Mesagj: 63-0320 Twazyèm So A
- 25-0330 Twazyèm So A
- 23-0806 Twazyèm So A
- 22-0213 Twazyèm So A
- 21-0207 Twazyèm So A
- ÈG YO AP RASANBLE
- 19-0414 Twazyèm So A
- 17-0401 Twazyèm So A
Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle
Byenneme Èv Espirityèl,
Kite m kòmanse lèt mwen jodi a avèk bonm atomik Bondye a; pa yon fizi 22, yon BONM ATOMIK pou Epouz Jezikri a.
Bon, si w vle make yo; natirèlman, nou tout konnen yo: Jezi, Jan 14:12; ak Jowèl, Jowèl 2:38; Pòl, 2 Timote 3; Malachi, chapit 4; epi Jan revelatè a, Apokalips 10:17, 1-17. Ou wè, egzakteman sa ki te dwe rive kounye a!
Remak e avètisman: sitasyon sa a pa pou ou si w kwè.
“Nou bay pwofèt Bondye a twòp enpòtans.” “Nou pa ka Epouz la si nou jis koute pwofèt la.” “Jwe bann nan legliz la pa bon.” “Yo te pase tòch la; bagay ki pi enpòtan jodi a se pou koute ministè a.” “Peze jwe nou tout an menm tan an se yon denominasyon.”
Pou legliz, kisa Sa ye? Pawòl enkane a ki te fè L chè nan mitan pèp Li ankò! Ou wè?
KABOOM…Alò lè nou peze jwe, nou ka koute Pawòl la ki te fè L chè, k ap pale de bouch a zòrèy ba nou pandan ke L ap revele Pawòl Li a.
E yon moun ka di ke se pa VWA A KI PI ENPÒTAN KE W KA KOUTE? Pati sitasyon sa a pou ou.
E yo jis pa kwè Sa.
Plis Revelasyon Seyè a ban nou nan Pawòl Li a, e de kiyès nou ye, se plis tout sa yo ki andeyò Revelasyon sa a ap elwaye yo.
Kite m di sa, pou vrè, konsa ou va…sa va antre an pwofondè. Mwen vle w sezi sa. Sa se pwoblèm nou jodi a, ou wè, nou pa konn Pawòl la! Ou wè?
Bondye te wen moun pou preche Mesaj Sa a, men gen yon sèl Absoli: Pawòl la. Lè nou tande yon minis, ou nenpòt lòt moun k ap pale, nou dwe gen lafwa pou kwè ke sa l ap di se EGZAKTEMAN sa pwofèt Bondye a te deja di. Pawòl yo a, revelasyon yo a, entèpretasyon yo a ka echwe; Vwa Bondye a sou bann yo PA JANM KA ECHWE.
N ap pale de Bondye nan senplisite lè nou peze jwe…Li di l ANKÒ.
Yo rate L, Pawòl vivan an te manifeste nan lachè, pa Pawòl ki te pwomèt la. Pawòl la te pwomèt pou fè bagay sa yo. Pwomès la te fèt, ke sa ta pral konsa nan dènye jou yo.
Tande Tonè Li. Yon Tonè se Vwa Bondye a. William Marrion Branham se Vwa Bondye a pou jenerasyon sa a.
Epouz la–la poko gen yon revèy. Ou wè? Pa gen okenn revèy la, okenn manifestasyon Bondye pou brase Epouz la jiska prezan. Ou wè? Nou atann nou a sa kounye a. Sa va pran sèt Tonè enkoni sa yo laba, pou reveye L a nouvo, ou wè. Wi. Li va voye l. Li te pwomèt li. Kounye a gade.
Nou ka defòme l si nou vle, men Sèt Tonè Yo pral bay Lepouz la estimilasyon pa Revelasyon epi lafwa anlèvman an, ki vini sèlman pa Sentespri a k ap pale atravè pwofèt Bondye a. Se sa k ap pase KOUNYE A atravè mond lan. Bondye Estimile Lepouz Li avèk Pawòl Li.
Non sèlman sa, men Li deja di ènmi nou an kisa pou l fè.
Pa manyen yo. Yo konn kote yo prale, paske yo wenn ak Lwil Mwen. E kòm yo wenn ak Lwil Mwen, yo gen diven lajwa an, paske yo konn Pawòl pwomès Mwen, ‘Mwen pral resisite yo ankò.’ Pa fè Sa a mal! Pa eseye al deranje yo.
Li di ènmi nou an pou l pa manyen nou ak men sal li yo. Men èske maladi ka toujou atake nou? Wi. Èske nou toujou gen pwoblèm? Wi. Men Li di nou tou kisa pou nou fè.
Sa a pwofon. Li l dousman ankò e ankò.
