Sitasyon pou jou / Pen chak jou

24-0721

LAFWA OU SOVE OU 54-0411

Frè m ak, sè m yo, mwen bese m tou ba pou m di nou sa epi m p ap p atire oswa eseye gen senpati. Rad sa yo ke m genyen an se rad moun yo ban m. Kostim ki sou mwen an, frè Moore te avè m, e mwen te resevwa li sa fè katran nan peyi Lasyèd. Pè soulye sa a, se madan mwen ki te achte l pou mwen. Mwen gen yon lòt kostim lòt bò a la yo te ban mwen l nan Florida. Yon lòt yo te ban m nan peyi Fenland; gen de mwen te resevwa nan peyi Almay, non se pa Almay, men Annafrik. Se la rad yo soti. Se moun yo ki ban mwen yo. Laplipa nan yo se bagay moun mete deja. Se vre. Mwen te resevwa yon kostim ki soti Kalifòni sa fè senkan depi m ap mete l . E l — e l te genyen sis, a setan depi yo t ap mete l. Men kisa sa fè ? Li ase . Li pat menm genyen sèlman yon sèl rad epi Li te prete tonb yon moun pou L te antere ladann.

Mwen te ka rich si m te pran lajan moun yo te ban mwen . Men mwen vle rete pòv menm jan ak sila yo mwen sot priye pou yo a. Nou se sitwayen Wayòm Bondye a. Mwen pa di sa jis pou di sa. Mwen di sa paske mwen vle ou konnen, zanmi, ke Wayòm Bondye a se pa richès oswa bèl abiman. Se yon kè ki soumèt ak Bondye, se la Bondye aji.

PEN KOTIDYEN
Tout sa Seyè a mande ou, se fè sa ki dwat, epi renmen mizerikòd. Se pou mache enb avèk Bondye ou la. Miche 6:8

24-0720

PÒT KYi MENNEN NAN KÈ A
59-1128

Kounye a, ann gade anndan kè imen sa, pou wè si l gen plizyè pòt alenteryè pòt sa. Bon, moun yo ap di, “Jezi, antre nan kè mwen, paske m pa vle al nan touman lè m mouri. Mwen vle aksepte w kòm Sovè m, men m pa vle W antanke Seyè.”

Bon, genyen tout on diferans. Li ka vin Sovè w e poutan Li pa Seyè pou ou. Lè Li Seyè, Li se Seyè sou tout bagay. Pou chak pati nan ou, Li se Seyè, Li byen akeyi chak kote nan kè w.

PEN KOTIDYEN

Men Mwen kanpe la devan pòt la. M ap frape. Si yon moun tande vwa M, si l louvri pòt la ban Mwen, M a antre lakay li, M a manje ansanm avè l, l a manje ansanm avè M. Apokalips 3:20

24-0718

Rezirèksyon Jezi 56-0405

Bondye pa vle w de movèz imè. Bondye vle w ak kè kontan. Kè lòm te fèt pou l kontan. Enkyetid va lakoz kansè. Move karaktè va lakoz kansè. Piga w janm trakase w. Jis mache nan lanmou Li. Amèn. Konsyan ke w ap mache nan Li, e anyen pa ka deranje w. Pa gen anyen ki ka deranje w. Pa gen ankenn pwisans, ni bagay jodi a, ni bagay k ap vini, anyen pa ka separe nou de Li. Nou nan Li. E nou pa t janm antre ak pwòp volonte pa nou. Se Limenm, ak chwa pa L, ki te seleksyone nou e ki te mennen nou nan Li. Amèn. Kifè se biznis pa L pou L okipe L de sa L te chwazi Limenm. “Pèsonn pa ka rache yo nan men Papa M, paske Li se Sila ki pi gran pami yo tout.” Amèn. Se Papa a k ap okipe L de sa. Kimoun ki gen plis pouvwa pase Bondye? Kidonk ki jan de pouvwa k ap domine sou ou pou okipe l de ou? Tout pouvwa yo nèt ki te kreye linivè. Amèn.

