Mesagj: 62-1014E Yon Gid
Byenneme Lepouz K ap Regwoupe,
Epitou Bondye te toujou voye gid Li yo, Li pa t janm rete san yon gid, a travè tout aj yo. Bondye te toujou gen yon moun ki reprezante L sou tè sa, nan tout aj yo.
Bondye pa vle nou konte sou entèlijans nou, ni sou okenn lide lèzòm. Se poutèt sa Li voye yon Gid bay Lepouz Li; paske li gen entèlijans, li konn kijan pou l pwosede e sa pou l fè. Bondye PA JANM CHANJE pwogram Li. Li pa janm manke voye yon Gid bay pèp Li a, men ou dwe aksepte Gid sa a.
Ou dwe kwè chak Pawòl ke Li pwononse atravè Gid Li a. Ou dwe pran dirèksyon ke Gid Li a di pou w ale. Si w kòmanse koute epi kwè lòt vwa antan ke gid ou, ou jis ap pèdi.
Jan 16 di ke L te gen anpil bagay pou di nou epi revele nou, konsa Li ta pral voye nou Sentespri Li pou gide nou epi di nou bagay sa yo. Li di ke Sentespri a se gid pwofèt pou chak laj. Kidonk, yo te voye pwofèt Li yo pou reprezante Sentespri a pou gide Lepouz Li a.
Le Sentespri te voye pou kondwi legliz, pa kèk gwoup moun. Sentespri a trè saj. Lèzòm vin fòmalist, endiferan.
Se pa nonm lan, men Sentespri a NAN nonm sa a. Nonm ke Li chwazi pou reprezante tèt Li epi pou l gid nou sou tè a, yon gid ki kondwi pa Gid Selès nou an. Pawòl la di nou nou dwe swiv Gid sa a. Kèlkeswa sa nou panse, sa ki sanble rezonab ou sa kèk lòt moun di, nou pa nan pozisyon pou nou jije sa, sa se biznis gid la sèl.
Bondye voye yon Gid, e Bondye vle w sonje ke se Gid pa Li ke yo nonmen.
Gid pwofèt nou te nonmen pa Bondye pou l pwononse Pawòl Li a. Pawòl li SE PAWÒL BONDYE. Gid pwofèt la, e li menm sèl, gen entèpretasyon diven Pawòl la. Bondye te di l Pawòl Li de bouch a zòrèy. Kidonk, ou pa janm ka diskite, chanje ou rezone Pawòl Gid ou a.
Ou dwe swiv Li, e Li menm sèl. Si w pa fè sa, w ap vin pèdi. Sonje, lè w kite Li, Gid ke Bondye chwazi a, ou poukont ou, kidonk nou vle rete pre gid la ke Li chwazi a, epi tande e obeyi a chak Pawòl ke L pwononse atravè li.
Gid nou an te anseye nou ke ansyen testaman an se te yon lonbraj nouvo testaman an.
Lè Izrayèl te kite peyi Lejip pou ale latè pwomiz, nan Egzòd 13:21, Bondye te konnen yo pa t janm pase nan wout sa anvan. Se te sèlman karant mil distans, men kan menm yo te bezwen yon bagay pou ale avè yo. Yo te kab pèdi chemen yo. Kidonk, Limenm, Bondye, te voye yon Gid pou yo. Egzòd 13:21, di yon bagay konsa: “Mwen voye Zanj Mwen devan nou, Kolòn Dife a, pou kenbe nou sou chemen an,” pou gide yo al nan latè pwomiz sa. Epi desandan Izrayèl yo te swiv Gid sa, Kolòn Dife a (lannwit), Nyaj la lajounen. Lè L te kanpe, yo te kanpe. Lè L te deplase, yo te deplase. E lè L te mennen yo toupre peyi a, e ke yo pa t diy pou yo travèse, Li te mennen yo tounen ankò nan dezè a.
Li di ke se legliz la jodi a. Nou t ap deja ale si nou te jis redrese tèt nou epi mete lòd, men Li te oblije antrene nou isi e la, isi e la, isi e la.
