Mesagj: 65-1205 Bagay Ki Oblije La Yo
- 25-0803 Bagay Ki Oblije La Yo
- 21-1205 Bagay Ki Oblije La Yo
- 21-1204 Anlèvman
- 20-0719 Bagay Ki Oblije La Yo
- 18-0114 Bagay Ki Oblije La Yo
- 15-1206 Bagay Ki Oblije La Yo
Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle
Byenneme Atribi Bondye Yo,
Chak Pawòl ki te pwononse nan Mesaj sa a se yon lèt lanmou pou Lepouz Li. Pou panse ke Papa nou ki nan Syèl la renmen nou tèlman, ke non sèlman Li te vle nou li Pawòl Li a, men Li te vle ke nou tande Vwa Li pale nan kè nou pou Li te ka di nou: “Ou se orak vivan Mwen an, atribi vivan Mwen an, ke Mwen ka prezante bay mond lan.”
Apre sa pou panse ke apre tout sakrifis Li te fè isit sou tè a, lavi Li te viv la, chemen Li te mache a, Li sèlman mande yon sèl bagay:
“Pou ke kote Mwen ye, yo kapab la tou.” Li te vle gen fratènite nou. Se sèl bagay Li te mande Papa a nan priyè a, rete an konpayi nou pou tout tan.
Kote M ye a, “Pawòl Li,” nou dwe la tou, pou nou resevwa Kominyon Li, konpayi Li, pou tout tan. Se poutèt sa, nou dwe viv dapre chak Pawòl Li te pale avèk nou sou bann yo pou nou vin Epouz Pawòl Vyèj Li a, ki fè ke nou fè pati de Epouz la.
Sa se REVELASYON Jezikri nan lè sa a. Non pa sa Li te ye nan yon lòt epòk, kiyès Li ye KOUNYE A. Pawòl la pou jodi a. Kote Bondye ye jodi a. Sa se Revelasyon an pou jodi a. Se yon kwasans kounye a nan Lepouz la, k ap fè nou vin tounen pitit gason ak pitit fi parfè yo.
Nou wè tèt nou nan Pawòl Li. Nou konnen kiyès nou ye. Nou konnen nou nan pwogram Li. Sa a se Chemen Bondye bay pou jodi a. Nou konnen Anlèvman an ap rive. Talè konsa moun nou renmen yo ap parèt. Lè sa a, n ap konnen: Nou rive. Nou tout pral nan Syèl la…wi, Syèl la, yon kote ki osi reyèl ke sa.
Nou prale nan yon plas reyèl kote nou pral reyalize plizyè bagay, kote nou pral viv. Nou pral travay. Nou pral pwofite. Nou pral viv. Nou pral nan Lavi, nan vrè Lavi Etènèl. Nou pral nan yon Syèl, yon paradi. Menm jan Adan ak Èv te travay, te viv, te manje, te pwofite, nan jaden Edenn anvan peche te rantre ladan l, nou sou wout pou nou retounen laba, se vre, pou nou retounen. Premye Adan an, atravè peche, te fè nou soti, dezyèm Adam an, atravè jistis, ap mennen nou tounen ladan; Li jistifye nou epi L ap remennen nou ladan l.
Kijan yon moun ka di an pawòl sa sa vle di pou nou? Reyalite a se ke nou pral nan paradi kote nou pral viv ansanm pou tout Letènite. Fini chagren, doulè ou lapenn, jis pèfeksyon sou pèfeksyon.
Kè nou ap rejwi, nanm nou ap boule anndan nou. Satan ap mete plis presyon sou nou chak jou, men nou rejwi kanmenm. Poukisa:
- NOU KONNEN KI MOUN NOU YE.
- NOU KONNEN KE NOU PA, E NOU PAP DESEVOYE L.
- NOU KONNEN NOU NAN VOLONTE PARFÈ LI.
- NOU KONNEN LI BAN NOU VRÈ REVELASYON PAWÒL LI A.
Frè Joseph, ou ekri menm bagay la chak semèn. GLWA, m ap ekri l chak semèn paske Li vle ou konnen jan Li renmen w. Ki moun ou ye. Ki kote w prale. Negatif la ap vin pozitif la. Ou se Pawòl la k ap vin Pawòl la.
Byenneme lemonn, vin jwenn nou Dimanch sa a midi, lè Jeffersonville, sou koneksyon telefonik, pa paske “mwen” envite w, men paske “LI” envite w. Se pa paske “mwen” chwazi bann lan, men pou tande Pawòl la ak yon pati nan Lepouz la atravè mond lan an menm tan.
Èske nou ka reyalize ke li posib pou Lepouz a tande Vwa Bondye toupatou nan mond lan, nou tout an menm tan? Fòk se Bondye. Bondye te fè pwofèt la fè sa pandan anj Li a te sou tè a. Li te ankouraje Lepouz la pou yo ini nan lapriyè, TOUT AN MENM TAN, NAN LÈ JEFFERSONVILLE, a 9:00, midi, e 3:00; konbyen sa pi gran kounye a, ke Lepouz a ka fè YOUN, ini pou tande Vwa Bondye a k ap pale avèk yo tout an menm tan?
Frè Jozèf Branham
Mesaj: Bagay Ki Oblije La Yo 65-1205
Ekriti:
Matye 22:1-14
Jan 14:1-7
Ebre 7:1-10