PEN KOTIDYEN
Nou tout pèp yo, bat bravo! Fè lwanj Seyè a! Rele ak kè kontan!
Sòm 47:1

24-0717

POUKISA MOUN YO TÈLMAN AJITE KONSA?
56-0101

Yon kretyen pa ajite. Yon kretyen pa kouri de plas en plas. Yon kretyen pa nan skandal epi li pa nan fè kòlè, epi li pa enkyete l pou bagay. Yon kretyen kè kal. Se fini. Se akonpli, pou kwayan an, sou kalvè a. Se vre. O! Maladi ak desepsyon ka vini, men kretyen an li kè kal, paske l konnen sa, ke Bondye kapab kenbe sa li te akonpli. Li konnen, ke, kèlkeswa jan bagay yo ye ak jan yo ta parèt, pa gen ni maladi, chagren, lanmò, pa gen ni grangou oswa nenpòt bagay, ki ka separe nou de lanmou Bondye ki nan Jezikri. Nou kè kal. Jis kite vye bato a balote jan l vle. Ank lan kenbe fèm.

PEN CHAK JOU AN
Lè sa a, nou pap viv tankou timoun ankò, tankou moun kap chanje lide fasil, ki kite kouran nenpòt moun trennen yo ale, ki tankou jwèt nan men bann rize sa yo ki konn ki jan pou yo pran tèt moun nan bay manti.
Efezyen 4:14

24-0716

KONBAT TOUT BON POU LAFWA KI TE BAY POU SEN YO 53-0614A

Enben frè, se pa lafwa ke w sove. Èske se vre? Men koute. Pou aksepte fwa pa w, Bondye konfime fwa ou ak batèm Sentespri a. Si w di ke ou kwè, e ou pa gen batèm Sentespri a, alò ou pa kwè, sè ke—sè ke—nan jye Bondye fwa ou pa aksepte. Ou gen yon fwa mantal olye de yon fwa ki sot nan kè. Se vre.

Lè w kwè tout bon, Bondye oblije vide Sentespri a sou ou. E si L pa vide Sentespri a sou ou…Ou di, ” Ebyen, mwen gen Sentespri a tou.” Ebyen, si w genyen L, ou oblije kwè nan siy sinatirèl ak mèvèy, paske ou se yon plis pou sa. Sa se lafwa.

PEN KOTIDYEN

Moun ki kwè epi ki batize va sove; men moun ki pa kwè va kondane.
Mak 16:16

24-0715

ENVESTISMAN 63-1116B

Nan Apokalips 3, nou li sa, ke Legliz Lawodise a, nou reprezante youn nan imaj ki pi tris nan tout Bib la, Apokalips 3, nan Legliz Lawodise a. Tout rès legliz yo, atravè Aj Literyen an, epi Sèt Aj Legliz yo, yo chak, yo pat, pale de Jezi tankou Li nan legliz, “ Li se Sila ki nan legliz.” Men nan Lawodise, Li te deyò, ap frape, ap eseye pou retounen anndan. Ala yon bagay terib, sa, “ Pitit Bondye a, ap frape sou pwòp legliz Li , ap eseye pou retounen anndan.”

Men richès mond sa a te fè yo avèg. Se pa sèlman rich nan lajan, men rich nan popilarité, rich nan bagay mond lan, sousi lavi a, jiskaske nou te asosye ansanm, epi moun entelektyèl yo te antre épi yo te retire Grenn sa a, gwo Pèl ki gen pri sa a. Men Bondye te predestine yon pèp pou yo te la; gen moun ki pral la. Men yo refize Li. Yo tout p ap fè l, gen kèk nan yo ki va resevwa L.

PEN KOTIDYEN
Moun ki mete konfyans yo nan Seyè a, yo tankou mòn Siyon an, ki paka brannen, men ki rete djanm pou tout tan.
Sòm 125:1

24-0714

NANM KI NAN PRIZON KOUNYE A 63-1110M

Jezi te deklare ke li pa fè anyen jiskaske Papa a te montre L li. Epi Papa a se Lespri Sen an, nou reyalize sa. Se jis yon fonksyon Bondye a. Si se pa sa, kilès nan
yo de a ki Papa Jezikri? Jezi te di Bondye se Papa l, e Bib la te di Sentespri a se Papa l. Kounye a, ou pa ka fè l vin yon timoun ki ilejitim, kidonk Sentespri a se Bondye, se konsa ke Jezi te Bondye. Kidonk, Bondye, Pè, Fis, ak Sentespri se…Se…Se twa fonksyon yon sèl Bondye. Se twa atribi, menm Bondye a.