Yo te jis dwe swiv gid yo a jan LI T AP swiv e t ap tande Kolòn Dife a. Li te di yo sa Bondye te di, e yo te oblije obeyi chak Pawòl ke l te pwononse. Li te Vwa Gid la. Men yo t ap remèt an kesyon epi yo t ap diskite avèk gid Bondye te chwazi a, se konsa yo te monte desann nan dezè a pandan 40 an.
Te gen anpil predikatè nan epòk Moyiz. Bondye te chwazi yo pou ede pèp la, paske Moyiz pa t ka fè tout bagay. Men devwa yo se te dirije pèp la sou sa Moyiz te di. Bib la pa di nou anyen sou sa mesye sa yo te di, li jis di nou sa Moyiz te di kòm etan Pawòl la pou gide pèp la.
Lè Bondye te retire Moyiz sou sèn nan, Jozye te òdone pou dirije pèp la, sa ki reprezante Sentespri a jodi a, Jozye pa t preche anyen nouvo, ni li pa t eseye pran plas Moyiz, ni li pa t eseye entèprete sa gid la te di; li tou senpleman li sa Moyiz te di epi li di pèp la: “Rete avèk Pawòl la. Rete avèk sa Moyiz te di”. Li jis li sa Moyiz te di.
Ala yon tip pafè jodi a. Bondye te konfime Moyiz avèk yon Kolòn Dife. Pwofèt nou an te konfime avèk menm Kolòn Dife a. Pawòl Moyiz te pwononse yo se Pawòl Bondye a e yo te plase nan Lach la. Pwofèt Bondye a te pale nan epòk nou an, e Sa te plase sou bann.
Lè Moyiz te retire sou sèn nan, yo te chwazi Jozye pou dirije pèp la epi kenbe Pawòl ke Moyiz te pwononse, devan yo. Li te di yo pou yo kwè epi rete avèk chak Pawòl ke gid Bondye a te pwononse.
Jozye te toujou li sa Moyiz te ekri, Pawòl apre Pawòl, nan woulo yo. Li toujou plase Pawòl la devan yo. Pawòl la pou epòk nou an pa t ekri, men Li te anrejistre pou ke Sentespri a te ka fè Lepouz Li tande sa L te di, Pawòl apre Pawòl, lè w Peze Jwe.
Bondye pa janm chanje pwogram Li. Li se Gid nou an. Vwa Li se sa ki gide e ki ini Lepouz Li jodi a. Nou jis vle tande Vwa Gid nou an, alò ke L ap kondwi nou pa Kolòn Dife a. Se inyon envizib Lepouz Kris la. Nou konn Vwa Li.
Lè gid nou vanse sou chè a, Sentespri a sezi l, e Se pa li menm ankò, men Gid nou an. Li leve tèt li epi li kriye: “Sa Seyè A Di, Sa Seyè A Di, Sa Seyè A Di!” E chak manm Epouz Kris la atravè mond lan vin jwenn li. Poukisa? NOU KONNEN CHÈF NOU JIS FASON LI PALE A.
Gid nou an = Pawòl la
Pawòl la = Vin jwenn pwofèt la
Pwofèt la = Sèl entèprèt diven Bondye a; Gid terès Li a.
Rete dèyè Pawòl la! O, wi, mesye! Rete ak Gid sa. Rete dwat dèyè L. Pa pase devan L, rete dèyè L. Kite L kondwi w, pa kondwi L. Lage ba Li.
Si nou pa vle pèdi, vin tande Gid nou an alò ke Li pral pale atravè gid terès ke L chwazi a Dimanch sa a midi, lè Jeffersonville.
Frè Jozèf Branham
Mesaj:
62-1014E – Yon Gid
Ekriti:
Mak 16:15-18
Jan 1:1 / 16:7-15
Akt 2:38
Efèz 4:11-13 / 4:30
Ebre 4:12
2 Pyè 1:21
Egzòd 13:21