25-1214 Fèt Twompèt Yo

Mesagj: 64-0719m Fèt Twompèt Yo

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Lepouz Parfè,

Sa pa jis on envansyon, zanmi. Sa se MEN SA SEYÈ A DI, Ekriti an.

Tout Kretyen vle vin Lepouz la, men nou konnen Lepouz Li a pral konpoze sèlman de yon ti ponyen moun Li chwazi. Nou konnen Li gen yon volonte permisif, men Lepouz Li a dwe nan volonte parfè Li. Kidonk, nou dwe chèche Bondye nan Pawòl Li, epi apre sa, pa Revelasyon, n ap konnen volonte parfè Li pou nou vin Lepouz Li.

Nou dwe fouye nan Ekriti a, paske nou konnen ke Bondye pa JANM chanje lide sou Pawòl Li. Bondye pa janm chanje pwogram Li. Li pa janm chanje ANYEN. Jan Li te fè l premye fwa a parfè. Sa Li te fè yè a, L ap fè menm bagay la jodi a.

Menm jan Li te sove yon nonm nan kòmansman an, L ap oblije sove yon nonm jodi a menm jan an. Menm jan Li te geri premye nonm nan, Li dwe fè l menm jan an jodi a. Menm jan Bondye te chwazi pou L rele epi gide Lepouz Li a, L ap fè l menm jan an jodi a; paske se Bondye L ye epi Li pa ka chanje. Pawòl la di nou ke Jezikri se MENM moun nan a yè, jodi a, e pou tout tan.

Kidonk, lè nou li Pawòl Li a, nou ka wè klèman kijan Li te chwazi pou L rele epi gide Lepouz Li a pou chak laj. Li te chwazi YON SÈL NONM. Li te di yo Pawòl la pou epòk yo a. Pwofèt la te di nou Li pa t JANM gen yon gwoup moun; yo gen diferan jan, diferan lide, epi pi enpòtan, Li te di, PAWÒL BONDYE A PA BEZWEN ENTÈPRETASYON.

Kidonk, sa chak pwofèt te di nan chak laj pa ka ajoute ou retire. Sa dwe Mo pou Mo sou sa LI TE PWONONSE. Li ase senp si ou mande m ki chemen Bondye bay pou nou… RETE AVÈK PWOFÈT LA.

Kounye a, non sèlman nou konnen egzakteman ki plan Bondye te genyen depi nan kòmansman an, Seyè a pral menm pale atravè zanj Li a epi di nou sa Li pral fè nan lavni, jis pou pwouve yon fwa ankò, BONDYE PA CHANJE PWOGRAM LI.

Apre ke Lepouz Li a (nou menm) fin kite tè sa a epi yo rele Li pou Soupe dè Nòs la, kijan Bondye pral rele 144,000 Jwif elu yo? Yon gwoup moun?

Kounye a, osito ke Legliz sa a (Epouz la) rasanble, Li anlve; e mistè Setyèm So sa a, oswa Setyèm So a, mistè ale a. Yo rele Jwif yo pa mistè Setyèm Twonpèt la, ki se de pwofèt yo, Eli ak Moyiz, ki retounen.

Osito ke Lepouz la rasanble ansanm, n ap anlve. Nou konnen ke gen yon sèl bagay ki ka rasanble Lepouz la, se Sentespri a, epi Sentespri a se Pawòl Li, epi Pawòl Li pou jodi a se Vwa Bondye a, epi Vwa Bondye a se…

Si m ofanse nou lè m di sa, padone m, men m santi yo te ka mal pran l, men m se vwa Bondye a pou nou. Ou wè? M ap repete l, fwa sa se te sou enspirasyon, ou wè.

Pèmèt mwen entèvni la a pou m di GRENN SITASYON sa a ki vin de mesaje zanj Bondye konfime a ki ta dwe sufi pou tout moun ki pretann yo kwè nan mesaj fen tan sa a pou yo mande pou pastè yo peze bouton JWE nan legliz yo oubyen demisyone pou yo ka elu yon pastè ki gen VRÈ REVELASYON BONDYE a.

Konsa, twonpèt la sonnen epi de pwofèt yo parèt, paske Li pa ka gen setyèm zanj Li a ak Lepouz Li a isit sou tè a an menm tan ke y ap vini. Donk, kijan Li rele Jwif yo? Menm jan Li te rele Lepouz dè Nasyon Li.

Yo rele Jwif yo pa mistè Setyèm Twonpèt la, ki se de pwofèt yo…

Epouz la dwe soti nan chemen an, pou L monte kounye a; pou ke de sèvitè yo, de sèvitè Bondye yo, nan Apokalips, pou ke de pwofèt yo ka parèt sou sèn lan, pou sonnen Setyèm Twonpèt la pou yo, fè yo konnen Kris.

Li ase klè ke Bondye pa chanje pwogram Li. Li voye pwofèt Li yo. Konsa, Lepouz Li ap rete fidèl ak chemen ke Li te trase pou Li, zanj pwofèt Li a, Vwa Bondye a sou bann yo.

Apre sa, pou sa klè nèt, Bondye pale ankò epi Li di Lepouz Li: Ou rete fidèl avè M, epi avèk chemen Mwen te trase pou ou a, kidonk chemen Mwen te trase pou ou jodi a pral di w:

Setyèm anj, mesaje a, pral di: “Men Ayo de Dye ki wete peche mond lan!”


Vwa sa a tèlman e npòtan; VWA BONDYE k ap pale atravè setyèm zanj Li a sou bann yo. Bondye pral itilize VWA SA A, VWA SETYÈM ZANJ LI A. PA YON GWOUP… PA MWEN MENM… PA PASTÈ W LA… VWA SETYÈM ZANJ MESAJE LI A pou prezante nou a Li menm, Seyè nou an, Jezikri.

Konsa, nou KONNEN:

● NOU SE LEPOUZ LI.
● NOU NAN VOLONTE PARFÈ LI.
● N AP SWIV PWOGRAM LI POU JODI A LÈ NOU PEZE JWE.

Yon pati nan Lepouz Li a pral rasanble Dimanch sa a midi, lè Jeffersonville, pou tande pastè nou an, anj mesaje Bondye a, William Marrion Branham, ki pral di nou epi ki pral revele ke pa gen okenn lòt legliz, okenn lòt gwoup moun depi fondasyon mond lan, ki te janm gen opòtinite nou genyen pou ini ansanm pou tande Bondye pale dirèkteman avèk yo.

Ala yon benediksyon pou nou! Nou tèlman kontan. Nou tèlman rekonesan. Lepouz la vin fè YOUN avèk Epou a.

Frè Jozèf Branham

Fèt Twonpèt Yo 64-0719M.

Ekriti pou li anvan nou tande Mesaj la:
Levitik 16
Levitik 23:23-27
Ezayi 18:1-3
Ezayi 27:12-13
Apokalips 10:1-7
Apokalips 9:13-14
Apokalips 17:8