Ou se yon pati Bondye, epi mwen se yon pati Bondye, ou wè; men mwen pa tout Bondye a, ni nou pa tout Bondye a. Ou wè? Ou wè? Se atribi Bondye yo sou nou, kòm pitit gason ke Jezikri te adopte a. Ki se, Bondye li menm ki fè L chè, pou L mouri pou nou.

PEN KOTIDYEN
Paske gen twa ki bay temwayaj nan syèl la, Papa a, Pawòl la ak Sentespri a, yo toulètwa dakò ansanm.
1 Jan 5:7

24-0713

61-0827 Mesaj Gras La

Konsa Bondye te dwe vin lòm, e Li te mouri nan chè imen, sou fòm yon nonm ki te rele ” Jezikri,” e sa se te Mesi yo te pwomèt la ki te pote lagras. Men kote ou wè ke Bondye ak Kris se menm Moun lan, Bondye ki abite nan Kris. “Mwen menm ak Papa M nou se Youn, Papa M abite nan Mwen; se pa Mwen ki ap pwononse Pawòl la, men se Papa M ki abite nan Mwen.” Bondye nan Kris! Sètènman.

Yo te pwomèt lagras nan jaden Dedenn lan, e gras la te vini, gras pou Adan ak Èv. Ankenn kote pou ale, ankenn chemen pou vire tounen e poutan lagras te fè yon chemen!

Pèmèt mwen di sa a, zanmi pechè mwen. Ou kapab yon pwostitye la maten an, ou kapab yon moun k ap kouri dèyè fanm la maten an, ou kapab yon tafyatè oswa yon moun k ap jwe jwèt la a, oswa yon asasen. Ou kapab la tankou yon mari enpi, yon madanm enpi. Ou ka pi move pechè. Ou ka di, “Mwen depase etap redanmsyon sa.” Non, ou pa rive la, osinon ou pa t ap nan legliz la maten an. Lagras ap fè yon chemen pou ou nan moman sonb sa a si w ap jis aksepte l. Adan te oblije volontèman aksepte l, ou menm tou. Aksepte l.

Pen Kotidyen

Peche pa dwe domine sou nou: paske nou pa anba lalwa, men nou anba lagras. Women 6:14

24-0712

PAWÒL BONDYE PAKA FAYI 54-0406

Bondye, anvan fondasyon mond lan, te gade atravè kouran tan an pou wè tout bagay ki te ka egziste. Men, Li te ka rele epi eli sa yo ke Li te konnen ke L te ka mete anndan batiman an. Se vre. E si Sentespri a te rele ou epi ba ou yon chans pou antre nan Wayòm Bondye a, ou ta dwe kontan pou sa. Amèn.

Si ou nan Wayòm Bondye a, epi ou se yon pati kò Kris la, remèsye Bondye pou sa. W ap viv lavi a. W ap fè sa ki dwat la. Epi sonje, sa ka koule yon ti kras lè l ap desann, men kite l dijere yon moman. Si ou nan kò Kris la, Li pa gen okenn anpitasyon. Non, kò Li a pafè, li pa bezwen okenn anpitasyon. Amèn. Fiou. Se verite.

PEN KOTIDYEN
Lè Kris ki lavi nou an, va parèt, nou menm tou na parèt avèk Li nan laglwa.
Kolosyen 3:4

24-0711

BONDYE BAY MOYIZ KOMISYON 53-0508

Mwen te tande yon zanmi di lòt jou ke maladi se Seyè a ki bay maladi, ki voye maladi sou nou; se petèt sa si w ap peche. Ou te fè yon bagay ki mal, mete l annòd avèk Bondye. Se sa. Se vre. Men maladi vin de dyab la. E maladi se atribi peche. Akoz peche nou te gen maladi. Pa paske petèt, ou te peche, men se yon bagay ki t ap desann ap travèse jenerasyon yo. Li te menm vizite twazyèm ak katriyèm jenerasyon. Men San Jezikri te wete peche, e Li te wete maladi. Si noumenm les David nou prè pou reklame plas nou…Oui, mesye.

