Mesagj: 64-0213 Alò Jezi Te Vini Epi Li Te Rele
Byenneme Lepouz Pawòl,
N ap viv nan moman ki pi nwa yo, men nou PA PÈ, Mèt la vini. Li vini pou akonpli Pawòl Li nan dènye jou a. Sa L te ye lè sa a, se sa L ye jodi a. Sa manifestasyon oswa idantifikasyon Li te ye lè sa a, se sa L ye jodi a. Li toujou Pawòl Bondye a, ki manifeste nan kò moun atravè setyèm zanj pwisan Li a, epi Li revele nou ke nou se Lepouz Li, Pawòl vivan an.
Nou pa gen tan pou nou diskite oswa pou nou ajite tèt nou; nou depase etap sa a; n ap avanse, nou dwe rive. Sentespri a vini nan mitan nou. Seyè Jezi a, nan fòm Lespri a, revele tèt Li epi manifeste tèt Li atravè pwofèt Li a, ki se Vwa Bondye pou Lepouz Li a.
Li te di L ap vini. Li te di Li t ap fè sa. Li te di L ap parèt sou sèn lan nan dènye jou yo epi fè bagay sa yo jan Li te fè lè Li te vini nan lachè premye fwa a, epi men Li k ap fè l. Kisa ou pè? ANYEN!!!
Nou sou chemen Glwa a! Pa gen anyen k ap kanpe nou. Bondye pral konfime Pawòl Li. Kèlkeswa sa k ap rive. Lè a rive pou nou aji. Lè a rive pou nou kwè oubyen pou nou pa kwè. Liy separasyon sa a ki vini pou chak gason ak chak fanm lan rive.
Ou te fèt pou yon objektif. Lè Limyè a te frape w, Li te chase tout fènwa ki te anndan w lan. Lè w te tande Vwa Li k ap pale avè w sou bann yo, yon bagay te rive. Li te pale avèk nanm ou. Li te di, “Mèt la vini epi L ap rele w. Pa dekouraje, pa pè, M ap rele w. Ou se Lepouz Mwen.”
O, zanmi m yo, se pou nou sèten! Pa pran okenn chans. Bondye gen yon pwogram: Pawòl Li, ke Li anrejistre sou bann yo. Mèt la vini e L ap rele w. Vin nan chemen Bondye bay la.
Mèt la pral reyini Lepouz Li ankò atravè lemond atravè Vwa Li. Li pral ankouraje nou, rasire nou, geri nou, mennen nou nan pwisan Prezans Li, epi L ap di nou:
Mèt la vini epi L rele w. O, pechè, o, moun malad, èske nou pa wè Mèt la ki manifeste nan yon èt imen, nan mitan kwayan yo? Li vin rele pitit Li yo ki kwè nan lasante. Li vin rele pechè a nan repantans. Retwograd, manm legliz, Mèt la vini epi Li rele nou.
Ala yon devèsman Sentespri Li a, Lepouz la pral resevwa Dimanch sa a, alò ke Bondye ap rasanble pitit Li yo ankò epi ap antre lakay nou, legliz nou yo, rasanbleman nou yo, epi ap rele nou, ap di nou: “Mèt la vini epi L ap rele nou. Kèlkeswa sa nou bezwen, li pou nou.”
Kite pawòl sa yo antre fon nan kè nou, frè ak sè m yo. KÈLKESWA SA NOU BEZWEN, MÈT LA VINI E LI BA NOU L.
Papa ki nan Syèl la, O Seyè, kite l rive ankò. Tout bagay sa yo ke m di: “Jezi vini epi L rele w.” Kisa L fè lè L vini? Li rele. E kite l rive ankò, Seyè. Kite Sentespri W la vini nan mitan moun yo aswè a, Seyè Jezi an nan fòm Lespri a. Kite L vini aswè a epi revele Tèt Li, epi apresa manifeste Tèt Li.
Frè Jozèf Branham
Mesaj: 64-0213 Alò Jezi Te Vini Epi Li Te Rele
Ki lè: midi. Lè Jeffersonville
Ekriti: Jan 11:18-28