26-0222 Yon Nonm K Ap Sove Kite Prezans Seyè A

Mesagj: 65-0217 Yon Nonm K Ap Sove Kite Prezans Seyè A

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Ti Mouton,

Ala yon onè ak yon privilèj pou nou di: “Nou se Ti Mouton Bondye yo, li te voye setyèm mesaje zanj Li pou rele yo epi pou nouri yo avèk Lamann Li te sere a.”

Nou satisfè e nou kwè ke Mesaj sa a se Vwa Bondye voye pou pèfeksyone Lepouz Li. Nou kwè ke pay la ap separe ak ble a, e kounye a, Lepouz Li ap repoze nan Prezans Fis la, ap PEZE JWE pou l miri.

E se pou sa nou isit la, zanmi, rete nan prezans Fis la jiskaske ti gwoup moun isit la, jiskaske li vin tèlman mi pou Kris la, li vin tounen pen sou tab Li a. Se sa mwen vle l fè.

Nenpòt moun ki pa kwè ke PEZE JWE epi tande Vwa Bondye a ki konfime a pale se Vwa ki pi enpòtan ou dwe tande a, se yon moun k ap kouri lwen prezans Seyè a.

Ou dwe fè fas ak li, oswa fè yon bagay avèk li. Ou gen yon responsablite, tout moun genyen l, epi ou dwe fè fas ak bagay sa yo.

Jan sitasyon sa a vre e enpòtan pou jodi a. Gen anpil divizyon pami moun Bondye rele yo. Èske li pi esansyèl pou jwe bann yo nan legliz pou tande Vwa Bondye, oubyen èske li pi esansyèl kounye a pou ministè a preche Pawòl la?

Bondye rele epi Li plase ministè a isit la pou kenbe Pawòl la devan pèp la. Yo se Bèje. Pawòl la anseye sa. Yo dwe respekte epi onore kòm moun Bondye rele epi plase.

Nou pa ka, e nou pa ta dwe janm di, ke yo pa fè pati de Lepouz la. Sa a se FO epi li ale kont sa pwofèt la te anseye nou. Mwen tande moun di, “Si yo pa jwe bann yo nan legliz yo, yo kont Pawòl la.” Ou pa ta dwe janm di yon bagay konsa. Sa montre m ke ou gen yon move lespri.

Mwen tande lòt moun di, “Yo tout oblije swiv an dirèk avèk BT sinon yo pa nan volonte Bondye”. Ou pa ta dwe janm di yon bagay konsa. Se sèl Bondye ki konnen kiyès ki Lepouz la e kiyès ki pa Lepouz la. Se pa nan lespri Lepouz la pou l di yon bagay konsa.

Menm kèk nan moun k ap swiv an dirèk BT ap di, “si w al legliz pou w tande bann yo epi ou pa swiv an dirèk lakay ou, ou gen tò!” Sa pa bon frè ak sè. Si w di sa, SISPANN, ou gen tò. Tout moun dwe fè jan YO SANTI SEYÈ A GIDE YO POU YO FÈ.

Anpil pastè santi ke preche se chemen Bondye bay pou jodi a. Nou jis wè bagay yo yon lòt jan, pa gen pwoblèm. Konbyen fwa Frè Branham te fè menm konparezon sa a? Nou fèk tande l nan kesyon ak repons, lè moun t ap di ke Frè Jackson te gen tò, li te kondane yo paske yo te di nenpòt bagay kont li menm ak legliz li a.

M ap jis preche atravè lèt sa a sa m kwè ki se chemen Bondye bay pou Branham Tabènak lan. Yo se frè ak sè nou yo. Yo renmen Seyè a ak Mesaj sa a. Se konsa yo santi Seyè a ap gide yo. Lwanj pou Seyè a.

Yo wè l yon jan epi nou wè l yon lòt jan, pa gen pwoblèm. Mwen pa ka wè l jan yo wè l epi yo pa ka wè l jan m wè l. Pou mwen menm, gen anpil chemen Bondye bay, men gen YON SÈL CHEMEN PARFÈ, E POU MWEN MENM, SE PEZE JWE.

M ap priye pou yo pa mal konprann mwen la a. Poze men sou moun epi priye pou moun yo se 100% an akò ak Pawòl la. Onksyon ak lwil epi priye pou malad yo se Pawòl Bondye a dapre Lekriti a. Frè Branham te preche epi li te anseye nou ke de bagay sa yo se Pawòl la. Men, mwen vle CHEMEN PARFÈ BONDYE TE BAY LA… JIS KWÈ PASKE BONDYE DI SA. Se efò sa a m ap fè.

Men kounye a kanta pou gerizon, se jis mizèrikòd Bondye ke Li menm, “Se pa blesi Li yo nou te geri.” Bon, premyèman Pawòl la di sa, sa ta dwe ase, men si w pa kwè nan Pawòl la, alò gen don nan Legliz la, tankou dèzòm enspire ki konnen kijan pou anseye sa, k ap fè l tèlman klè pou ou, se, epi lafwa pou kwè.

Mwen kwè nan ministè kentup. Mwen kwè nan Bondye ki rele dèzòm pou preche epi anseye Pawòl la. Men, mwen kwè tande Vwa Bondye sou bann yo se CHEMEN PARFÈ Bondye POU MWEN MENM.

Lè m ap tande bann yo, mwen pa menm bezwen konprann, M JIS KWÈ CHAK PAWÒL M TANDE. Pa gen okenn moun, okenn pastè, okenn lòt kote mwen ka ale kote m ka kwè CHAK PAWÒL epi mete destinasyon etènèl mwen an, eksepte sou bann yo.

Depi nan kòmansman tan, Bondye pa janm bay pèp Li a opòtinite e kapasite pou yo tande yo menm Vwa Li k ap pale de bouch a zòrèy. Chak mistè revele nan bann yo. Chak kesyon jwenn repons sou bann yo. Tout sa Lepouz la bezwen pou l vin parfè sou bann yo.

Chak Pawòl ki pwononse sou bann yo se Pawòl Bondye. Mwen ka pa konprann oswa pa kapab eksplike tout bagay, men mwen pa oblije. Li jis mande m pou m di AMÈN A CHAK PAWÒL, e BANN yo se SÈL kote mwen ka fè sa.

Men, lè-lè ou dwe fè yon bagay diferan, lè ou dwe kenbe konviksyon w sou sa ou konnen ki Laverite, se sa ki pati difisil la, se la ke friksyon an vini, dirèk laba a.

Mwen kwè ak tout sa ki nan mwen, nou nan Volonte parfè Bondye a epi nou sou bato a pou Niniv. Mwen ta renmen pou lemonn antye vin navige sou bato nou an avèk nou Dimanch sa a midi, lè Jeffersonville, alò ke n ap tande Bondye pale ak Ti Mouton L yo.

Frè Jozèf Branham

Mesaj: 65-0217 Yon Nonm K Ap Sove Kite Prezans Seyè A

Ekriti pou li:
Jonas 1:1-3
Malachi 4
Jan 14.12
Lik 17.30