25-0511 Adopsyon #2

Mesagj: 60-0518 Adopsyon #2

PDF

BranhamTabernacle.org

Byenneme Prèt Wayal,

Tout moun mòde dwèt nou, sere konsyans nou, manyen kè nou. Jodi a, Lepouz Jezikri a ap rele:

Jodi a, pwofesi sa a akonpli devan je nou.

Mwen kwè ke, youn nan jou glorye sa yo, lè konfederasyon ini legliz sa a pral mete tèt yo ansanm, epi ke nouvo pap la ki soti de Etazini pral plase lòt bò a selon pwofesi a, lè sa a yo pral fòme yon imaj tankou bèt la.

Vwa pwofèt Bondye a te pwononse Sa le 19 Desanm 1954, epi 9 mwa apre, Robert Prevost, ke nou konnen jodi a kòm Pap Leo XIV, te fèt. Kounye a li se nouvo pap Wòm. “Ensi Di Seyè A” akonpli.

7 Me, 1946, BONDYE plase pwofèt Li nan Green’s Mill, Indiana, pou l te ba l komisyon l epi pou l te pwoklame nan mond lan, men pwisan setyèm anj mesaje Mwen, Vwa Mwen pou mond lan. Koute Li.

Lè Anj Seyè a te rankontre m nan Green’s Mill, Indiana, uit ane de sa, ap swiv mwen, depi m t piti, ap montre m vizyon, lè m al wè L, Li di m: “Si w sensè, fè moun yo kwè w, pa gen anyen k ap kanpe devan lapriyè w.”

William Marrion Branham se Vwa ke Bondye chwazi pou mond lan. Yon pwisan pwofèt ke Pawòl Bondye a al jwenn. Selon Pawòl la, li se SÈL entèprèt diven Pawòl Bondye a.

Li te konfime pa Bondye Limenm, pa Kolòn Dife A.

7 Me, 2025, SATAN plase Konklav Kadinal li yo nan Chapèl Sistin nan lavil Wòm pou yo te chwazi Vikè Kris yo, pou akonpli Ensi Di Seyè A.

Li te konfime pa lòm avèk YON LIY LAFIMEN BLAN

Lepouz Kris la atravè mond lan ap rejwi, ap rele, ap kriye epi ap louwe Seyè alò ke nou tande, epi wè ak pwòp je nou, pwofesi pwofèt la k ap akonpli.

Se kòmsi nou wè Lanmè Wouj la louvri devan je nou. Laman Fre k ap tonbe sot nan syèl la. Dè milyon de zòtolan pou nouri Epouz la. Dlo k ap soti nan Wòch la. Dife k ap desann epi k ap boule sakrifis la ak Eli.

Pwofesi ap akonpli chak jou. Pawòl Bondye te pwomèt la ap manifeste nan lavi nou. Bagay yo ap fèt toupatou. Lepouz la prepare tèt Li nan tande epi kwè Pawòl la. Nou se Pawòl la ki vin fè kò.

An verite, nou rive. Tan an toupre. Lepouz la ap rejwi epi l ap reyini ansanm atravè mond lan kòm jamè oparavan. Pwofèt la ap rasire Lepouz la lè l di nou ke nou se prèt wayal Bondye, yon nasyon sen, yon pèp espesyal ke yo rele, eli, chwazi, epi mi apa.

KOUNYE A NOU SE Pitit gason ak Pitit fi Bondye, ki kondwi pa Lespri Bondye a, pa pa lèzòm, men pa Lespri a. Nou konnen, san okenn dout, NOU SE LEPOUZ LI. LAFWA nou ap atenn nouvo somè chak jou. Pa gen anyen ki ka kanpe nou oubyen ki ka ralanti nou, Bondye revele L epi Li ankre L nan kè nou e nan nanm nou.

Lepouz la totalman rekonèt ki moun nou ye. Nou nan Tè pwomiz espirityèl nou an, nan posesyon tout bagay nèt. Nou gen lapè Selès, benediksyon Selès, Lespri Selès. TOUT BAGAY POU NOU. Nou jis ap prepare nou pou sa Li rezève pou nou. 

Twonpèt Seyè a pral sonnen, e mò an Kris yo pral resisite an premye. Kò selès sa yo pral desann epi yo pral rantre non kò terès glorifye epi y ap chanje nan yon moman, nan yon bat je. Nou tout ap anlve avè yo, pou rankontre Seyè a nan lè a.

Ala yon jou. Ala yon tan. Pa gen mwayen pou mwen pou eksprime an pawòl sa nou resanti andedan nanm nou. Kè nou ap bat. Se pa nou menm k ap fè sa, Sentespri a tankou yon pi artezyen k ap bouyi andedan nou. Lepouz la ap tann moman sa a depi epòk Adan…E KOUNYE A NOU LA A.  

Nou swete nou la byenvini. Nou envite nou. Nou sipliye nou. Vin jwenn nou pou pi bèl moman mond lan janm pase, alò ke nou pral tande Vwa Bondye a k ap revele nou Pawòl Li a Dimanch sa a midi, lè Jeffersonville, alò ke nou pral tande: 60-0518 Adopsyon #2.

Frè Jozèf Branham

Ekriti pou li anvan Mesaj la:

Jenèz 1:26

Efèz Chapit 1

Women 8:19

Galat 1:6-9

Ebre Chapit 6

Jan 1:17