Pen Kotidyen
Se poutèt sa, avèk yon sèl moun peche te antre nan mond lan, e se akoz peche lanmò te antre. Kidonk lanmò vini pou tout moun paske tout moun peche. Women 5:12

24-0710

FOUYE ANPIL GWO TWOU NAN FON RAVIN NAN 56-0728

Montre m zanmi w, m ap di ou ki moun ou ye. Kite m antre anndan lakay ou. Kite m wè kisa ki depoze sou tab la. Kite m wè kisa ki make nan Bib sa a. Kite m wè vye magazin sa yo. Kite m koute kijan de mizik w ap tande nan radyo ou. Kite m wè kijan de foto ou gen lakay ou. M ap di ou a kisa ou fabrike. Wi, mesye. Se sa ki nouri nanm ou. Kèlkeswa sa temwayaj ou ye, fwi ou ap pwouve ki moun ou ye. Se vre.

O, se verite. Nanm ou ap nouri ak yon bagay. E kèlkeswa karakteristik nanm ou, se sa ki va— ki va manifeste. Se rezon sa a ki fè Jezi te di, “ Ak fwi yo ou va konnen yo.”

PEN KOTIDYEN
Konsa tou, na rekonèt fo pwofèt yo sou sa y ap fè.
Matye 7:20

24-0705

NAN PREZANS LI 62-0909E

Gade ti pwostitiye sa a anba la jou sa a nan Samarie, fanm sa a. Mantal li ak fizik li te nan move eta. Nou konnen sa. Men menm kote li te wè siy sa a te akonpli, siy Mesi a, li te di, “ Nou konnen Mesi a gen pou l vini pou L fè bagay sa yo. Ou dwe se pwofèt Li a.”

Li te reponn, “ Mwen se Mesi ke yo te ekri ki gen pou vini an.”

Li te rekonèt sa. Li pa janm pose yon kesyon anplis. Li te kòmanse vit pran responsabilite l, paske l konnen ke si l te jwenn sa epi li antre nan Prezans Bondye, li te responsab pou l pale ak lòt moun yo de sa. Alelouya ! Se vre. Nenpòt moun ki antre nan Prezans Bondye gen responsabilite devan Bondye, apati de minit sa a, pou l pale a yon lòt moun. Gade Abraham, gade Moyiz, gade Pyè, gade Pòl. Nan moman ke yo te antre nan Prezans Bondye, yo te rekonèt ke yo te “ pechè”, epi yo te sele temwayaj yo ak vi yo. Gade ti dam lan, li pat ka rete ankò, Li te ale nan vil la pou l te pale ak mesye yo, “ Vin wè Nonm lan ki te di m bagay m te fè yo. Èske se pa Mesi a ?” yo pat ka nye L, paske Sa te daprè Ekriti yo. Sètènman. Wi, yo te dwe fè l, yon nonm, lè nou gen responsabilite pou n di lòt yo tankou Moyiz te fè, tankou Pyè te fè, tankou Pòl te fè. Aprè bagay sa yo, nou wè L epi nou antre nan Prezans Li, nou gen responsabilite pou ke Mesaj la al jwenn yon lòt moun. Ou jis paka rete chita avèk Li. Ou dwe pran L pou bay yon lòt moun.

