Mesagj: 65-0822e Filtè Yon Nonm Ki Reflechi
- 24-0915 Filtè Yon Nonm Ki Reflechi
- 23-0226 Filtè Yon Nonm Ki Reflechi
- 21-1031 Filtè Yon Nonm Ki Reflechi
- 21-0606 Filtè Yon Nonm Ki Reflechi
- 17-1119 Filtè Yon Nonm Ki Reflechi
Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle
Byenneme Madanm Jezikri,
Lespri Bondye vivan an, ap soufle sou nou. Pèmèt nou pran Filtè W epi viv anba L, Seyè. Respire lè frè Sentespri a nan poumon nou yo epi nan nanm nou chak jou. Nou ka viv sèlman pa Pawòl Ou; chak Pawòl ki soti nan bouch Ou pou laj sa a ke n ap viv ladann.
Nou goute nan bagay Ou ki sot nan Syèl la; e nou gen Pawòl Ou nan kè nou. Nou wè Pawòl Ou ki manifeste devan nou, e tout nanm nou anvlope Ladann. Mond sa a ak tout bagay ki nan Lemonn mouri pou nou.
Nou se jèm semans Pawòl Ou ki te nan Ou depi nan kòmansman an, nou kanpe la a, ap pwize semans Lavi W. Semans Ou nan kè nou, pa presyans Ou. Ou predestine nou pou pwize okenn lòt bagay, ke Pawòl Ou, Vwa W, sou bann yo.
Laj je yo rive; pa rete lòt bagay ke Vini W pou Lepouz Ou. Filtè nou se Pawòl Ou, Malachi 4, Ensi Di Seyè A.
Kite nou plante Pawòl Ou nan kè nou, epi pran rezolisyon pou nou pa detounen ni a dwat ni a gòch, men n ap viv fidèl anvè Li chak jou nan vi nou. Papa, voye sou nou Sentespri Lavi a, epi vivifye Pawòl Ou pou nou, pou nou ka manifeste W.
Dezi kè nou se pou nou de vrè pitit gason ak pitit fi pou Ou. Nou chita nan prezans Vwa W, n ap muri, n ap prepare tèt nou pou Soupe Nòs nou an avè W ki byento.
Nasyon yo ap kraze. Mond lan ap dechire. Tranblemanntè ap souke Kalifòni jou Ou di nou li. Nou konnen ke trè byento on gow mòso longè mil katsan kilomèt, epi yon lajè katsan katreven a sis san karant kilomèt, pral koule, petèt a yon pwofondè swasant-senk kilomèt nan gwo fay sa a lòt bò a. Vag pral pwopaje jiske nan eta Kentucky, e lè sa a, li pral souke mond lan tèlman fò ke tout bagay sou sifas li pral tonbe.
Dènye avètisman W lanse. Mond lan nan dezòd total, men pandan tout tan sa a Lepouz Ou ap repoze sou Ou menm ak Pawòl Ou, nou chita ansanm nan lye selès alò ke W ap pale avè nou, epi W ap konsole nou sou wout la.
Jan nou rekonesan, Papa, dèske nou ka tou senpleman “Peze Jwe” epi tande Vwa W k ap pale avè nou, k ap ankouraje nou epi ap di nou:
Pa pè, ti Twoupo. Tout sa Mwen ye, nou se eritye l. Tout pouvwa Mwen pou nou. Tout pwisans Mwen pou nou alò ke Mwen kanpe nan mitan nou. M pa vin pote lakrent avèk echèk, men lanmou ak kouraj epi kapasite. Yo ban Mwen tout pouvwa e se nou menm ki pou itilize l. Pwononse Pawòl la epi M ap akonpli l. Sa se alyans Mwen e l pap janm echwe.”
Oh Papa, nou pa bezwen pè ANYEN. Ou ban nou lanmou W, kouraj, e kapasite. Pawòl Ou nan nou pou nou itilize L lè nou bezwen L. Nou pwononse L, epi W ap akonpli L. Se alyans Ou, e L pap JANM ECHWE.
Mo yon mòtèl pa ka eksprime sa nou resanti, Papa, men nou konnen ke Ou wè nan kè nou e nan nanm nou, paske nou fè pati de Ou.
Jan nou rekonesan dèske Ou bay yon mwayen pou mond lan tande Vwa W nan fen tan sa a. Chak semèn, Ou envite mond lan vin rasanble pou tande anj mesaje W alò ke W ap ban nou Manje Mouton ki te sere pou nou soutni nou jiskaske W tounen vin chache nou.
Nou renmen W Papa.
Frè Jozèf Branham
Mesaj: 65-0822E Filtè Yon Nonm Ki Reflechi
Lè: midi, lè Jeffersonville
Ekriti: Nonm 19:9 / Efèz 5:22-26