Mesagj: 65-0221M Maryaj Ak Divòs
Byenneme Lepouz Ki Chwazi, Eli, E Predestine:
M sonje, lè m te jèn gason, m t ap eseye chwazi yon bann pou m koute. Alò ke m t ap li tit yo, m te toujou panse, “M p ap koute ‘Maryaj ak Divòs’ paske sa pa konsène m; li sèlman konsène moun marye yo.”
Epi yon jou, pandan m t ap koute “Maryaj ak Divòs,” Papa nou te bann m Revelasyon Mesaj sa a. Onksyon Li te antre nan kè m. Li pale avè m. Mesaj sa a SE pou mwen. Li di m ke Li te chwazi m anvan fondasyon mond lan. Sa a se seremoni maryaj mwen an. Mwen pa vle pèsonn lòt ke Li menm. Mwen sensè e fidèl avèk Li menm, epi avèk Pawòl Li e Vwa Li, SÈLMAN. Nou fè YOUN.
Anfèt, Mesaj sa a te adrese a anpil frè ak sè ki te marye epi ki te divòse kounye a, epi Li t ap di yo sa yo ta dwe fè; men te gen yon siyifikasyon ki te pi KONPLÈ EPI PI GWO, pi gran, pi pwisan.
Te gen yon sèl Mari, epi Li t ap rele epi Li t ap adrese L ak anpil nan Lepouz Li ke L te chwazi. VWA BONDYE A T AP RELE LEPOUZ PAWÒL LI KI VYÈJ, KI PI, KI SAN MELANJ. Youn ke yo pa t manyen e ke lèzòm pa t souye. Youn ki vre epi fidèl a Li menm e a Pawòl Li sèlman. Youn ki te konplètman satisfè avèk Li menm e Vwa Li.
Pa Gras Li avèk Mizèrikòd Li, nou kapab afime kounye a, san okenn dout, ke NOU SE LEPOUZ PAWÒL LI KI VYÈJ. GLWA!!
Li te vle asire ke pa t ap gen okenn anbigwite konsènan apèl Lepouz Li a; se poutèt sa, Li vini Li menm epi Li te viv sou fòm imen pou revele Pawòl Li epi rele Lepouz Li a vin jwenn Li. Li te Elyezè la ki t ap chwazi pwòp Lepouz Li.
Pou asire L ke pa gen okenn konfizyon sou ki moun ki t ap fè lakou avè nou, Li konfime Li menm sèvitè Li te chwazi a lè l te pale avè l nan yon toubiyon ki te pandye nan yon pyebwa. Apre sa, Li te pale avè l yon fason vizib, bò Rivyè Ohio a, devan plizyè milye moun.
Li te menm kite yo pran foto L avè l pou l montre epi di mond lan: “MWEN TE DI NOU MWEN T AP RETOUNEN EPI VIV NAN LACHÈ. SE LI MENM MWEN CHWAZI POU M VIV LADAN L, POU L RELE NOU POU NOU VIN MADANM MWEN. SE PA LI MENM; SE MWEN MENM K AP PALE ATRAVÈ LI. MWEN SÈLMAN ITILIZE VWA LI POU L KA VWA PA M POU NOU. SE MWEN MENM KI TE RELE NOU EPI K AP MENNEN NOU NAN PÈFEKSYON POU NOU KA VIN MADANM MWEN KI PAFÈ.”
Revelasyon Mesaj Sa a, Pawòl Li, Vwa Li, epi kounye a Kiyès NOU YE A, pa ka eksprime avèk pawòl moun. M konnen nou konprann egzakteman sa m vle di. Lafwa pou Anlèvman an ap fèt. Lepouz la ap prepare Tèt Li lè L chita nan prezans Bondye Li menm, pou L vin pafè.
Ala yon opòtinite pou mond lan tande Vwa Bondye k ap pale avèk yo, pou yo chita epi koute, Pawòl apre Pawòl, alò ke L ap pwononse epi revele Pawòl Li, epi L ap di nou kiyès nou ye. Pa gen anyen tankou chita nan prezans Li, kidonk vin jwenn nou Dimanch sa a midi, lè Jeffersonville, alò ke n ap koute L ap preche bay Lepouz Li, Mesaj la: “Maryaj ak Divòs” 65-0221M.
Frè Jozèf Branham
Ekriti pou li anvan nou tande Mesaj la:
Matye 5:31-32 / 16:18 /19:1-8 / 28:19
Akt 2:38
Women 9:14-23
1 Timote 2:9-15
1 Korint 7:10-15 / 14:34
Ebre 11:4
Apokalips 10.7
Jenèz chapit 3
Levitik 21:7
Job 14:1-2