PEN KOTIDYEN
Epi Li di yo, ale toupatou sou latè, anonse Bòn Nouvèl la bay tout moun.
Mak 16:15

24-0702

Kisa W Tande Eli?
59-0412E

Se pa toujou bagay ki ap fè bri yo ki se gwo bagay. Se pa bagay ki ap fè bri yo. Yon charyo ka soti pral nan chan an; lè li vid l ap vòltije, ak sote, pou fè yon bann bri, epi retounen pase sou menm bit sa yo chaje ak bon bagay, epi pa menm fè kwik. Enben, li chaje. Sa legliz bezwen aswè a se pou li chaje, ranpli ak lanmou Bondye.
Solèy la ka aspire yon milyon galon dlo ak mwens bri ke lè nou kapab pou ranpli yon vè apati de yon ponp. Se vre. Syèl la—la ka voye lawoze sou tout tè a ak mwens bri ke ou pou w wouze gazon devan kay la. Sètènman. Èske w janm tande planèt yo lè y ap tounen? Gwo bagay se bagay ki trankil.
Obsève Sentespri a lè Li vini aswè a, jan Li kalme tout bagay. Men n ap kouri dèyè emosyon, n ap kouri dèyè ti bagay, pou ap echwe koute vwa sa a.

Pen Kotidyen
Seyè a kanpe nan kay ki apa pou Li a. Se pou tout moun sou latè pe bouch devan Li. Abakouk 2:20

24-0701

INYON ENVIZIB LEPOUZ KRIS LA 65-1125

Bondye byenneme, nou rasanble solanèlman kounye a, se vrèman yon jou aksyon de gras, Seyè. Mwen rekonesan, Seyè, ke m ap viv nan jou jodi a. Se pi bèl jou. Apot Pòl te anvi wè jou sa a anpil. Gran mesye tan lontan yo te anvi wè l anpil. Pwofèt yo te anvi wè l anpil. Yo t
ap tann jou sa a. Abraham t ap tann jou sa a, paske li t ap chache yon Vil kote Achitèk epi Konstriktè a te Bondye; li pandye jis anlè nou, aswè a. Jan te wè Lespri Bondye a desann sot nan Syèl la, li rann temwayaj, li te konnen ke se te Fis de Dye a. Epi, panse kounye a, L ap chwazi
Epouz Li a.

Bondye byenneme, toupatou nan peyi a, pale avèk kè yo. Se Ou sèl ki ka chanje kè yo. Si pat gen Semans ki te plase nan kòmansman an, yo pap janm wè L, Seyè. Yo jis… “Avèg la pral kondwi avèg la. Yo pral tonbe nan twou a”, se sèten, paske Pawòl Ou di l.

PEN KOTIDYEN
Antre nan Tanp Li, di L mèsi. Antre kote ki apa pou Li a, chante pou Li. Wi fè lwanj Li, di L mèsi.
Sòm 100:4

24-0629

BONDYE KENBE PAWÒL LI 57-0407M

Fwa mwen repoze sou woch solid sa. Pa gen anyen k ap janm brannen w lè w akoste w Kote sa. Tanpèt ka sekwe l epi frape l, men ank bato a akoste nan vwal la. Lè yon nonm ou yon fanm byen akoste e aksepte l. Pa gen anyen k ap janm brannen w soti kite l.

Jis menm jan se te tan delivrans pou yo, epi yo te echwe pou wè l, kidonk se tan delivrans lan, mo dòd pou Legliz la ki anmach la. Li trè pwòch.

Gade, zanmi mwen. Kisa yo te genyen? An premye, Pawòl la. An dezyèm, yon pwofèt. An twazyèm, yon Anj pou kondui yo, pou gide yo. Yo chak te dakò youn ak lòt la. Yo tou lè twa. Pawòl la te dakò ak pwofèt la; e pwofèt la te dakò ak Pawòl la; e Anj lan te dakò ak tou lè twa, yo tout. Pawòl la; pwofèt la; yon Anj! Yo te pare pou mach la.

O, ke Non Seyè Bondye a beni! Nou nan fen tan an; Pawòl la, pwofèt la, ak Anj lan, yo tou lè twa ansanm, yon sèl gwo temwayaj. Bondye toujou di, “nan bouch de ou twa temwen, ke chak pawòl tabli.” E yon vrè pwofèt ap toujou dakò avèk Pawòl la; e nenpòt Anj lan ap temwaye Laverite. Amèn. Nou pare pou resevwa lòd pou mach la. Sèten.

