24-1229 Apokalips Chapit Kat Premye Pati

Mesagj: 60-1231 Apokalips Chapit Kat Premye Pati

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Sen Ki Gen Rad Blan,

Lè nou tande Vwa Bondye k ap pale avèk nou, yon bagay ap pase nan fon nanm nou. Tout èt nou transfòme e mond lan bò kote nou sanble ap disparèt.

Ki jan yon moun ka eksprime sa k ap pase nan kè nou, nan lespri nou, e nan nanm nou, alò ke Vwa Bondye ap devwale Pawòl Li nan chak Mesaj ke nou tande?

Menm jan ak pwofèt nou an, nou santi nou pran nan twazyèm syèl la e lespri nou sanble kite kò mòtèl sa a. Pa gen mo pou eksprime sa nou santi alò ke Bondye ap revele nou Pawòl Li a kòm jamè.

Yo te voye Jan sou zile Patmos la e yo te mande l ekri sa l te wè e mete l nan yon liv ki rele Apokalips, pou l te ka transmèt nan tout laj yo. Mistè sa yo te kache jiskaske yo te revele ba nou atravè 7yèm anj mesaje ke L te chwazi.

Apresa Jan te tande menm Vwa sa a anlè l e l te pote nan twazyèm syèl la. Vwa sa a te montre l laj legliz yo, vini Jwif yo, devèsman flewo yo, Anlèvman an, Lavenman an, Milenyòm lan, epi Kay Etènèl de sa L sove yo. Li te fè monte Jan e L te montre l yon apèsu tout bagay la jan L te di L t ap fè.

Men kiyès Jan te wè lè l te wè apèsu a? Pa gen moun ki te vrèman konnen jiska jodi a.

Premye bagay li te wè nan vini a se te Moyiz. Li te reprezante sen yo ki mouri ki pral resisite; tout sis laj yo ki t ap dòmi. Men non sèlman Moyiz te kanple la, men Eli te la tou.

Ki Eli sa a ki te kanpe la a?

Men Eli te la a; mesaje dènye jou a, avèk gwoup li a, sa ki transfòme yo, sa ki Anlve yo.

GLWA…ALELOUYA…Kiyès Jan te wè ki te kanpe la a?

Pèsòn lòt ke 7yèm anj mesaje Bondye a, William Marrion Branham, avèk PA L YO KI TRANSFÒME, GWOUP LI KI ANLVE…NOU CHAK!!

Eli te reprezante gwoup ki anlve a. Sonje, Moyiz te an premye, e apre vin Eli. Eli te dwe mesaje dènye jou a, limenm ak gwoup li a pral gen rezirèksyon an…pral gen…ebyen, pral gen Anlèvman an, m vle di. Moyiz pote rezirèksyon an e Eli pote gwoup ki Anlve a. E, la a, tou de te reprezante jis la a.  

W ap pale devwale, revele, epi Revelasyon.

Men Li! Nou genyen L avèk nou kounye a, Sentespri a, Jezikri, menm lan a yè, jodi a, e pou tout tan. Nou se…L ap preche L ban nou, L ap anseye nou, L ap eseye fè nou wè sa ki bon ak sa ki mal. Se Sentespri a Limenm k ap pale nan bouch imen, k ap opere nan mitan èt imen, k ap eseye montre mizèrikòd ak gras.    

Nou se Sen yo ki gen Rad Blan an ke anj Li te wè ki soti toupatou sou tè a pou manje Pen Lavi a. Nou fiyanse e nou marye avè L e nou santi bo fiyansay Li sou kè nou. Nou angaje tèt nou avèk Li, e a Vwa Li sèl. Nou pa souye tèt nou, e nou p ap souye avèk okenn lòt vwa.

Lepouz la ap pare pou l monte tankou Jan te fè l; nan Prezans Bondye. N ap anlve lè Anlèvman Legliz la. Jan sa a fè vire nanm nou!

Ki sa Li pral revele nou answit?

Jijman yo; piè sadwan lan, e sa l reprezante; ki wòl li te jwe. Jasp la, e tout diferan piè yo. L ap pran yo tout nan Ezekyèl, depi nan Jenèz, tounen nan Apokalips, retounen nan mitan Bib la, pou fè lyen ant yo; tout piè ak koulè diferan sa yo. 

Se menm Sentespri a, menm Bondye a, k ap montre menm mirak yo, menm mèvèy yo, ap fè menm bagay la jan L te pwomèt li. Se Lepouz Jezikri k ap pare Tèt Li lè L ap tande Vwa Li.   

Nou envite nou pou nou vin jwenn nou alò ke n ap antre nan lye selès a midi, lè Jeffersonville, pou tande Eli, mesaje Bondye pou dènye laj sa a, k ap revele mistè ki te kache atravè laj yo. 

Frè Jozèf Branham

Mesaj: 60-1231 Apokalips, Chapit Kat Premye Pati

  • Tanpri sonje Mesaj Nouvèl Ane a, Madi swa: Konba A 62-1231. Pa gen pi bon fason pou kòmanse Nouvèl Ane a.