Pak 2026

Byenneme Sitwayen Wayòm lan,

Pak sa a pwomèt pou L pi bèl Pak Lepouz la te janm genyen. Nou rete nan Prezans Pitit la, ap vin pi mu, ap rekonèt kiyès nou ye. Plenitid Jezikri ap manifeste lakay nou chak, alò ke Pawòl Li, Vwa Li, ap kriye, de Èg an èg, pou rele nou nan Soupe Maryaj nou an.

Chak ane nan peryòd sa a, Lepouz la ap tann avèk anpil antouzyas wikenn Pak la k ap vini an. Yon moman kote Li pral ini nou, toupatou nan mond lan, pandan kat jou san rete, pandan n ap adore Li, remèsye Li, epi louwe Li; paske Li resisite, epi L ap viv lakay nou chak. Epou a ak Lepouz la vin fè YOUN.

Li ban nou tan espesyal sa a pou nou fèmen tout bagay nan mond lan ki antoure nou epi tou senpleman pase tan avèk L. Okenn distraksyon mond sa a, alò ke n ap kreye pwòp mond pa nou avè L. Nou fèmen pòt nou yo, nou etenn tout aparèy elektwonik nou yo ak tout lòt bagay ki ta ka distrè nou de Li.

Pi gwo dezi nou se pwoche pi pre Li. Nou vle viv yon vi ki pi devwe ba Li, pou nou toujou nan volonte pafè Li. Pou nou pare pou lè L ap Vini. Pa gen anyen nan mond sa a, oswa nan lavi nou, ki pi enpòtan pase sa.

Li ban nou okazyon espesyal sa a pou nou tou senpleman pase tan avè L, pou nou pale avè L epi medite sou Li. Pou nou antre nan prezans Li epi ouvri kè nou ba Li. SA PRAL CHANJE LAVI LEPOUZ LI!

Li konnen sa ka difisil pou nou menm ki gen timoun, fanmi, ak lòt obligasyon, men si nou itilize chak segonn lib nou genyen pou nou pale avè L, pou nou pwoche bò kote L, pou nou ouvri kè nou ba Li, pral gen yon chanjman tèlman gwo nan relasyon nou avè L, ke nou p ap janm menm jan an ankò.

Menm jan Li te fè nan epòk Moyiz la, lè L te mennen pitit Li yo lakay yo, yo te aplike san an epi yo t ap prepare pou Egzòd yo a; se menm bagay la tou pou wikenn Pak espesyal sa a ke Li te prepare pou lakay nou chak.

JEDI

Se te Jedi swa lè Seyè Jezi te pran Dènye Soupe a avèk disip Li yo, pou komemore Pak la anvan egzòd pitit Izrayèl yo. Ala yon bèl opòtinite nou genyen pou nou kominike avèk Seyè a lakay nou anvan wikenn sakre sa a, pou nou mande L pou L padone peche nou yo epi pou L ban nou tout sa nou bezwen pou vwayaj nou an.

Papa nou ki nan Syèl la, nou gen rekonesans pou sa, yon lòt moman pou nou rasanble ansanm, sou bò kote Etènite sa. E maten an n ap chache renouvle fòs ki vin de Oumenm, pou ban nou kouraj pou vwayaj la ki devan nou. Nou rasanble tankou timoun Ebre yo byen bonè le maten, pou ranmase lamann ki te founi pou yo pandan lanwit, pou soutni yo pandan jounen an. Nou rasanble pou Lamann espirityèl, maten an, pou ban nou fòs pou vwayaj la.

Annou kòmanse a 6:00 PM lè lokal nou a pou nou koute Kominyon 62-0204; apre sa, pwofèt la ap gide nou nan sèvis espesyal Kominyon avèk Lavman Pye nou yo nan fen bann lan, ki pral jwe sou aplikasyon Lifeline lan (an Anglè), oubyen nou ka tou telechaje reyinyon an an Anglè oswa nan lòt lang lè nou klike sou lyen ki anba a.

VANDREDI

Ann priye avèk fanmi nou a 9:00 a.m. epi ankò a midi, pou nou envite Seyè a pou L avè nou epi pou L ranpli kay nou yo avèk Sentespri a alò ke n ap konsakre tèt nou ba Li.

Se pou panse nou retounen a jou sa a sou Kalvè a, sa gen anviwon 2000 ane, epi se pou nou wè Sovè nou an pandye sou kwa a. Ann sonje gwo pri Li te peye pou nou. Li te Pitit Bondye a ki san peche, men Li te oblije soufri jan okenn lòt moun pa t ka soufri, paske peche nou yo te tonbe sou Li.