Pen Kotidyen
Men sila ki aksepte avètisman ap delivre nanm li.
Ezekyèl 33:5

24-0628

BONDYE PUISAN DEVWALE DEVVAN NOU 64-0629

E se sa Bondye te fè. Li — Li te chanje tèt Li, soti nan Jewova Bondye, pou L vin tankou youn nan nou, pou L te ka soufri, pou L te ka goute lanmò, pou L te ka konnen kisa pikan lanmò te ye, epi pou L te ka pran pèn kapital lanmò a sou Li. Li te mete sou kote kouwòn Li— Li a epi ròb Li a, pou L te vin tankou youn nan nou. Li te lave pye avèk— avèk moun ki enb yo. Li te abite nan tant, avèk pòv yo. Li te dòmi nan bwa epi nan lari, avèk sa yo ki te defavorize. Li te vin tankou youn nan nou, pou L te ka konprann nou pi byen, epi pou nou te ka konprann Li pi byen.

PEN KOTIDYEN
Se konsa, Li te fèt pou L te vin tankou frè L yo sou tout pwen, pou L te ka sèvi yo tankou yon granprèt ki gen anpil pitye pou yo, k ap fè sèvis li byen devan Bondye, pou ofrann li fè a ka fè Bondye padonnen peche tout pèp la. Kounye a, Li ka pote sekou bay tout moun ki anba tantasyon, paske Li menm tou Li te pase anba tantasyon, Li menm tou Li te soufri.
Ebre 2:18

24-0627

KONVENKI EPI KONSÈNE 62-0610E

Mwen konvenki ke Li se menm yè , jodi a, ak pou tout tan. Mwen konvenki, ke ministè epi mesaj la, ke m ap preche a, mwen konvenki ke se Laverite. Mwen konvenki ke vizyon sa yo soti nan Bondye. Mwen konvenki ke n ap viv nan dènye jou yo. Mwen konvenki ke menm Lespri sa a ki sou mwen an kounye se Sentespri. Glwa!

Mwen totalmman konvenki. Mwen konvenki ke fason Sentespri a bon. Mwen konvenki ke fason Bib la se Laverite. Mwen konvenki ke Sa se Jezikri ki isi a kounye a. Mwen konvenki. Si nou kwè Li nan minit sa a, mwen konvenki ke Li ka geri chak moun malad nan yon moman, nan yon bat je. Mwen konvenki ke L ka devèse Sentespri isi a, jouk gen yon rèl , ke l ap difisil pou di sa k ap pase.

Mwen konvenki. M kwè l ak tout kè m.

PEN KOTIDYEN
Li se wòch mwen ak sali mwen. Se Li ki tout defans mwen, Li p ap janm kite anyen rive m. Sòm 62:6

24-0626

MESAJ POU LEGLIZ LAWODISE A 58-0609

E m byen panse ak sa, ke anpil fwa legliz la, pandan li relache la a, li kòmanse ap fè bagay, e m panse bagay yo, e-e m pran bagay yo jan yo ye a, lè nou oblije peze sou sa nou fè ep sou sa nou di. Nou dwe reflechi sou li anvan nou pwononse l.

Vye manman m ki soti nan sid te konn abitye di m, “ reflechi de fwa epi pale yon fwa.” se ti bagay yo, kèkfwa, nou pa fin fè, ki vle di yon pakèt bagay pou nou. Nou tèlman prese pou n vare sou bagay ki nan aj nevroze sa a ke n ap viv ladann lan. Sa ta pran nou, kòm legliz Bondye a aswè a, pou n kanpe epi tann yon minit, pou wè ki kote nou ye.

PEN KOTIDYEN
Pran prekosyon nou, pa kite banbòch, bweson ak traka lavi sa a chaje tèt nou pou jou a pa rive sou nou lè n pa ta kwè.
Lik 21:34

24-0613

NOU TE WÈ ZETWAL LI A EPI NOU VINI POU N ADORE L 63-1216

Kèkfwa nou panse ak sa, ak fado nou yo. M ka mete sa drèt isi a la, ke, nou panse ke fado nou yo sitèlman lou kèk fwa, ke pa gen anyen nan mond lan ki menm jan avè l. Èske nou konnen ke tout bagay bon pou nou? Yo tout la pou yo pase nou nan moul, fasone nou. Pwofèt ak saj yo te pase nan moul ki dèyè dezè a, nan chalè a, blaze nan solèy a, atravè tribilasyon ak eprèv, epi pèsekisyon. E bagay sa yo ke nou gen jodi a, pagen anyen ki rive nou ki pat rive lòt Kretyen yo, anvan. Lòt Kretyen yo te kanpe nan lè tenèb konsa, e menm yo te bay lyon manje, pou temwayaj yo.

