Byenneme Pawòl Ki Tounen Lachè,
Alelouya! Teren kè nou te prepare nan tande Pawòl la e Li revele nou ke NOU SE Epouz vètye Kris la; Pitit Gason Bondye ki presye, vètye, san peche, ki kanpe la avèk yon Epouz Pawòl, ki pi, san melanj, lave avèk Dlo pwòp San Li.
Nou vin Pawòl la ki manifeste ki tounen lachè, pou Jezi ka pran nou, moun li te predestine anvan fondasyon mond lan, nan sen Papa a.
Mond lan ka wè ekspresyon Lafwa nou an sou fason nou aji e eksprime ke nou resevwa vrè Revelasyon Bondye de Pawòl Li a ki konfime, e ke nou pa pè. Sa pa enterese nou sa mond antye a di ou kwè…NOU PA PÈ. Peze Jwe se chemen Bondye bay Epouz Jezikri a.
Anpil moun di ke yo kwè Mesaj tan lafen sa a, yo kwè ke Bondye voye yon pwofèt, yo kwè ke William Marrion Branham te setyèm anj mesaje a, yo kwè ke li pwononse Sa Seyè A Di, men yo PA KWÈ ke Vwa a se vwa a ki pi enpòtan ke nou dwe tande. Yo pa kwè ke li pwononse Pawòl ki enfayib. Yo pa kwè nan jwe bann nan legliz yo.
Sa sa vle di? SA VLE DI KE LI PA T REVELE POU YO!
Se yon revelasyon. Li revele l ba nou pa gras Li. Se pa anyen ou fè. Nou pa travay pou jwenn lafwa. Lè w gen lafwa, yo ba ou l pa gras Bondye. E Bondye revele l ba ou, kidonk lafwa se yon revelasyon. E tout Legliz Bondye a bati sou revelasyon an.
Yo revele l ba nou pa LAFWA, ke Mesaj sa a se Vwa Bondye sou bann yo ki te anrejistre, ki te sere, pou nouri e pèfeksyone Epouz Jezikri a.
Se yon LAFWA otantik, san melanj, nan sa Bondye di se Verite. E sa ankre nan kè nou ak nanm nou, e pa gen anyen ki ka bouje Li. L ap rete la a jiskaske pwofèt Li a prezante nou Seyè nou an.
Nou pa ka fè lòt jan. Li te prepare nou pou nou resevwa e kwè Sa anvan fondasyon mond lan. Li te konnen ke nou t ap resevwa Vwa Li nan laj sa a. Li te konnen nou davans e Li te destine nou pou nou resevwa.
Alò, zèv ke Sentespri an ap fè jodi a, pa vizyon sa yo ki pa janm echwe, pwomès sa yo ki pa janm echwe, tout siy apostolik ki te pwomèt nan Bib la, de Malachi 4, epi, oh, Apokalips 10:7, tout sa yo ap akonpli; epi li pwouve pa lasyans e tout lòt mwayen. E si m pa di nou Verite a, bagay sa yo pa t ap rive. Men si m di nou Verite a, yo rann temwayaj ke m di nou Verite a. Li toujou menm jan an, yè, jodi a, e pou tout tan, e manifestasyon Lespri Li a ap anlve yon Lepouz. Kite lafwa sa a, revelasyon sa a desann nan kè nou, ke, “Sa se lè a.”
Sa se lè a. Sa se Mesaj la. Sa se Vwa Bondye a k ap rele Lepouz Jezikri a. Oh Legliz, se pou Seyè a prepare teren kè nou pou nou gen Lafwa, epi revele nou ke lè nou tande Vwa sa a, sou bann yo, se sa ki pral pèfeksyone epi ki pral ini Lepouz Jezikri a.
Mwen envite nou yon lòt fwa ankò pou vin jwenn nou Dimanch a midi, lè Jeffersonville, pou fè monte LAFWA nou pi wo, epi chita ansanm avè nou nan lye selès alò ke nou pral tande Vwa Bondye a k ap prepare nou pou lè L ap vini byento.
Frè Jozèf Branham
Tanpri rete nan lapriyè pou nou semèn pwochèn alò ke nou pral antame premye kan nou an Still Waters.
Mesaj: Zèv Se Lafwa Eksprime 65-1126
Ekriti pou li:
Jenèz 15:5-6, 22:1-12
Akt 2:17
Women 4:1-8, 8:28-34
Efèz 1:1-5
Jak 2:21-23
Jan 1:26, 6:44-46