24-0512 Kesyon Ak Repons Nimewo #3

Mesagj: 64-1013 Kesyon Ak Repons Nimewo #3

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Lepouz Vyèj Pi,

Jan m renmen ankouraje nou chak semèn pou Peze Jwe epi pou tande Vwa Bondye pou epòk nou. Paske m konnen ke se Pwogram pafè Bondye pou epòk nou.

Se pa sa Jozèf Branham di ou kwè. Se sa Vwa Bondye ki konfime a di nou:

Mwen se Vwa Bondye pou nou.

Si nou gen kèlkeswa revelasyon Mesaj sa a, sèl ti sitasyon sa a ta dwe plis ke ase pou nou pou di tout moun nou kwaze; tout kwayan, di legliz nou: Vwa sa a se Vwa a ki pi enpòtan ke nou DWE TANDE.

Lè nou panse ke Pawòl yo ke nou tande lè nou Peze Jwe se Vwa Bondye k ap pale dirèkteman avè nou. Papa nou fè yo anrejistre l epi sere l pou nou te ka Peze Jwe chak segonn chak jou; konsa nou ka tande L k ap ankouraje nou, beni nou, wen nou epi chase tout sa nou pè ak tout dout nou yo, tout sa lè nou jis Peze Jwe.

Tout sa nou bezwen lè a, Peze Jwe, epi men li. Li la pou raple nou ke NOU SE PAWÒL LA. Li avè nou, bò kote nou, ANDEDAN NOU. Satan se yon blofè. Yo kale li. Pa gen anyen ki ka retire Pawòl sa a nan men nou. Bondye ban nou Li pa presyans Li, Li konnen ke nou se Lepouz Li. Nou te avè L depi kòmansman an.  

Ki Vwa nou ta ka tande ki ta pi gran pase sèl Vwa ki te konfime pa Kolòn Dife a kòm etan Vwa Bondye a?

Pa gen lòt Vwa.

Kisa Vwa sa te di nou semèn pase a?

M toujou reklame nou e sa―tankou frè m ak sè m. Nou se pitit mwen; M―m se papa nou nan Levanjil la, pa papa tankou se tap yon prèt, m se―m se papa nou nan Levanjil lan menm jan Pòl te di la a. M te anjandre nou pou Kris, e kounye a, mwen―mwen marye nou ak Kris; sa fiyanse nou ak Kris kòm yon vyèj pi. Pa desevwa mwen! Pa desevwa mwen! Rete yon vyèj pi. 

Nou dwe rete yon vyèj pi pou Pawòl la, Vwa sa a. Pou nou menm, gen yon SÈL FASON pou asire nou ke nou fè sa: PEZE JWE.

Si nou kwè m pou sa nou di m ye a, sèvitè Bondye, pwofèt, koute sa m ap di nou. Ou wè? Petèt nou ka pa ka konprann sa, e si nou pa kapab, alò fè jis sa m di nou fè a.

Wi, gen lòt nonm ki wen ak Sentespri, epi avèk gras e mizerikòd Bondye, m priye pou m se youn nan nonm sa yo. M kwè ke Li te rele m pou kenbe Pawòl Li devan nou epi pwente nou a Mesaj sa a, Pawòl Bondye a, Vwa sa a.

Jan Pyè te di, m p ap manke raple nou toutan ke gen YON SÈL VWA ke Bondye rele pou revele Pawòl Li. Yon sèl Vwa ke Bondye konfime. Yon sèl Vwa ke Bondye di: “Koute Li.” Yon sèl Vwa ke Bondye di: “M se Vwa Bondye pou nou.”

Sonje sa ak tout kè nou: rete ak Pawòl sa! Piga nou kite Pawòl sa! Tout sa ki kontrè ak Sa, kite l trankil, pe enpòt sa l ye a. Konsa nou konnen Se kòrèk.

M konprann trè byen poukisa yo tèlman pa konprann mwen epi gen kèk ki santi ke mwen kont tout minis yo; ke m kwè ke pèsonn ta dwe preche. “Si nou tande yon lòt minis ke Frè Branham, nou pa Lepouz la.” Jan mwen di l anpil fwa, m pa janm di sa epi m pa kwè sa. 

Pwofèt la eksplike l trè byen semèn pase a jan m santi m epi sa mwen kwè.

Te gen omwen twa lòt legliz Mesaj la nan zòn Jeffersonville nan epòk lè Frè Branham te isit. Nan sèvis Dimanch pase a, li di ke pastè lokal yo p at la nan sèvis aswè a. Yo te gen pwòp sèvis yo nan aswè. Donk, yo p at vle vin tande Frè Branham pou sèvis aswè a, men yo te vle gen sèvis nan legliz pa yo. Se te desizyon pa yo e se sa yo te santi yo te dwe fè, e Frè Branham te dakò. 

Jodi a toujou gen plizyè legliz nan zòn Jeffersonville. Yo menm tou yo dwe fè jan Seyè a kondwi yo pou yo fè. Si yo pa anvi jwe bann yo, louwe Seyè a, y ap fè sa yo santi yo dwe fè, e se sa yo ta dwe fè. Yo toujou frè nou ak sè nou e yo renmen Mesaj sa a. Men nou dwe fè sa nou santi nou dwe fè: Peze Jwe. Nou vle tande pwofèt la.     

Menm jan Frè Branham te fè l 30 Out, 1964, m envite nou vin jwenn nou a midi, lè Jeffersonville, alò ke nou pral tande yon lòt fwa pwofèt la ki pral preche nou Mesaj la: 64-0830M Kesyon Ak Repons #3.

Frè Jozèf Branham