25-0316 Premye So A

Mesagj: 63-0318 Premye So A

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Rèn Mwen Ki Nan Syèl La,

M gen anpil bagay an rezèv pou ou Dimanch sa a. Premyèman, ou pral tande yon batman Tonè. Se pral Vwa Mwen, Vwa Bondye k ap pale avè w, Epouz Mwen. M pral revele w Pawòl Mwen an ba ou kòm jamè. Ou pral wè Mwen, ti Mouton k ap senyen an ke yo te sakrifye depi fondasyon mond lan, k ap pran epi ouvri Liv la, rache So yo, epi voye l desann sou tè a, bay setyèm anj mesaje Mwen an, William Marrion Branham, pou revele W mistè ki te kache depi fondasyon mond lan!

Pral gen rèl, kriye, epi alelouya k ap soti toupatou nan mond lan alò ke m pral pale avè w. Lyon an pral gwonde; wen yo, pwisans lan, glwa a, manifestasyon an ap san parèy. Ou menm, Rèn Mwen an, w ap chita nan lye selès alò ke m pral pale avè w epi ke m pral ba ou Lafwa pou Anlèvman an.

Sonje byen, ou dwe gen Lafwa sa a ki te transmèt bay sen yo yon fwa pou tout. Mwen di w, ou dwe tande anj Mwen an ke M te voye ba ou.

Li dwe “restore Lafwa timoun yo tounen bay papa an.” Lafwa Bib orijinal lan dwe restore pa setyèm anj lan.

Pawòl Mwen di w, nan jou Vwa setyèm anj lan, l ap sonnen, klewonnen twonpèt Levanjil la, li gen pou l fini ak tout mistè Bondye yo. Pa gen anyen pou ajoute ni retire a sa mwen di sou bann yo; annik di sa Mwen pwononse atravè anj mesaje Mwen an. Se poutèt sa Mwen te fè anrejistre l, konsa ou t ap ka tou senpleman PEZE JWE epi tande egzakteman sa Mwen di, epi ki jan Mwen di l. Sa pral ba ou Lafwa Anlèvman an.

Byenneme Rèn Mwen, nan Je Mwen, ou pafètman, absoliman, san peche devan Mwen. Pa enkyete w, ou P AP pase nan tribilasyon; paske ou aksepte San Mwen, Pawòl Mwen, anj Mwen, Vwa Mwen, konsa ou totalman san peche devan mwen.

M tèlman gen bèl bagay an rezèv pou ou. Ou wè Pawòl Mwen k ap dewoule devan je w chak jou. Mwen prezante siy nan syèl la pou di w ke yon bagay pral rive. M ap vini, prepare w. Plase Pawòl Mwen, Vwa Mwen, an premye nan vi w.

Mete tou bagay sou kote, pa gen anyen ki pi enpòtan pase Pawòl Mwen an. Mwen konnen ke lènmi an ap eseye mete w atè, men Mwen te pwomèt ou ke Mwen t ap leve w. Mwen avè w, menm NAN OU. Ou menm avè M n ap vin fè Youn alò ke M ap revele w Pawòl Mwen an ba ou.

Ou konnen nan kè w, ou SE Rèn Epouz Mwen. Ou konnen ke Mwen predestine w. Ou konnen Mwen renmen w. Ou konnen Mwen avè w chak segonn, chak jou. Ou konnen Mwen p ap JANM KITE W.

Nou pral pase de bèl moman alò ke M pral revele w plis chak Dimanch, chak jou, alò ke ou pral tande M k ap pale avè w atravè anj Mwen an. Lòt moun ka pa konprann oubyen wè sa ou menm ou wè, men Li ankre nan kè w ke sa a se Chemen Mwen bay la. 

Ala yon refij Mwen ba ou. Ou ka senpleman Peze Jwe nenpòt ki lè, lajounen kou lannwit, pou w tande M k ap pale avè w. Mwen pral rekonfòte nanm ou alò ke M ap revele Pawòl Mwen an epi M ap di w kiyès ou ye. Chak Mesaj se pou ou, e pou ou menm sèl. Nou ka kominye e adore ansanm nenpòt lè ou vle.

Dimanch a midi, lè Jeffersonville, on pati nan Lepouz la pral rasanble atravè mond lan pou tande gwo mistè sa yo k ap revele. Mwen envite nou vin jwenn nou alò ke n ap tande, 63-0318 – “Premye So A”.

Frè Jozèf

Ekriti pou li an preparasyon pou tande Mesaj la:

Matye 10:1 / 11:1-14 / 24:6 / 28:19

Jan 12:23-28

Akt 2:38

2 Tesalonik 2:3-12

Ebre 4:12

Apokalips 6:1-2 / 10:1-7 / 12:7-9 / 13:16 / 19:11-16

Malachi chapit 3 e 4

Danyèl 8:23-25 / 11:21 / 9:25-27