Mesagj: 63-0901E A Bout
Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle
Byenneme Lepouz Bann Yo,
Kounye a noumenm moun bann yo.
Seyè, kijan nou ka kòmanse eksprime sa sis ti mo sa yo vle di pou nou, Lepouz Jezikri a? Se Revelasyon Mesaj lè a pou nou. Se Bondye k ap pale atravè zanj mesaje Li a k ap di Lepouz Li a: “Mwen konnen nou pral rete avèk Vwa Mwen. Mwen konnen sa Pawòl Mwen sou bann sa yo pral vle di pou nou. Mwen konnen ke nou pral gen Revelasyon an ke Mesaj sa yo Mwen pwononse sou bann yo se Siy Mwen pou jodi a.”
“Mwen mete Vwa Mwen sou bann mayetik sa yo; paske Mesaj sa yo dwe konkli tout Pawòl la. Pral gen plizyè milye moun ki pral tande Vwa Mwen sou bann yo epi ki pral gen Revelasyon ke sa a se ministè Mwen. Se Sentespri a pou jodi a. Se Mesaj Siy Mwen an.”
“Mwen voye anpil pastè fidèl toupatou nan mond lan pou pwoklame ministè Mwen an. Lè yo retounen, yo di M: ‘Nou obeyi lòd Ou yo lè nou jwe bann Ou yo. Nou jwenn moun ki kwè nan chak Pawòl. Yo fè pwòp kay yo tounen yon legliz pou resevwa Mesaj Ou a. Nou di yo, tout moun ki ta vin anba Siy Ou a, Mesaj lè a, ap sove.’”
Li lè pou chak moun egzamine epi mande tèt li, ki chemen pafè Bondye a pou jodi a? Pawòl pwofèt la pa echwe yon sèl fwa. Li te pwouve ke SE SÈL verite a, SÈL bagay ki pral ini Lepouz Li a.
Kèlkeswa sa l te di a, li rive egzakteman jan li te di l la. Kolòn Dife a toujou la avèk nou. Vwa Bondye a toujou ap pale avèk nou sou bann yo. Pwofèt la fèk sot di nou ke Bondye t ap pase sèlman lè L wè Siy la. Se yon moman kote nou a bout epi pou tout moun mete tèt yo anba Mesaj Siy sa a.
Nou te wè Men gloriye Bondye a nan fen tan sa a. Li ban nou vrè Revelasyon Pawòl Li a, epi Li te vini anba siy Siy la. Kounye a, alò ke nou anba siy Siy la, annou rasanble ansanm epi pran kominyon an, alò ke nou a bout, paske nou konnen ke jijman Bondye a pral frape.
Mwen ta renmen envite nou chak pou nou tande epi pou nou patisipe a Sèvis Kominyon an ak Lavman Pye Dimanch sa a, alò ke n ap tande Mesaj la: A Bout 63-0901E.
Sèvis Mesaj la ak Kominyon an ap sou Radyo Vwa a apati de 5:00 PM lè Jeffersonville. Pa ezite fè sèvis nou a a 5:00 PM nan lè lokal nou a si nou vle, paske mwen konnen l ap difisil pou anpil nan kwayan nou yo ki lòt bò dlo pou nou kòmanse sèvis nou a a lè Jeffersonville. Pral gen yon lyen kote nou ka telechaje anrejistreman sèvis la.
Frè Jozèf Branham
Ekriti pou li anvan sèvis la:
Egzòd 12:11
Jeremi 29:10-14
Lik 16:16
Jan 14:23
Galat 5:6
Jak 5:16