N’ANUM ASƐM ƐNNƐ DA YI

Quote of the Day
February 19, 2026

BONDYE PAP RELE LÒM AN JIJMAN SAN L PA AVÈTI L DABÒ 63-0724

Tout sa Bondye vle w fè, fè sa nan pibon fason w konnen pou fè l la. Kèlkeswa jan l piti, menm si se yon ti bagay li ye, ou dwe fè l.

Ou di: “Ebyen…” Pwoblèm nan, se, chak moun vle fè travay lòt la. Nou tout vle pote boul la, jan nou konn di l la, ou wè.

Tankou mont sa a la a, kounye a, chak ti mouvman la a gen plas li. Epi, chak pati nan mont lan pa ka zegwi yo. Kounye a, m sèlman gade zegwi yo pou wè ki lè l ye. Men, si youn nan ti wou yo ki la a tonbe an pann, sa p ap bay bon lè a.

E se konsa sa ye ak moun yo. Nou tout, ki nan kò Kris la, dwe rete an amoni, nan pozisyon nou. Ou wè? Lè sa a, nou ka gade ozalantou epi wè ki lè nan jounen an li ye. Ou wè? Alò mond lan ap chèche wè kisa l ye. Ou wè? Ou wè? Sèlman y ap obsève w. Kidonk, si ou se jis yon ti resò, resò prensipal la, oswa kèlkeswa sa w ye a, fè pibon travay ou ka fè pou sa.
PEN KOTIDYEN
Nou tout k ap sèvi Seyè a, se pou nou renmen L. Wi, Seyè a pwoteje tout moun ki kenbe fèm nan Li. Men, se pa ti pini l ap pini moun k ap vante tèt yo.
Sòm 31:23

An Independent Church of the WORD,