Byenneme Pawòl Vivan Bondye A,
Tout ane sa yo mwen te kache l nan kè m, mwen te vwale Kris la, menm Kolòn Dife a k ap entèprete Pawòl la, jan l te pwomèt la.
Mwen konnen sa pral parèt enpulsif pou anpil moun, men si ou jis ka pasyan avèk zanj mesaje Bondye a pandan kèk minit, epi mande Bondye plis Revelasyon, mwen kwè ke li menm, avèk èd Bondye avèk Pawòl Li, epi dapre Pawòl Li, l ap fè L vini isit la devan w. Bondye, k ap revele epi manifeste tèt Li, k ap entèprete epi revele Pawòl Li.
Ala yon revèy ki fèt mwa sa a nan mitan Lepouz Jezikri a. Bondye, k ap revele tèt Li kòm jamè, k ap pale avèk cheri Li, k ap temwaye L lanmou L, k ap rasire L, Nou se Youn avè L.
Pa gen ezitasyon, pa gen ensètitid, pa gen rezèv, pa menm yon ti dout; Bondye revele ba nou: Vwa Bondye a k ap pale sou bann yo se CHEMEN PAFÈ KE BONDYE BAY POU LEPOUZ LI JODI A.
Li te prevwa chemen sa a pou nou pa janm bezwen filtre, klarifye, eksplike, oswa manipile l okenn jan; nou jis bezwen koute Vwa Pi Bondye a k ap pale de bouch a zòrèy avèk nou tout.
Li te konnen jou sa a t ap vini. Li te konnen ke Lepouz Li a te ka sèlman manje Lamann Kache sa a, Manje Mouton Li yo. Nou pa ta vle tande anyen lòt ke Vwa Bondye a ki vini de Bondye Li menm.
Nou franchi vwal sa a pou nou antre nan Glwa Shekinah a. Mond lan pa ka wè Sa. Pwofèt nou an gendwa pa pwononse pawòl li yo byen. Li gendwa pa abiye byen. Li gendwa pa abiye avèk rad eklezyastik. Men, dèyè po imen sa a, gen Glwa Shekinah a. Gen pwisans lan la a. Gen Pawòl la la a. Gen Pen Pwopozisyon an la a. Gen Glwa Shekinah a la a, ki se Limyè a ki fè Lepouz la miri.
Epi jiskaske ou pa eseye gade pi lwen pase aparans, jiskaske ou retire vye po ou a, vye panse ou yo, vye kwayans ou yo, epi ou antre nan Prezans Bondye; lè sa a Pawòl la ap vin tounen yon reyalite vivan pou ou, lè sa a ou pral pran konsyans Glwa Shekinah a, lè sa a Bib la ap vin tounen yon nouvo Liv, lè sa a Jezikri ap menm lan yè, jodi a, e pou tout tan. W ap viv nan Prezans Li, w ap manje pen pwopozisyon an ki sèlman bay nan jou sa a pou kwayan yo, pou sakrifikatè yo sèlman. “Epi nou se sakrifikatè, sasèdòs wayal, yon nasyon sen, yon pèp espesyal, k ap ofri sakrifis espirityèl bay Bondye.” Men, ou dwe antre, dèyè vwal la, pou wè Bondye ki devwale a. Epi lè Bondye devwale, se Pawòl Li ki manifeste.
Nou se moun dwòl pou mond lan, men nou satisfè pou nou konnen kiyès Boulon nou an epi nou fyè dèske nou se moun ki fou pou bann Li yo, mare ak Pawòl Li, alò ke sa ap atire nou vin jwenn Li.
Si nou pa mare avèk bann yo, nou se yon pil feray!!!
Kounye a, remake byen, Bondye! Jezi di ke, “Moun ke Pawòl la te vin jwenn yo, yo te rele yo dè ‘dye’,” yo te pwofèt. Kounye a, se pa nonm nan li menm ki te Bondye, pa plis pase kò Jezikri ki te Bondye. Li te yon nonm, epi Bondye te vwale dèyè Li.
Bondye, yon jou vwale dèyè po maske. Bondye, yon jou vwale nan chè imen yo rele Mèlkisedèk. Bondye, vwale nan chè imen yo rele Jezi. Bondye, vwale nan chè imen yo rele William Marrion Branham. Bondye, vwale nan chè imen yo rele LEPOUZ LI.
Li tèlman enpòtan pou nou sonje, men anpil moun echwe epi y ap chèche yon lòt bagay. Dènye bagay ke Abraham te wè, dènye bagay ki te rive anvan dife a te tonbe epi jije mond dè Nasyon an, anvan pitit gason pwomès la te vini sou sèn nan, dènye bagay ke legliz Kretyen an pral wè jiskaske Jezikri parèt se Mèlkisedèk, Bondye manifeste nan chè, k ap revele Pawòl Li bay Lepouz Li.
Pa gen anyen lòt ki gen pou vini. Pa gen anyen lòt ki pwomèt nan Pawòl Li. Pa gen okenn moun, ni gwoup moun ki gen pou vini pou pèfeksyone Lepouz la.
Non! Yo vle vin isit la nan legliz la pou yo vin pafè. Ou wè? Nou—nou gen kominyon youn ak lòt isit la nan legliz la, men pèfeksyon an fèt ant nou menm ak Bondye. San Kris la se sa ki pèfeksyone nou nan Sentespri a.
Mesaj sa a, Vwa sa a, Pawòl konfime Bondye a, ap pèfeksyone Lepouz Jezikri a.
Mwen envite nou tout pou nou vin koute avèk nou Vwa Bondye a alò ke L ap pèfeksyone Lepouz Li a Dimanch sa a midi, lè Jeffersonville, alò ke n ap tande: 64-0617 “Kris La Ki Idantifye Nan Tout Laj yo”.
Frè Jozèf Branham
Ekriti pou li anvan Mesaj la:
Deteronom 18:15
Zakari 14:6
Malachi 3:1-6
Lik17:28-30
Jan 1:1 / 4:1-30 / 8:57-58 / 10:32-39
Ebre 1:1 / 4:12 / 13:8
Apokalips 22:19