Li te oblije voye L nan lanfè, kondane (Wè?), paske Li te pran peche nou yo. Epi Kris pa t mouri jis; Kris te mouri kòm yon pechè. Wè? Kris Li menm pa t janm peche, men Li te pran peche nou yo sou tèt Li.

Apre sa, a 12:30 PM, ann rasanble lakay nou pou nou koute: 57-0419 Chedèv La.

Annou ini ankò nan lapriyè touswit apre reyinyon an, pou komemore krisifikasyon Seyè nou an.

SAMDI

Annou tout ini ankò nan lapriyè a 9:00 AM epi a midi, epi prepare kè nou pou gwo bagay ke Li pral akonpli nan mitan nou.

Mwen ka tande L ki di: “Satan, vin isit!” Se Li menm ki Bòs kounye a. Lonje men L, rache kle lanmò ak lanfè ki te pandye nan senti l, epi Li kwoke l nan Pwòp senti pa L. “Mwen vle fè w yon anons. Ou gen ase tan depi w ap blofe. Mwen se Pitit Bondye vivan an ki fèt nan yon vyèj. San Mwen toujou mouye sou kwa a, epi tout dèt la fin peye! Ou pa gen okenn dwa ankò. Ou dezabiye. Ban M kle sa yo!”

Apre sa, a 12:30 PM, nou tout pral rasanble pou koute PAWÒL la: 57-0420 Mete Nan Tonm Lan.

Ala yon JOU MEMORAB sa pral ye pou Lepouz Li atravè lemond.

Apre sa, annou reyini ansanm nan lapriyè touswit apre sèvis la.

DIMANCH

Premyèman, annou leve bonè, jan Frè Branham te fè nan maten an lè ti zanmi wouj gòj li a te reveye l a 5:00 AM. Annou senpleman di Seyè a mèsi dèske Li te resisite Jezi soti nan lanmò:

Vè senkè maten an, ti zanmi m nan ki gen pwatrin wouj te vole nan fenèt la e li reveye m. Te sanble tankou ti kè l t ap eklate, li di : “Li resisite.”

A 9:00 a.m., annou ini ankò pou fòme chèn priyè nou an, pou nou priye youn pou lòt epi prepare pou nou koute Vwa Bondye a.

A 9:30 a.m., nou pral rasanble pou nou koute Mesaj Pak nou an: 65-0418M, Se Leve Solèy La.

A midi, n ap leve vwa nou ba Li pou nou di L mèsi pou Pwisans ki bay Lavi a.

A 3:00 PM, annou ini ankò nan lapriyè pou nou di L mèsi pou BÈL WIKENN LI BAN NOU AVÈ L EPI AVÈK LEPOUZ LI ATRAVÈ LEMOND.

Pou frè ak sè m yo k ap viv aletranje, tankou ane pase a, m ta renmen envite nou vin jwenn nou nan lè Jeffersonville pou tout lè lapriyè ki nan orè sa a. Sepandan, m konnen ke koute Bann yo nan lè Jeffersonville Jedi, Vandredi ak Samdi apremidi ta trè difisil pou pifò nan nou, kidonk tanpri pa ezite koute Mesaj sa yo nan yon lè ki bon pou nou. Sepandan, m ta renmen nou tout reyini ansanm Dimanch a 9:30 a.m. lè Jeffersonville pou nou koute Mesaj Dimanch nou an ansanm.

M ta renmen envite nou menm ak pitit nou yo pou nou patisipe nan pwojè Kreyasyon yo, nan jounal pèsonèl, e nan resèt yo, ke tout fanmi nou ka jwi ansanm. Nou panse ke nou pral renmen yo paske yo tout baze sou PAWÒL la ke nou pral koute wikenn sa a.

Pou orè wikenn nan, enfòmasyon sou kijan pou prepare sèvis Kominyon an, materyèl ki nesesè pou pwojè Kreyasyon yo, ak lòt enfòmasyon, tanpri gade lyen ki anba yo.

Ann etenn telefòn nou yo pou wikenn Pak la, eksepte pou pran foto, pou koute Sitasyon Jou a, epi pou jwe bann yo avèk aplikasyon The Table la, aplikasyon Lifeline la, oubyen lyen telechajman an.

Se yon gwo onè pou mwen pou m envite nou menm avèk fanmi nou pou vin jwenn Lepouz la, kèlkeswa kote nou ye nan mond lan, pou yon wikenn plen avèk ADORASYON, LOUWANJ E GERIZON. Mwen kwè tout bon vre sa a se yon wikenn ki pral chanje lavi nou pou tout tan.

Frè Jozèf Branham