Mesagj: 65-1204 Anlèvman an
Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle
Byenneme Lepouz Enkondisyonèl,
Seyè a te ban nou yon bèl moman nan kan an semèn pase a lè Li te revele Pawòl Li ban nou. Li te pwouve, pa Pawòl Li, ke Absoli nou an se: Pawòl Li, Mesaj Sa a, Vwa Bondye A sou bann yo; yo tout se menm bagay la, Jezikri se menm lan a yè, jodi a e pou tout tan.
Nou tande kijan dyab la ap eseye separe Mesaj la ak mesaje a, men lwanj pou Seyè Jezi, Bondye Li menm te pale atravè anj pwisan Li a epi Li te di nou:
Nou dekouvri ke lè yon nonm vini, voye pa Bondye, predestine pa Bondye, avèk vre MEN SA SEYÈ A DI, mesaj la ak mesaje a fè youn. Paske yo voye l pou reprezante MEN SA SEYÈ A DI, Mo pou Mo, kidonk li menm ak mesaj li a fè youn.
Ou pa ka separe Mesaj la ak mesaje a, yo se menm moun nan, MEN SA SENYÈ A DI. Kèlkeswa sa yon fo wen di, Bondye di yo se menm moun nan e yo pa ka separe.
Apre sa, Li te di nou ke nou pa bezwen yon filtè pou nou pran okenn ensèk lè n ap koute bann yo, paske pa gen ensèk ni ji ensèk nan Mesaj Sa a. Se pi Atezyen Li a ki toujou ap koule pi e pwòp. Toujou ap bouyi, li pa janm seche, li kontinye ap pouse e pouse, ap ban nou plis Revelasyon Pawòl Li.
Li te raple nou pou nou PA JANM BLIYE ke alyans Li avèk nou an se yon alyans Endenyab, ki pa Negosyab, e sitou, li Enkondisyonèl.
Kit se lanmou, sipò, oswa abandon, si yon bagay enkondisyonèl, li ABSOLI e li pa sijè a okenn kondisyon ou modalite espesyal: l ap rive kèlkeswa sa k rive.
Apresa, Li te vle anfonse klou a, alò Li di nou ke jodi a Lekriti Li yo akonpli devan je nou.
Menm solèy ki leve nan lès la se menm solèy ki kouche nan lwès la. Epi menm Pitit Gason Bondye a ki te vini nan lès la epi ki te konfime tèt Li kòm Bondye ki te manifeste nan lachè, se menm Pitit Gason Bondye a nan emisfè lwès la isit la, k ap idantifye tèt Li nan mitan legliz la aswè a, menm lan a yè, jodi a, e pou tout tan. Limyè aswè Pitit la vini. Jodi a, Lekriti sa akonpli devan nou.
Fis de Lòm lan retounen nan chè imen nan epòk nou an, jan Li te pwomèt Li t ap fè l, pou L rele yon Lepouz. Se Jezikri k ap pale dirèkteman avèk nou, epi Sa pa bezwen okenn entèpretasyon moun. Tout sa nou bezwen, tout sa nou vle, se Vwa Bondye k ap pale sou bann ki vin de Bondye Li menm.
Se revelasyon manifestasyon Pawòl la ki vin reyalite. Epi n ap viv nan jou sa a; lwanj pou Bondye; revelasyon mistè pa Li.
Ala yon bèl moman Lepouz la ap viv, ap repoze nan prezans Pitit la, ap miri. Ble a retounen vin jwenn ble a, epi pa gen leven nan mitan nou. Se jis Vwa pi Bondye a k ap pale avèk nou, k ap fòme nou epi k ap fè nou vin imaj Kris la, Pawòl la.
Nou se pitit gason ak pitit fi Bondye, atribi Li ke Li te predestine pou vini nan laj sa a, pi gwo laj nan listwa mond lan. Li te konnen ke nou pa t ap echwe, nou pa t ap fè konpwomi, men nou t ap vrè Lepouz Pawòle Li a ki fidèl, Sipè Semans Wayal Abraham Li te pwomèt la ki te gen pou vini an.
Anlèvman an rive. Tan an rive nan bout li. L ap vini pou Lepouz Li a ki te prepare tèt Li men ki chita nan Prezans Pitit la, ap tande Vwa Li k ap abiye Lepouz Li a. Talè konsa n ap kòmanse wè moun pa nou yo ki lòt bò rido tan an, k ap tann epi ki anvi avè nou.
Bann sa yo se mwayen Bondye bay pou pèfeksyone Lepouz Li a. Bann sa yo se sèl bagay ki pral ini Lepouz Li a. Bann sa yo se Vwa Bondye pou Lepouz Li a.
Mwen envite nou vin ini avè nou, yon pati nan Lepouz Li a, Dimanch sa a midi, lè Jeffersonville, alò ke n ap tande tout bagay sou sa ki pral rive trè byento: Anlèvman an 65-1204.
Frè Jozèf Branham