PEN KOTIDYEN
Paske lafwa nou se tankou lò li ye. Yo oblije pase lò a ki yon bagay perisab nan dife pou wè si l bon. Konsa tou, lafwa nou ki gen plis valè pase lò a gen pou pase anba eprèv tou, pou nou ka resevwa lwanj, onè ak respè lè Jezikri va parèt.
1 Pyè 1:7

24-0612

KONFIMASYON AK PRÈV 62-0621E

Sonje, ke nou pa dwe vin legliz pou fè jwèt relijyon. Nou pa dwe vini, jis, pou fè yon ak relijye pou n ale legliz, nou dwe vini pou n adore nan Lespri epi nan verite, nou dwe sensè nan fon kè nou, nou dwe vrèman panse ak sa nou vin fè isi a. Jou yo vin move, tan an move epi nou vle— nou vle fè chak minit konte espesyalman lè nou anndan kay Seyè a.

PEN KOTIDYEN

Jezi te reponn li, wete kò sou Mwen Satan. Paske men sa ki ekri, se Mèt la Bondye ou pou adore, se Li menm sèl pou ou sèvi. Matye 4:10

24-0605

MWEN KONNEN REDANMTÈ M NAN VIVAN 58-0406S

Se objektif Bondye pou L ba nou Sentespri beni a. Se objektif Bondye pou L montre nou siy yo epi mèvèy yo ak mirak yo. Se objektif Bondye, epi anyen paka detui l. Tout pouvwa ki nan lanfè ka mize kont li, men l ap domine. Nou gen pwomès Etènèl Bondye a. Ka gen anseyan yo, ka gen ism yo k ap parèt, ka gen gwo pwogram k ap parèt, ka gen bagay ki sanble ki ta detui, men li ka pa janm detui. Se objektif Bondye pou L wè ke l ap domine. Kidonk, sa pa depann de mwen, epi sa pa depann de ou, si l ap detui osinon l p ap p detui. Sa depann de Bondye. E nou ka gen asirans sa a, ke Bondye p ap janm kite eritaj nou an detui, paske se objektif Li pou L ba nou li.

PEN KOTIDYEN
Se Seyè a Li ye, l ap fè tout sa Li wè ki bon.
1 Samyèl 3:18

24-0604

SIPOZE 62-0408

Piga sipoze, rete ak Pawòl la. Pa asepte okenn lòt bagay ki diferan, rete egzakteman ak Sa Bondye di pou rete avèk li a, rete ak Pawòl la. Amèn. Bondye gen obligasyon, Bondye gen obligasyon anvè Pawòl Li, epi si Pawòl la nan ou, Li gen obligasyon anvè ou ak Pawòl Li. Men lè ou aji tankou Èv, ki te doute yon ti kal ladann L epi deplase yon bagay pou ranplase l, ou tout elimine, menm kote a. Rete ak Pawòl la. Ann pa sipoze anyen, ann jis pran Sa Pawòl la di epi kwè L. Èske nou va fè sa ?

PEN KOTIDYEN
Pa bliye kò nou. Kenbe fèm nan lafwa. Mete kouraj sou nou. Pa montre nou fèb. 1 Korentyen 16:13

24-0603

MWEN KONNEN REDANMTÈ M NAN VIVAN 58-0406S

Se objektif Bondye pou L ba nou Sentespri beni a. Se objektif Bondye pou L montre nou siy yo epi mèvèy yo ak mirak yo. Se objektif Bondye, epi anyen paka detui l. Tout pouvwa ki nan lanfè ka mize kont li, men l ap domine. Nou gen pwomès Etènèl Bondye a. Ka gen anseyan yo, ka gen ism yo k ap parèt, ka gen gwo pwogram k ap parèt, ka gen bagay ki sanble ki ta detui, men li ka pa janm detui. Se objektif Bondye pou L wè ke l ap domine. Kidonk, sa pa depann de mwen, epi sa pa depann de ou, si l ap detui osinon l p ap p detui. Sa depann de Bondye. E nou ka gen asirans sa a, ke Bondye p ap janm kite eritaj nou an detui, paske se objektif Li pou L ba nou li.

