Byenneme Moun K ap Veye E K Ap Tann Yo,
Gen yon eksitasyon nan mitan Lepouz la san parèy. Nou anba gwo atant; ane jubile nou sou pwen kòmanse. Sa fè lontan Lepouz la ap tann jou sa rive. Fen dispansasyon Moun Nasyon yo rive e kòmansman letènite avèk Seyè nou an pral kòmanse byento.
Nou konprann epòk n ap viv la nan tande Pawòl la. Tan an fini. Lè Anlèvman an pwòch. Nou rive. Sentespri a vini e Li revele bay Lepouz Li tout bagay yo ki gwo, pwofon e sekrè.
Nou dezespere, n ap chache Bondye; n ap prepare tèt nou. Nou debarase nou de tout bagay ki nan mond sa a. Enkyetid lavi sa a pa vle di anyen pou nou. Lafwa nou atenn dè somè pi wo ke jamè. Sentespri a ap bay Dam ke Li chwazi a Lafwa pou anlèvman, pou L ka vin anlve Li.
Swasant-nèf semèn sa yo pafè; depa Jwif yo pafè; laj legliz la pafè. Nou nan fen tan an, fen tan an, laj legliz Lawodise a, fen laj legliz sa. Mesaje zetwal yo tout preche mesaj pa yo. Li te pwoklame. Nou jis ap kontinye lanse a.
Ala yon tan paradoksal n ap viv. Se peryòd ki pi difisil la paske lènmi an ap atake tout moun kòm jamè. Li lage tout bagay ke l genyen sou nou. Li dezespere, paske li konnen ke lè li fini.
Men an menm tan, nou pat janm osi kontan nan vi nou.
- Nou pat janm osi pwòch de Seyè a.
- Sentespri a ap ranpli chak fib nan kò nou.
- Lanmou nou pou Pawòl Li a pat janm osi gran.
- Revelasyon nou de Pawòl Li a ranpli nanm nou.
- N ap kale chak ènmi avèk Pawòl la.
EPI, nou pat janm osi sètèn de kiyès nou ye:
- PREDESTINE
- ELI
- CHWAZI
- SEMANS WAYAL
- CHERI
- ETÈNÈL, ABIYE AN BLAN, MADAN JEZI, MOUN K AP TANDE BANN, ILUMINE, VYÈJ PI, RANPLI AK LESPRI, ENVENSIB, ADOPTE, SAN MELANJ, EPOUZ PAWÒL KI VYÈJ.
Kisa k ap vini apre? Wòch la ap desann. N ap veye, n ap tann e n ap priye chak minit nan chak jou. Pa gen lòt bagay ki pi enpòtan ke prepare tèt nou pou lè L ap vini.
Se pa, “Nou espere sa”, NOU KONNEN. Pa gen dout ankò. Nan yon moman, nan yon bat je, tout bagay ap fini, e n ap lòt bò a ak tout byenneme nou yo e avèk LI MENM nan Soupe Nòs nou an.
E SA SE JIS KÒMANSMAN AN…E PA GEN FEN!!
Vin prepare nou pou Soupe Nòs sa avè nou Dimanch sa a midi, lè Jeffersonville, alò ke Bondye pral pale atravè pwisan anj Li, sa Li voye a pou kondwi Lepouz Li, alò ke li pral di nou e pral revele nou tout sekrè Bondye yo.
Frè Jozèf Branham
Mesaj: 61-0806- Swasanndizyèm Semèn Danyèl La