Mesagj: 63-0818 Tan Ak Siy Inyon An
- 25-0928 Tan Ak Siy Inyon An
- 23-1126 Tan Ak Siy Inyon An
- 22-0515 Tan Ak Siy Pou Inyon An
- 19-0811 Tan Ak Siy Pou Inyon An
- 17-0702 Tan Ak Siy Pou Inyon An
- 15-0909 Tan Ak Siy Pou Inyon An
Byenneme Epouz Ini,
Mwen tèlman eksite, e anba gwo atant, pou m fè pati de tout sa Bondye ap fè nan epòk nou an. Panse Bondye nan kòmansman an ap akonpli kounye a devan je nou, e nou fè pati de li.
Toutolon Bib la, pwofèt yo te pwofetize e yo te pale de sa ki ta pral rive. Pafwa pwofesi sa yo pa t akonpli anvan plizyè santèn ane apre, men lè plenitid tan an te rive, li te akonpli vre; paske panse Bondye pwononse pa pwofèt Li a DWE akonpli.
Pwofèt Ezayi te di, “yon vyèj ap vin ansent”. Chak fanmi Ebre te prepare ti pitit fi yo pou yo te gen ti bebe sa a. Yo te achte soulye ak ti bòt pou li, avèk ti kouch, epi yo te prepare pou rive ti bebe a. Jenerasyon te pase, men Pawòl Bondye a te finalman akonpli.
Pandan m t ap grandi, mwen te toujou ap mande tèt mwen: Seyè, mwen wè nan Pawòl Ou ke Ou te toujou ini pèp Ou a ansanm pou akonpli Pawòl Ou. Ou te ini pitit Ebre Ou yo ansanm pa yon sèl moun, Moyiz, ki te mennen yo pa Kolòn Dife a nan Latè Pwomiz la.
Lè Ou te vin tounen chè epi Ou te rete isit sou tè a, Ou te ini disip Ou yo. Ou te separe yo de tout bagay ak tout moun pou W te ka revele Pawòl Ou a ba yo. Nan jou Pannkòt la, Ou te rasanble Legliz Ou a ankò nan yon menm kote, nan yon menm lespri e yon menm akò anvan Ou te ka vin ba yo Sentespri Ou a.
M te panse: kijan sa ka posib jodi a Seyè? Lepouz Ou gaye toupatou nan mond lan. Èske tout Lepouz la ap vini Jeffersonville? Mwen pa ka imajine sa rive Seyè. Men Seyè, Ou pa janm chanje pwogram Ou an. Se Lalwa W, pa gen okenn fason pou anpeche li. Kijan Ou pral fè li?
GLWA…JODI A, nou ka wè ak pwòp je nou, epi pi enpòtan, NOU FÈ PATI DE LI: Pawòl Etènèl Bondye a k ap akonpli. Nou pa FIZIKMAN nan yon menm kote, nou gaye toupatou sou latè, men Sentespri a INI LEPOUZ LI KOUNYE A PA VWA BONDYE. PAWÒL LI KI PWONONSE E KI ANREJISTRE SOU BANN YO, Absoli Bondye a pou jodi a, ap rasanble epi ap INI LEPOUZ LI… E PA GEN ANYEN KI KA ANPECHE SA.
Bondye ap ini Epouz Li. L ap rasanble ansanm, soti nan Lès ak Lwès, epi nan Nò ak Sid. Gen yon tan pou inyon, e se sa k ap fèt kounye a. Poukisa L ap ini? Pou Anlèvman an. Amèn!
Tan inyon an ap fèt KOUNYE A!!! Kisa k ap ini nou? Sentespri a pa Pawòl Li, Vwa Li. Poukisa n ap ini? POU ANLÈVMAN AN!!! Epi nou tout prale e nou p ap kite PÈSONN dèyè.
Bondye ap prepare L. Wi mesye, L ap ini! A kisa L ap ini? Ak Pawòl la!
Kisa ki Pawòl la pou epòk nou an? MESAJ sa a, VWA LI, Vwa Bondye a pou Lepouz Li. Se pa yon nonm. Se pa lèzom. Se pa yon gwoup. VWA Bondye sou bann yo, ki konfime pa Kolòn Dife a.
