26-0215 Kesyon Ak Repons Nimewo #4

Mesagj: 64-0830E Kesyon Ak Repons Nimewo 4

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Fanmi Wayal,

Gen YON sèl kote konfime kote ou ka ale pou tande Seyè a pale atravè zanj Li a epi di ou: “Toujou sonje, nou se pitit Bondye, yon Fanmi Wayal ki gen San Wayal. Pa gen pi bon San nan mond lan pase pa w la. Nou se pitit mwen yo, gaye toupatou sou latè, ke mwen te anjandre pou Kris.”

Nou se Fanmi Wayal Bondye a avèk San Wayal k ap koule nan venn nou. Timoun ki te fèt pou Kris pa Vwa Bondye k ap pale atravè pwofèt puisan Li. Pa gen pi bon pase sa zanmi m yo.

Frè Branham, èske Lepouz la ap bezwen demenaje Jeffersonville oubyen Arizona pou l ka nan Anlèvman an ?

“Pral gen de nan yon kabann; M ap pran youn epi kite youn; epi de nan yon jaden, epi M ap pran youn epi kite youn.” Ou wè? Kifè yo pwobableman…Atravè mond lan, yo p ap rasanble nan yon sèl kote pou yo gen bagay an komen. Men ti gwoup pami yo pral gaye sou tout tè a.

Kidonk fizikman, nou tout p ap yon sèl kote an menm tan. Men glwa pou Bondye, Li te gen yon plan ki pi gran toujou pou l reyini Lepouz Li.

Nou priye pou tout legliz yo ak kongregasyon ki rasanble bò kote ti-ti-ti mikwofòn yo toupatou, nan tout peyi a, jiska Kòt Lwès la, la a nan mòn Arizona, desann nan plèn Texas, jiske la ba a sou Kòt Lès la, nan tout peyi a, Seyè, la a kote yo rasanble. Anpil lè separe nou nan tan, men, Seyè, nou fòme yon sèl blòk ansanm aswè a, kwayan, k ap tann Vini Mesi a.

Jodi a, non sèlman L ap rasanble Lepouz Li toupatou nan peyi sa a, men L ap rasanble NOU menm tou sou 7 kontinan nan mond lan. Depi an Afrik rive Antatik. Amerik di Nò ak Amerik di Sid, Azi, Ostrali ak Ewòp. L ap rasanble epi ini Lepouz Li kòm YON SÈL BLÒK pou tande Vwa Bondye a.

Li te di nou pou n al legliz; menm kote yo anseye mwatye Pawòl la, JISKASKE nou ka jwenn yon legliz kote yo anseye TOUT PAWÒL LA. Lwanj pou Bondye, Lepouz la jwenn plas sa a kounye a, Vwa Bondye sou Bann yo se TOUT PAWÒL la.

Kit ou nan legliz Bann Lakay ou, legliz ou kote anpil fanmi reyini, oswa nan yon ti kay nan forè Amazon oswa ann Afrik, kèlkeswa kote ou ka peze Jwe pou tande Vwa Bondye a k ap pale avè ww de bouch a zòrèy, w ap nan yon LEGLIZ KI GEN TOUT PAWÒL LA.

Nou jwenn legliz ki gen tout Pawòl sa a epi nou envite w vin jwenn nou Dimanch sa a midi, lè Jeffersonville, alò ke n ap tande: Kesyon ak Repons #4 64-0830E.

Frè Jozèf Branham