Byenneme Sa Yo Ki Gen Yon Objektif,
Ala yon bèl sezon Ivè n ap pase alò ke n ap etidye Sèt Aj Legliz yo, epi apresa pou wè Bondye ap revele nou pi plis bagay toujou nan Liv Apokalips Jezikri a. Ki jan twa premye chapit Apokalips yo reprezante Aj Legliz yo, epi apresa ki jan Jan te anlve nan 4yèm ak 5yèm chapit yo pou montre nou bagay k ap vini.
Nan chapit 6 la, Li revele ki jan Jan te redesann sou tè a ankò pou wè bagay k ap fèt depi chapit 6 la jiska chapit 19 Apokalips la.
Jan Lepouz la pral beni Dimanch alò ke nou pral tande Vwa Bondye k ap pale atravè pwisan setyèm anj Li epi di nou ki sa ki pral revele answit.
M tèlman kontan anonse ke kounye a nou pral kòmanse gwo etid Swasanndis Semèn Danyèl Yo. Pwofèt la di ke sa pral fè lyen an avèk rès Mesaj la anvan nou abòde Sèt So yo; Sèt Twonpèt yo; Twa Malè yo; fanm lan nan solèy la; ekspilsyon dyab wouj la; sankarannkatmil sele yo; tout bagay sa yo ap pase pandan peryòd sa a.
Liv Danyèl la se kalandriye egzak pou epòk ak moman n ap viv la, e menm si l sanble konplike, Bondye dekonpoze l e Li rann li senp pou nou.
Bondye konnen ke se sa m ap chache kounye a, ke m ka rekonfòte pèp Li epi di yo kisa ki prèt pou rive, di l alafwa a sa yo ki isit maten an, e nan peyi yo kote bann sa yo prale, nan lemonn antye, ke nou nan fen tan an.
Nou se pèp ke Bondye chwazi, k ap tann avèk enpasyans epi ap priye pou jou sa a e lè sa a. Je nou vire vè Syèl la e n ap veye lè L ap Vini a.
Annou tout tankou Danyèl e ann vire figi nou nan direksyon Syèl la, nan priyè e siplikasyon, paske nou konnen atravè lekti Pawòl la e nan tande Vwa Li, ke lè Seyè a pral vini ap pwoche byen vit; nou a lafen.
Ede nou Papa pou nou debarase nou de tout chay, de tout peche, de tout ti enkredilite ki ta ka atake nou si fasilman. Annou kouri kounye a vè objektif vokasyon selès la, paske nou konnen ke tan nou limite.
Mesaj la pwoklame. Tout bagay pare kounye a; n ap tann e n ap repoze. Legliz la sele e li apa. Mechan yo ap fè plis mechanste. Leglis yo ap vin de plis an plis relijye, men sen W yo ap rapwoche yo de Ou.
Nou gen yon Vwa k ap rele byen fò nan dezè a, k ap rele pèp la pou retounen a Mesaj orijinal la; retounen nan bagay Bondye yo. Nou konprann pa Revelasyon ke bagay sa yo ap pase.
Vin jwenn nou Dimanch sa a midi, lè Jeffersonville, alò ke Bondye ap revele nou Pawòl Li e ke n ap kòmanse gwo etid nou sou Liv Danyèl la.
Frè Jozèf Branham
61-0730M – Enstriksyon Gabryèl a Danyèl