske nou di nou se ‘Moun Bann’, nou kontan, paske se sa Li revele nou pou nou fè. Lòt yo dwe fè sa yo santi yo oblije fè, men pou nou menm, nou dwe ini ansanm anba yon sèl Vwa, Vwa Bondye a ki konfime sou bann yo.

Nou pa ka konsevwa anyen lòt. Nou pa ka konprann anyen lòt. Nou pa ka fè anyen lòt. Nou pa ka AKSEPTE anyen lòt. Nou pa kont sa lòt kwayan yo santi Seyè a oblije yo fè, men se sa Bondye KONDWI NOU POU NOU FÈ, e se la a nou dwe RETE.

Nou satisfè. Vwa Bondye ap nouri nou. Nou ka di ‘amèn’ a CHAK PAWÒL ke nou tande. Sa a se Chemen Bondye ban nou. Nou pa ka fè anyen lòt.

M jis renmen envite tout moun vin ini avèk nou. Nou jis fè sèvis jan Frè Branham te fè yo lè l te isit la sou tè a. Malgre ke li pa isit la fizikman, bagay esansyèl la se sa Bondye di Lepouz Li sou bann yo.

Li te envite mond lan pou fè pati de sa yo ki te BRANCHE pa telefòn, men sèlman si yo te VLE. Li te fè yo rasanble tout kote yo te kapab, pou tande Vwa Bondye a pale avèk yo tout an manm tan. Se sa pwofèt Bondye a te fè lè sa a, alò m jis ap eseye fè sa l te fè kòm egzanp.  

Ensi donk, nou envite nou pou vin jwenn nou an liy Dimanch a midi, lè Jeffersonville, alò ke nou pral tande mesaje Bondye k ap pote nou Mesaj la: Dye Aj Move Sa, 65-0801M. 

Frè Jozèf Branham

Ekriti pou li anvan nou tande Mesaj la:

Matye chapit 24 / 27:15-23

Lik 17:30

Jan 1:1 / 14:12

Akt 10:47-48

1 Korint 4:1-5 / chapit 14

2 Korint 4:1-6

Galat 1:1-4

Efèz 2:1-2 / 4:30

2 Tesalonik 2:2-4 / 2:11

Ebre chapit 7

1 Jan chapit 1 / 3:10 / 4:4-5

Apokalips 3:14 / 13:4 / chapit 6-8 e 11-12 / 18:1-5

Pwovèb 3:5

Ezayi 14:12-14