25-0504 Adopsyon #1

Mesagj: 60-0515E Adopsyon #1

PDF

BranhamTabernacle.org

Byenneme Moun Yo Ki Adopte,

Kounye a n ap manje bagay yo ki solid nan Bondye e nou gen yon konpreyansyon klè de Pawòl Li a. Bondye ban nou vrè Revelasyon de Pawòl Li a. Lespri espirityèl nou toutafè klè.

Nou KONNEN egzakteman Kiyès Li ye. Nou KONNEN egzakteman kisa Li ye. Nou KONNEN egzakteman kote nou prale. Nou KONNEN egzakteman ki moun nou ye. Nou KONNEN nan Ki Moun nou te kwè e nou konvenki ke Li gen pwisans pou kenbe depo nou jiska jou sa la a.

Li pale e Li revele nou tout mistè yo ki te kache depi fondasyon mond lan. Li rakonte nou kijan lòt moun te toujou rejte chemen ke L te bay la e yo te vle yon lidèchip diferan, men Li t ap gen yon ti gwoup ki t ap rete fidèl ak Pawòl Li a.

Atravè mond lan, yo p ap rasanble yon sèl kote pou gen bagay an komen. Men ti gwoup pral epapiye sou tout tè a.

Glwa, nou epapiye sou tout tè a, men nou Ini, pou fè Youn, lè nou Peze Jwe e n ap tande Vwa Bondye a k ap pale avè nou.

Annou gade epi gen yon avangou de sa L pral di nou atravè pwisan anj Li a nan Dimanch.

Byenneme Moun yo ke M chwazi, kounye a nou chita ansanm nan lye Selès. Pa jis nenpòt ki kote, men nan lye “Selès”; se pozisyon nou antan ke kwayan. Nou nan yon atmosfè lapriyè e nou pare pou Mesaj la. Nou reyini ansanm antan ke sen, batize avèk Sentespri a, ranpli avèk benediksyon Bondye yo. Yo rele nou, yo chawzi nou,  epi lespri nou mennen nan yon atmosfè Selès. 

Kisa k ka rive. Sentespri M pral repann sou tout kè yo. Nou rejenere e nou vin tounen yon nouvo kreyati nan Jezikri. Tout peche nou yo anba San an. Nou nan adorasyon pafè, ak men nou e kè nou ki leve vè Mwen, ap adore M ansanm nan lye Selès.

Nou Predestine, Eli, nan Presyans Mwen. Chwazi, Sanktifye, Jistifye pa Predestinasyon. Li enposib ke nou sedwi. Mwen predestine nou anvan fondasyon mond lan. Nou se yon Bondye amatè, ki sele pa Sentespri ki te pwomèt la; pa sèlman fèt nan fanmi an, men Pitit gason ak Pitit fi M ki adopte.

M pral beni nou avèk gerizon divin, presyans, revelasyon, vizyon, pwisans, lang, entèpretasyon, sajès, konesans, e tout benediksyon Selès yo, avèk yon jwa inexprimab epi ki plen ak Glwa.  

Chak kè pral ranpli avèk Lespri Mwen an. Nou pral mache ansanm, chita ansanm, nan lye Selès. Pa yon sèl move panse nan mitan nou, pa yon sèl sigarèt k ap fimen, pa yon sèl rad kout, pa yon sèl sesi, sela ou lòt bagay, pa yon sèl move panse, pèsonn pa gen anyen kont lòt, tout moun ap pale ak lanmou e an amoni, tout moun ak yon sèl akò nan yon kote.

Apresa toudenkou pral gen yon bwi k ap soti nan Syèl la tankou yon van fò pwisan e Mwen pral beni nou ak tout benediksyon espirityèl yo. Apresa n ap tankou David, k ap danse devan Ak la, ap di mond lan nou pa wont, NOU SE LEPOUZ MWEN KI KOUTE BANN YO! Nou peze jwe e nou kwè CHAK PAWÒL ke Mwen pwononse. Nou p ap, e nou pa ka tranble!

Lòt moun ka rejte Li, ou pa ka konprann Li, men pou nou menm, Se Badj Onè nou. Jan David te di madanm li a;  “ou panse sa se te yon bagay, jis tann jiska demen, nou pral tande plis bann toujou, ap louwe Seyè a, ranpli ak Lespri Li; paske n ap viv nan Kanaran, an wout vè tè pwomiz la.”

Apresa M pral gade depi anlè Syèl la e M pral di nou:

“Nou se Lepouz Mwen selon Pwòp kè Mwen.”

Benediksyon sa yo ka pou nou tou. Vin jwenn nou Dimanch sa a midi, lè Jeffersonville, epi viv eksperyans prezans Seyè a kòm jamè oparavan alò ke n ap tande Vwa Bondye a pou jou jodi a k ap pale avè nou epi k ap pote nou Mesaj la: Adopsyon #1 60-0515E.

Sonje, sa se pou legliz la, pa pou etranje a. Se yon mistè an enigm pou li, li pa janm ka konprann, sa pase anlè tèt li, li pa konn anyen de sa, anyen menm. Men, pou legliz la, se myèl nan wòch la, se yon jwa inexprimab, se asirans lan ki beni, se lank nanm lan, se espwa nou e sipò nou, se Wòch Laj yo, oh, se tout bagay ki bon. Paske syèl la ak tè a pral pase, men Pawòl Bondye a p ap janm pase.  

Frè Jozèh Branham

Ekriti pou li anvan Mesaj la:

Jowel 2:28

Efèz 1:1-5

1 Korint 12:13

1 Pyè 1:20

Apokalips 17:8

Apokalips 13