Mesagj: 62-1007 Kle Pou Pòt La
Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle
Byenneme Moun Ki Gen Kle Lafwa,
“M se Pòt patiraj la. Se Mwen menm ki Chemen an, sèl Chemen an, Verite a, epi Lavi, e pèsonn pa ka al jwenn Papa a si li pa pase nan Mwen. Se Mwen menm ki Pòt tout bagay, e lafwa se kle ki louvri Pòt la pou nou ka antre.”
Gen yon sèl men ki ka kenbe kle sa a, e se men LAFWA a. LAFWA se sèl kle ki louvri tout pwomès Bondye yo. Lè zèv li akonpli, LAFWA louvri tout pòt tout trezò ki genyen anndan Wayòm Bondye a. LAFWA se gwo Kle paspatou ki louvri TOUT PÒT POU LEPOUZ LI e nou kenbe kle sa a nan MEN LAFWA nou.
Kle lafwa sa a nan kè nou, e nou di: “Se Pawòl Bondye; Se pwomès Bondye pou nou, e nou gen kle a”. Alò, avèk chak tikras lafwa nou genyen, san doute yon segonn, nou louvri chak pòt ki kanpe ant nou menn e benediksyon Bondye gen pou nou. Li kalme vyolans dife a. Li debloke gerizon malad yo. Li debloke sali nou. Nou rive nan Pòt la e kèlkeswa sa nou fè an pawòl ou an aksyon, nou fè tout bagay nan Non Li, paske nou konnen ke nou gen kle lafwa a; e se yon kle ki fèt selon Lekriti.
Sa pa deranje m sa lòt moun panse, gen yon bagay ki sèten: Bondye rele NOU, Li predestine NOU, Li revele nou Pawòl Li, Li di nou kiyès nou ye, e nou detèmine pou swiv Pawòl Li, paske Li rele nou pou nou vin Lepouz Li.
Papa te kenbe sèt zetwal Li yo, sèt mesaje Li yo, pou sèt laj yo nan men Li. Li kenbe yo nan men Li, kidonk yo asosye avèk pwisans Li. Se sa men an vle di. Li vle di pwisans Bondye a! Epi otorite Bondye.
Nou kenbe Pawòl Li nan men Lafwa nou, ki vle di ke pwisans lan ak otorite Bondye nan MEN NOU e Li ban nou KLE a pou nou louvri tout pòt pou tout sa nou bezwen. Se Kle Paspatou a ki pral louvri TOUT PÒT.
M konnen kounye a poukisa Bondye ban nou 5 dwèt nan chak men; pa 4, pa 6, men 5, kidonk chak fwa nou gade men nou n ap sonje, nou gen LAFWA pou debloke chak pòt.
Se yon siy etènèl pou ras imen an pou nou pa janm bliye; toujou sonje epi pran kouraj, nou kenbe LAFWA sa a nan men nou. E L ap elve lafwa nou ki tankou yon grenn moutad epi Li pral ban nou GWO LAFWA LI NAN PAWÒL ENFAYIB ETÈNÈL LI KI PA JANM KA ECHE!!!
Nou ka leve bra nou vè Syèl la, ekate 5 dwèt nou sou chak men epi di Li: “Papa, nou kwè e nou gen LAFWA nan chak Pawòl Ou pwononse. Se Pwomès Ou, Pawòl Ou, e Ou pral ban nou LAFWA KE NOU BEZWEN AN si nou jis kwè…e nou KWÈ.”
Kòm nou p ap gen sèvis Kominyon an anvan Dimanch swa, m ta renmen ankouraje nou pou nou chwazi yon Mesaj pou nou tande avèk Legliz nou, fanmi, ou poukont nou, Dimanch maten, nan yon lè ki bon pou nou. An verite pa gen meyè fason pou evalye Lafwa nou pase lè nou tande Pawòl la; paske LAFWA vini de sa nou tande, lè nou tande Pawòl la, e Pawòl la vin a pwofèt la.
Alò annou tout ini ansanm a 5:00pm (lè lokal nou) pou tande Mesaj la, 62-1007 Kle Pou Pòt La. Jan sa te anonse, m ta renmen fè sa yon Sèvis Kominyon Espesyal, ki pral jwe sou Radyo Vwa a 5:00pm (lè Jeffersonville). Nou ka telechaje epi jwe sèvis la an Anglè oubyen nan lòt lang lè nou klike la a: KLIKE ISIT.
Kòm pou lòt sèvis Kominyon Lakay yo ke nou te fè lontan, nan fen bann lan Frè Branham pral priye pou pen an epi diven an. Pral gen mizik pyano pandan plizyè minit pou nou ka konplete pati Kominyon an nan sèvis la. Apresa, Frè Branham pral li Ekriti a ki gen rapò avèk lavman pye yo, epi Kantik Levanjil pral swiv lekti li pandan plizyè minit, pou nou ka konplete pati sèvis lavman pye yo.
Ala yon privilèj nou genyen pou nou envite Seyè Jezi nou pou soupe avèk nou chak lakay nou, ou kèlkeswa kote nou ye. Priye pou mwen lè n ap pale avè L, alò ke m pral sètènman priye pou nou.
Ke Bondye beni nou,
Frè Jozèf Branham