Mesagj: 60-1206 Laj Legliz Esmin Lan
- 24-1027 Laj Legliz Esmin Lan
- 23-0507 Laj Legliz Esmin Lan
- 20-1115 Laj Legliz Esmin Lan
- Sitasyon pou jou / Pen chak jou
- 19-0127 Laj Legliz Esmin Lan
- 16-0316 Laj Legliz Esmin Lan
Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle
Byenneme Lepouz Ki Ranpli Ak Lespri,
Gen yon sèl gwoup moun; yon gwoup moun trè espesyal, ki kapab tande sa Lespri a di nan dènye laj sa a. Se yon gwoup espesyal ki resevwa Revelasyon an pou laj sa a. Gwoup sa a vin de Bondye. Gwoup la ki pa ka tande, li pa vin de Bondye.
Gwoup la ki ka tande e ki tande sa Lespri a di, yo resevwa Vrè Revelasyon an. Se nou ki gen Lespri Bondye a. Se nou ki ne de Bondye e ki batize ak Sentespri a. Nou se Lepouz Li ki ranpli ak Lespri, ki resevwa Revelasyon an pou epòk nou.
Sa sa vle di pou nou pou Peze Jwe? REVELASYON AN! Se tande, resevwa e rete avèk Chemen Bondye bay la pou jodi a. Vwa Bondye menm ki pale ak Lepouz Li de bouch a zorèy. Se Sentespri a k ap pale a kè nou e a nanm nou.
Nou konnen ke Bondye itilize lèzòm wen ak Lespri Li pou pale, men pa gen lòt kote pou tande Men Sa Seyè A Di ke Peze Jwe e tande VWA setyèm anj Li, William Marrion Branham. Se sèl Vwa a ki konfime pa Sentespri a Li menm. Li se Vwa Bondye, pwofèt Bondye, pastè Bondye, pou nou, e pou mond lan.
Lè li pale, nou di AMÈN a chak Pawòl; paske se Bondye Li menm k ap pale avè nou. Pawòl Li se sèl Pawòl ki pa bezwen entèpretasyon. Se Bondye k ap ititlize vwa li pou pale a Lepouz Li.
Se Bondye Li menm k ap di nou, “Ti pa M yo, se pa nou menm ki chwazi Mwen, men se Mwen menm ki chwazi nou. Avan te gen yon grenn pousyè zetwal, anvan menm ke nou konnen M kòm Bondye nou, M te konnen nou. Nou te nan Panse Mwen, nou te egziste nan Panse etènèl Mwen. Literalman, nou se Epouz Semans Pawòl Mwen ki Pale.
Byen ke nou te nan Panse etènèl Mwen, M pat eksprime nou anvan tan an ke M te deziyen e ke M te dekrete. Paske M te konnen ke NOU t ap gwoup espesyal Mwen ki t ap rete ak Pawòl Mwen. Tout lòt echwe, men M te konnen ke nou pa t ap echwe.
M konnen ke nou pèsekite e ke y ap pase nou nan betiz paske nou rete ak pwofèt Mwen, men nou se vrè Pye Rezen Mwen an ki p at ekate de Pawòl Mwen, e ki rete fidèl e lwayal a pwofèt Mwen ki pwononse Pawòl Mwen.
Gen anpil lòt moun ke yo te anseye fidèlman, men yo pa toujou aprann kijan li nesesè pou yo di sèlman sa Mwen di atravè mesaje Mwen an.”
Jan nou dwe pran prekosyon pou nou tande YON SÈL vwa, paske Lespri a gen yon sèl vwa ki se vwa Bondye.
Oh, jan li enpòtan pou tande vwa Bondye a atravè mesaje L yo, epi answit di sa yo te ba yo pou yo di legliz yo.
“Pawòl Mwen toujou vin jwenn pwofèt Mwen an, men nan jou sa a, Mwen te anrejistre Vwa Mwen an pou pa ta gen OKENN ERÈ nan sa Mwen di Lepouz la. Gen yon sèl fil a plon, yon sèl mezi, e se Pawòl la ke M te pwononse atravè anj Mwen. Kòm a chak aj, pwofèt Mwen an se Pawòl la pou jou jodi a.”
Bann yo, Vwa Li, se yon lèt lanmou pou nou. Alò ke ènmi an ap frape nou san rete atravè eprèv nou yo ak tribilasyon e soufrans nou yo, Li te voye pwisan anj Li a pou di nou ke se pa lòt bagay ke lanmou Bondye chwazi pou nou, ki pwouve nou ke Li chwazi nou paske nou pa t ap bouje.
Gwo objektif Li se apre ke nou fin soufri pandan yon ti tan, Li t ap fè nou pafè, Li t ap etabli nou e fòtifye nou. Li di nou ke menm Seyè Jezi nou an te pafè grasa soufrans Li. Ala yon benediksyon Li kite pou nou. Paske grasa soufrans nou, Li t ap mennen nou nan pèfeksyon tou.
Li bati karaktè nou atravè eprèv ak tribilasyon nou yo. Paske nou pa ka fòme karaktè nou san soufrans. Kidonk, soufrans nou yo, se yon VIKTWA pou nou, e pa yon don.
Kijan nou ka pwouve lanmou nou pou Li?
- Kwè sa Li di.
- Rete ak Pawòl Li.
- Kondwi tèt nou ak lajwa atravè eprèv ak tribilasyon nou yo ke Li pèmèt nan sajès Li.
Jan Li leve lespri nou lè nou tande Pawòl Li. Vwa Li rekonfòte nanm nou. Lè nou Peze Jwe e nou tande L k ap pale, tout chay nou yo leve. Nou pa ka menm kòmanse imajine ki trezò ki rezève pou nou atravè tout tribilasyon nou yo.
Oh, Epouz Jezikri, jan mwen kontan m se Youn Nan Yo avèk nou chak. Ala yon jwa ki ranpli kè mwen pou m konnen ke Li ban nou yon Revelasyon Pawòl Li. Alò ke L di nou ke l ap tèlman pre ke l ta sedwi menm eli yo si l te posib, Li ban nou VRÈ REVELASYON an.
Vini, antre nan Lespri a avè nou Dimanch sa a midi, lè Jeffersonville, alò ke n ap tande Pawòl pafè a: 60-1206 – Laj Legliz Esmin Lan.
Frè Jozèf Branham