Mesagj: 61-0611 Apokalips Chapit 5 Premye Pati
Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle
Byenneme Sa Yo Ki Adopte,
Ala yon bèl Ivè n ap viv alò ke Sentespri a ap eklere Pawòl Li bay Lepouz la kòm jamè. Bagay ke nou te petèt tande, li epi etidye tout vi nou yo vin devwale kounye a epi revele kòm jamè.
Moun te tann jou sa a menm pandan dè milye ane. Yo tout te anvi tande e yo te priye pou wè bagay ke nou wè e tande. Menm pwofèt nan tan lontan yo t ap tann jou sa a. Jan yo te vle wè akonplisman an e wè Seyè a k ap vini.
Menm disip Jezi yo, Pyè, Jak e Jan, dèzòm ki te mache e ki te pale avè L, yo te anvi wè e tande tout sa ki te kache. Yo te priye pou Sa te revele e manifeste nan jou pa yo, nan epòk yo.
Atravè Sèt Aj Legliz yo, chak mesaje, Pòl, Maten, e Litè, yo te vle konnen tout mistè yo ki te kache. Dezi yo se te pou wè akonplisman Pawòl la pran plas nan lavi yo. Yo te vle wè Seyè a k ap vini.
Bondye te gen yon plan. Bondye te gen yon tan. Bondye te gen yon pèp Li t ap tann…NOU MENM. Atravè laj yo, yo tout te echwe. Men Li te konnen, pa presyans Li, t ap gen yon pèp: Epouz Pawòl Li ki pafè e ki glorye. YO PA T AP DESEVWA LI. Yo pa t ap fè konpwomi SOU YON SÈL PAWÒL. Yo t ap Epouz Pawòl Li ki vyèj e ki pi.
Kounye a li lè. Kounye a se sezon an. Nou se moun ke L chwazi yo ke Li t ap tann depi ke Adan te tonbe e te pèdi dwa li. NOU SE LEPOUZ LI.
Bondye te montre Jan yon apèsi de tout sa ki ta pral pase, men li p at konnen tout siyifikasyon yo. Lè yo te rele l pou monte, li te wè nan men dwat Moun ki te chita sou fòtèy la yon liv ki te kri anndan, ki te sele avèk sèt so, men p at gen pèsonn diy pou louvri liv la.
Jan te rele e t ap kriye avèk anpil lapenn paske tout bagay te pèdi, p at gen espwa. Men louwe swa Letènèl, youn nan ansyen yo te di l: “Pa kriye, paske men Lyon tribi Jida a, Desandan David la, Li reyisi louvri liv la, epi Li lage sèt so yo”.
Sa se te moman an. Sa se te sezon an. Sa se moun ke Bondye te chwazi a pou ekri tout sa l te wè. Men kanmenm, siyifikasyon Sa a te toujou enkoni.
Bondye t ap tann e t ap tann ke veso Li te chwazi a, setyèm anj mesaje Li, vini sou tè a, pou L te ka itilize vwa li pou reprezante Vwa pa L, bay Lepouz Li. Li te vle pale de bouch a zòrèy konsa pa t ap gen OKENN MALANTANDU. Li te vle pale, Li menm, e revele tout mistè L yo bay Lepouz cheri byenneme Li, ki predestine, ki pafè…NOU MENM!!
Jan Li te anvi di nou tout bèl bagay sa yo. Menm jan yon nonm k ap repete ankò e ankò a madanm li ke l renmen li, e ke li menm li p ap janm bouke tande sa, Li renmen repete nou ankò e ankò ke Li renmen nou, ke Li chwazi nou, ke Li t ap tann nou, e kounye a L ap vin chache nou.
Li te konnen ki jan nou t ap renmen tande L k ap di l ankò e ankò, kidonk Li te fè anrejistre Vwa Li, konsa Lepouz Li t ap ka ‘Peze Jwe’ tout jounen, chak jou, epi tande Pawòl Li k ap ranpli kè yo.
Bèl Epouz Li te prepare Tèt Li nan manje Pawòl Li. Nou p ap tande lòt bagay, jis Vwa Li. Nou ka jis konsome Pawòl Pi Li ki te founi ban nou.
Nou anba gwo atant. Nou santi Sa nan nanm nou. L ap vini. Nou tande mizik maryaj la k ap jwe. Lepouz la prèt pou L mache desann ale a. Tout moun kanpe, Lepouz la ap vin rejwenn Epou li. Tout bagay pare. Moman an rive.
Li renmen nou tankou pyès lòt moun. Nou renmen L tankou pyès lòt moun. N ap fè Youn avè L, e avèk tout sa yo nou renmen, pandan tout letènite.
Nou envite pou vin pare tèt nou pou maryaj la avè nou Dimanch a midi, lè Jeffersonville, alò ke nou pral tande Vwa Bondye a k ap revele Apokalips, Chapit Senk Premye Pati 61-0611.
Frè Jozèf Branham