“Paske tout syèl la ak tè a va pase, men Pawòl Mwen an p ap janm pase.” L ap ini Tèt li ak MEN SA SEYÈ A DI kèlkeswa sa nenpòt denominasyon oswa nenpòt lòt moun di.
Kèlkeswa sa NENPÒT MOUN di, nou ini ak Vwa a ki pwouve, ki konfime Men Sa Seyè A Di pou epòk nou an. Se pa entèpretasyon pèsonn; poukisa nou ta fè sa? Sa a chanje selon chak moun, men Vwa Bondye sou bann yo PA JANM CHANJE e li te pwoklame pa Kolòn Dife a Limenm kòm Pawòl Bondye ak Vwa Bondye.
Pwoblèm lan avèk sa sè ke, pou lòm, li pa konn lidè li. Wi, mesye. Yo va rasanble yo bò kot yon denominasyon, yo va rasanble yo bò kot yon evèk oswa yon nonm, men yo p ap rasanble yo bò kot Lidè a, Sentespri a nan Pawòl la. Ou wè? Yo di: “O, ebyen, mwen pè pou m pa vin on ti fanatik; mwen pè pou m pa demare sou yon move pye.” Oooo, men ni!
Se sa kritik yo montre asanble yo epi yo di: “Gade, y ap leve yon nonm, Frè Branham. Yo se kwayan nan divinite epi y ap rasanble bò kote l, nonm nan, pa Sentespri a.”
Sa pa gen sans, n ap INI bò kote VWA BONDYE KI KONFIME E KI PWONONSE ATRAVÈ NONM SA A. Sonje byen, se nonm sa a Bondye te chwazi pou l vin Vwa Li pou l rele epi gide Lepouz Li nan jou sa a. Se SÈL Vwa ki konfime Limenm pa Bondye.
Men okontrè, Y ap ini bò kote LÈZOM. Yo PA pral jwe Vwa Bondye sou bann yo nan legliz yo. Èske ou ka imajine sa??? Yon pastè ki pretann kwè ke Mesaj sa a se Mesaj lè a, Men Sa Seyè A Di, men ki jwenn eskiz pou PA jwe Vwa sa a nan legliz yo, epi ki pito preche bay asanble li a ke yo DWE koute limenm ak lòt pastè yo preche Pawòl la… apre sa yo di n ap swiv yon nonm!!!
Nou fèk tande Dimanch pase a sa Bondye te fè mesye sa yo!!
N ap prepare pou yon Maryaj. N ap vin fè Youn avè L. Pawòl la vin tounen nou, epi nou vin tounen Pawòl la. Jezi te di: “Jou sa a n ap konnen. Tout sa Papa a ye, se sa M ye; tout sa M ye, se sa nou ye; tout sa nou ye, se sa M ye. Jou sa a n ap konnen ke Mwen nan Papa a, Papa a nan Mwen, Mwen nan nou, e nou nan Mwen.”
Mèsi Seyè pou Revelasyon de Kiyès Ou ye, ak kiyès nou ye, nan epòk nou an. Lepouz Ou ap prepare tèt li atravè Pawòl Ou pale a. Nou konnen nou nan Volonte pafè Ou lè nou rete ak Pawòl Ou ki anrejistre a.
Mwen envite lemonn antye, Dimanch sa a, pou koute sèl Vwa Bondye ki konfime pou jounen nou an. Ou byenveni pou vin jwenn nou Dimanch a midi, lè Jeffersonville, alò ke n ap tande: 63-0818, Tan Ak Siy Inyon An. Si ou pa kapab konekte pou koute avè nou, chwazi yon bann, NENPÒT BANN; yo tout se Men Sa Seyè A Di, epi koute Pawòl Bondye a pou pèfeksyone w epi prepare w pou vini Li ki byento.
Frè Jozèf Branham
Som 86:1-11
Matye 16:1-3
L ap ini pwòp tèt li. L ap prepare L. Poukisa?Li se Lepouz. Se vre. E L ap ini Tèt Li ak Epou a, ou wè, e Epou a se Pawòl la. “Nan kòmansman an Pawòl la te la, Pawòl la te avèk Bondye, e Pawòl la te Bondye. E Pawòl la te fè L chè e Li te abite pami nou.”