Anvan yon Pawòl, se yon panse. Epi yon panse te dwe kreye. Trè byen. Kidonk panse Bondye a vin kreyasyon lè l te pwononse, pa yon Pawòl. Sa se lè l prezante l a─a oumenm kòm yon panse, panse L, epi l te revele a wou. Alò, li toujou yon panse jiskaske w eksprime l.
Panse Li yo vin tounen yon kreyasyon lè l te pwononse. Apresa, panse Li yo te prezante e te revele ba nou antan ke Pawòl la. Kounye a Li toujou yon panse avè nou jiskaske nou pwononse L. ALÒ NOU PWONONSE L …E NOU KWÈ L.
Mwen se Semans Wayal Abraham lan. Mwen se Lepouz Kris. Li te chwazi m e te predestine m anvan fondasyon mond lan pou m vin Lepouz Li, e anyen ka chanje sa. Chak pwomès nan Bib la pou mwen. Pou mwen, se Pawòl Li. Mwen se eritye Pwomès la menm. Li se Seyè Bondye a ki geri tout maladi m yo. Kèlkeswa sa m bezwen se pou mwen, Bondye di sa.
Bondye nan Senplisite: Lafwa vini de sa nou tande, lè nou tande Pawòl la. Pawòl la vini a pwofèt la.
Tout moun vle itilize “SITASYON” pou pwouve panse pa yo, ide pa yo, mesaj pa l. E yo gen rezon, mwen menm tou, se poutèt sa tout sa mwen ba nou se sitasyon pou m di nou: Rete avèk Bann yo. Koute Vwa sa a. Vwa sa a se Vwa Bondye. Nou dwe kwè chak Pawòl ki sou Bann yo, pa sa nenpòt lòt moun di. Vwa sa a SE VWA A KI PI ENPÒTAN KE NOU DWE TANDE.
Lòt itilize sitasyon pou mennen nou nan ministè pa yo, nan legliz pa yo, nan entèpretasyon pa yo, nan revelasyon pa yo. “Rete avè pastè nou.” (Ebyen, m renmen sa a tou, paske se sa nou fè, men avèk yon pastè diferan.) “Se pa li ki sèl ti wòch la sou plaj la.” “Li pa janm di pou jwe bann yo nan legliz la.”
Piga w mete okenn entèpretasyon pèsonèl ladan L. Li vle yon relasyon pi, ki pap varye, pa menm on ti pale. M patap dakò pou madanm mwen pale ansanm ak yon lòt gason. Lè w soti pou tande tout kalite rezònman, ki depase Sa, w ap tande, w ap pale ak Satan. Amèn! Èske sa pa fè w santi w relijye la? [kongregasyon an di, “Amèn.”–Editè a] Bondye vle w rete pi. Rete jis la ak Pawòl sa a. Rete. Rete jis avè L. Trè byen.
Kan ta mwen menm ak lakay mwen, nou pral peze jwe epi swiv Pawòl Bondye Enkane a k ap pale atravè setyèm anj mesaje Li a. Nou p ap ajoute entèpretasyon pèsonèl nou an Ladann; nou p ap fè ti pale oswa koute okenn rezònman. N ap RETE AVÈK PAWÒL SA A JAN L TE PWONONSE SOU BANN YO. Se Bondye an tout Senplisite.
Ala yon bèl moman nou pral pase Dimanch sa a midi, lè Jeffersonville, alò ke nou pral tande: Twazyèm So A 63-0320. M ta renmen envite nou vin jwenn nou alò ke n ap ini alantou Pawòl la pou jodi a.
Frè Jozèf Branham
Ekriti pou li anvan nou tande Mesaj la:
Matye 25:3-4
Jan 1:1 / 1:14 / 14:12 / 17:17
Akt Chapit 2
1 Timote 3:16
Ebre 4:12 / 13:8
1 Jan 5:7
Levitik 8:12
Jeremi Chapit 32
Jowel 2:28
Zakari 4:12
Kite pwofite okazyon sa a pou m presize l yon fwa ankò. Mwen pa kont ministè kentip la. Mwen kwè nan ministè kentip la. Mwen pa panse sa a mal pou m tande yon minis. Mwen kwè ke nou dwe koute pastè nou kote Bondye plase nou. Pwen mwen se, m kwè ke Bondye voye yon pwofèt nan epòk nou an. Bondye revele Pawòl Li bay pwofèt Li a. Mwen ka twonpe m, pastè nou ka twonpe l, men nou DWE dakò ke (si nou di ke nou kwè ke MESAJ SA A se laverite epi ke Frè Branham se pwofèt Bondye a) sa ki sou bann yo se Men Sa Seyè A Di. Si nou pa kwè sa, ebyen nou pa kwè Mesaj sa a. Kidonk, mwen kwè ke se VWA A KI PI ENPÒTAN KE NOU DWE KOUTE. Nou pa bezwen koute m, nou pa bezwen koute okenn lòt moun, men NOU DWE KOUTE VWA SA A SOU BANN YO.