24-1225 Kado Vlope Bondye A

Mesagj: 60-1225 Kado Vlope Bondye A

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Madan JEZI,

Oh Ti Mouton Bondye, Ou se gwo Kado vlope Bondye bay mond lan. Ou ban nou pi gwo Kado ki te janm bay, Oumenm. Anvan Ou te kreye premye zetwal la, anvan Ou te kreye tè a, lalin lan, sistèm solè a, Ou te konnen nou e Ou te chazwi nou pou nou vin Lepouz Ou.

Lè Ou te wè nou lè sa a, Ou te renmen nou. Chè W se chè nou, zo W se zo nou; nou te fè pati de Ou. Jan Ou te renmen nou e Ou te vle fratènize avèk nou. Ou te vle pataje Lavi Etènèl Ou avèk nou. Nou te konnen lè sa a, nou t ap Madan JEZI W.

Ou te wè ke nou ta pral echwe, alò Ou te oblije ban nou yon mwayen pou retabli nou. Nou te pèdi e san espwa. Te gen jis yon sèl mwayen, Ou te dwe vin yon “Nouvo Kreyasyon”. Bondye ak lòm te dwe vin Youn. Ou te dwe vin noumenm, pou nou te ka vin Oumenm. Kidonk, Ou te mete gwo plan W an aksyon dè milye ane de sa nan jaden Edenn lan.  

Ou te tèlman anvi rete avèk nou, Lepouz Pawòl pafè pa W, men Ou te konnen ke Ou te dwe premyèman rann nou tout sa ki te pèdi nan kòmansman an. Ou tann e tann e tann jiska jou jodi a pou konplete plan W.

Jou a rive. Ti gwoup sa ke Ou te wè nan kòmansman an isi a. Cheri W ki renmen Oumenm ak Pawòl Ou plis pase tout bagay.

Li te lè pou W vini epi revele Tèt Ou nan chè imen jan Ou te fè avèk Abraham, e jan Ou te fè l lè Ou te vin yon nouvo Kreyasyon. Jan Ou t ap tann jou sa a pou revele nou tout gwo mistè yo ki te kache depi fondasyon mond lan.

Ou tèlman fyè de Lepouz Ou. Jan Ou renmen mete L an valè e di Satan: “kèlkeswa sa ou eseye fè yo, yo p ap bouje; yo p ap fè konpwomi sou Pawòl Mwen, Vwa Mwen. Yo se LEPOUZ PAWÒL PAFÈ pa M.” Yo tèlman bèl pou Mwen. Annik gade yo! Atravè tout tès ak eprèv yo, yo rete fidèl a Pawòl Mwen. M pral ba yo yon kado etènèl. Tout sa Mwen ye, Mwen ba yo l. N AP FÈ YOUN.

Tout sa nou ka di se: “JEZI, NOU RENMEN W. Pèmèt ke nou akeyi W lakay nou. Pèmèt ke nou wenn W epi lave pye W avèk dlo nan je nou epi bo yo. Pèmèt ke nou di W jan nou renmen W.”

Tout sa nou ye, nou ba Ou l JEZI. Sa se kado nou pou Ou JEZI. Nou renmen W. Nou adore W. Nou venere W.

Mwen envite nou tout pou vin jwenn nou Dimanch a midi, lè Jeffersonville, epi akeyi JEZI lakay nou, nan legliz nou, nan machin nou, kèlkeswa kote nou ye, epi resevwa pi gwo Kado ki te janm bay lèzòm; Bondye Limenm k ap pale epi k ap fratènize avè w.

Frè Jozèf Branham

60-1225 Kado Vlope Bondye A