24-0519 Kesyon Ak Repons Nimewo #4

Mesagj: 64-0830E Kesyon Ak Repons Nimewo 4

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Fanmi Bann Yo,

Mwen vle di nou menm, fanmi mwen, ak fanmi deyò a nan mond lan kote nou… kote bann nou yo prale a

Sa se nou menm, Fanmi Bann pwofèt la; timoun li yo ki dispèse nan mond lan, sa yo ke li anjandre a Kris. Sa yo ke Papa a te bay Revelasyon an de Li menm nan dènye jou sa yo. 

Mwen vle rasanble yo tout ansanm youn nan jou sa yo, ou wè, si Papa vle, epi answit nou pral—n ap gen yon Lakay kote nou p ap gen pou nou vagabonde ankò.

MWEN VLE RASANBLE YO TOUT ANSANM. Se sa k ap pase kounye a. Mesaj sa a, Pawòl Li a, Bann sa yo ap fè egzakteman sa: rasanble Lepouz la, ini nou kòm YON SÈL INITE atravè mond lan. Pa gen anyen lòt ke Vwa Li; Vwa Bondye a sou bann yo, ki ka rasanble Lepouz Li ansanm.

Epi ou menm, lè w ranpli ak Lespri a, men youn nan pi bon siy mwen konnen: ou tèlman renmen Kris la e ou kwè tout Pawòl Li di se Laverite. Ou wè? Sa a se prèv la ke ou gen Sentespri a. Epi lavi ou plen ak lajwa, e—e o la la, tout bagay diferan (ou wè?) pase sa li te konn abitye ye. Se sa Sentespri a.

Kè nou, lespri nou ak nanm nou yo tèlman ranpli ak lajwa, lanmou e Revelasyon, nou gen difikilte retni nou. Chak mesaj ke nou tande pote plis Revelasyon. Nou wè kiyès nou ye epi sa n ap fè se Volonte Pafè Li. Pa gen anyen ki ka elwaye nou de sa Bondye mete nan kè nou. Peze Jwe, se Chemen ke Bondye ban nou pou jodi a. Pa gen devinèt, pa gen espere, pa gen mande Sentespri a: “Èske sa m fèk tande a se vrè Pawòl la?” “Èske m bezwen verifye l avèk Pawòl la?”

Pa nou menm. Sa nou tande sou bann yo SE PAWÒL LA. Pawòl sa a ke nou tande sou bann yo se SÈL PAWÒL ki te konfime pa Sentespri a Li menm, Kolòn Dife a, kòm etan Ensi Di Seyè A pou Lepouz la.

Si yon moun di nou: “Tèlman gen bagay ki te di sou bann yo ki te jis pawòl Frè Branham, pa Pawòl wen an. Sa se te jis nonm lan. Sentespri a montre nou sa ki Pawòl la e sa ki te jis Frè Branham k ap pale.”

Se pa nou. Nou jis kwè sa pwofèt la di nou pou nou pa janm bliye.

M vle ke nou pa janm bliye Pawòl sa a. Sa Moyiz te di, Bondye te onore, paske Pawòl Bondye te nan Moyiz.

Nou p ap janm bliye sa pwofèt la di, e nou kwè Li; paske Li grave nan kè nou avèk yon plim an fè. Sa li di sou bann yo, Bondye onore L, e nou kwè Li.

Pa gen pi gwo onè pase pou chita epi tande Vwa Bondye a k ap pale avè nou. Li pral pale avèk Lepoux Li Dimanch sa a midi, lè Jeffersonville, epi Li pral reponn kesyon: 64-0830E Kesyon Ak Repons #4. M ta renmen envite nou pou vin ini avè nou. Se yon desizyon ke nou p ap janm regrèt.

Frè Jozèf Branham