PEN KOTIDYEN
Se Seyè a Li ye, l ap fè tout sa Li wè ki bon.
1 Samyèl 3:18

24-0602

YON LÒT FWA ANKÒ SEYÈ 63-0120E

Bondye te leve legliz byen wo pou l te yon fa, Li te ba l pouvwa Li , pou geri malad, resisite mò, chase demon yo, viv yon vi ki sen, preche Levanjil, manifeste L, men nou kòmanse glise anndan epi nou ouvè baryè yo.

Nou te pran move egzanp yo. Medam yo aji menm jan ak madan pastè a. Pastè a kite l fè sa l vle, koupe cheve, mete nenpòt rad sexi sou li, li pa janm reprimande I. Epi lòt medam di, “ si sè entèl ka fè sa, m ka fè l tou.” Piga pran sa pou egzanp ou. Wè ? Bondye di ou kisa pou fè, rete avèk Sa.

PEN KOTIDYEN
Bondye pa rele nou pou nou viv yon vi ki pa pwòp. Men Li rele nou pou nou viv yon vi ki sen.
1 Tesalonisyen 4:7

24-0601

EBRE CHAPIT SÈT DEZYÈM PATI 57-0922E

E nou menm avèk tanperaman ki tankou yon lam si, ki toujou ap krache nan bouch moun, ki paka fè rezèv, ak bagay konsa. Se pou n pridan. Ou koupab si ou di yon mo kont frè ou ki pa dwat, ki pa jis, k ap mache pou detui l. Ou pa oblije ba yon moun yon kout kouto nan do pou touye l. Ou ka detui karaktè l pou touye l, touye enflyans li. Pale kont pastè ou isi a, di yon bagay mal sou li, ou te ka jis tire sou li tou. Rakonte yon bagay ki pa dwat sou li, bon, sa pral touye enflyans li sou moun yo ak bagay konsa, e ou koupab de sa. Se sa Jezi di.

PEN KOTIDYEN
Kèk solda tou mande L, “ E nou menm kisa pou nou fè ? ” Li reponn yo, “ Pa fè brital ak pèsòn. Pa fè manti sou pèsòn pou pran lajan nan men yo.
Lik 3:14

24-0530

DYE AJ MOVE SA A 65-0801M

Men, nan obeyisans, ti Fanm lafwa sa a, ki viv pa lafwa, Epouz la; yon moun isi a; yon moun la a, yonn  isit la,  yonn lòt kote, yonn nan  lòt egliz, yonn nan  lòt denominasyon, pe enpòt, nan kèk… Li kwè Pawòl Bondye a, Li obeyisan, L ap tann avèk lanmou, ke pwomès aj la konfime. Lap tann sa a. Li fè pati de Pawòl sa a, epi L ap tann ke vi Li manifeste Pawòl sa a.

Frè m yo, èske nou pa ka wè sa? M espere ke li pa pase anlè tèt nou. 

Kò a ap tann (ki se Pawòl la), ap tann ke Lavi ( ki se Lespri a) vin konfime L, oubyen 

fè L vivan. Se sa Lap tann. Okenn lòt vi pa ka aji nan Li. Pa gen okenn lòt mwayen pou L vini a lavi. Poutan, Li santi l lòt bò a, epi Li konnen ke sa pral rive; epi men lap vini, epi Li leve. Bondye di: “Se pou l fèt”, epi Li parèt menm jan premye a te parèt.

PEN KOTIDYEN

Ann fè kè nou kontan. Ann kontan anpil. Ann chante pou Li. Paske, lè a rive kounye a pou fete maryaj Ayo a. Lamarye a pare. 

Apokalips 19:7

An Independent Church of the WORD,