Mesagj: 63-0714M Poukisa W Ap Rele For? Pale!
- 25-0831 Poukisa W Ap Rele For? Pale!
- 23-1022 Poukisa W Ap Rele For? Pale!
- 22-0417 Poukisa W Ap Rele For? Pale!
- 22-0414 Twazyèm Egzòd La – Kominyon
- 20-0426 Poukisa W Ap Rele For? Pale!
- 19-0604 Poukisa W Ap Rele For? Pale!
- 17-0604 Poukisa W Ap Rele For? Pale!
Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle
Byenneme Legliz Bondye,
Bondye te pale epi Li di, “M pa fè anyen sou tè a eksepte atravè lèzòm. Mwen—Mwen—Mwen se Pye Rezen an, nou se branch yo. E M pral manifeste Tèt Mwen sèlman lè m ka jwenn YON sèl moun. E Mwen chwazi li, William Marrion Branham. Mwen voye l la pou l rele Lepouz Mwen an. M ap mete Pawòl Mwen nan bouch li. Pawòl Mwen an ap Pawòl li. Li pral pwononse Pawòl Mwen yo epi l ap di sèlman sa m di.”
Vwa Lekriti a te pale atravè Kolòn Dife a epi Li te di l: “Mwen chwazi w, William Branham. Ou se nonm lan. Mwen leve w pou objektif sa a. M ap pwouve sa ba ou pa siy ak mirak. Ou pral revele Pawòl Mwen an epi kondwi Lepouz Mwen an. Pawòl Mwen an dwe akonpli atravè OU.”
Pwofèt nou an te konnen ke yo te voye l pou objektif sa a menm pou revele tout mistè ki nan Bib la epi pou l mennen Lepouz Bondye a nan Latè Pwomiz la. Li te konnen sa li te di a, Bondye t ap onore l epi akonpli l. Mwen vle nou pa janm bliye Pawòl sa a. Sa pwofèt nou an te di a, Bondye ap onore l, paske Pawòl Bondye a te nan William Marrion Branham. Li se Vwa Bondye pou mond lan.
Li te konnen li te setyèm anj mesaje Bondye te chwazi a. Li te konnen nan kè l tout bagay Bondye te di sou li nan Pawòl Li a. Sa ki t ap boule nan kè l te vin tounen yon reyalite. Li te wen e li te konnen ke li te gen MEN SA SEYÈ A DI. Pa t gen anyen ki t ap anpeche l al pwononse Pawòl Bondye a.
Bondye te di l, “Pawòl Mwen an, epi ou menm, mesaje Mwen an, nou se menm bagay la.” Li te konnen se li menm yo te chwazi pou pwononse Pawòl enfayibilite a. Se tout sa l te bezwen. Li ta pral PALE, EPI BONDYE TA PRAL AKONPLI SA.
Revelasyon Mesaj sa a AK mesaje Bondye a te wen lafwa nou kòm jamè. Sa te mennen nou nan gwo sik. Li te separe nou de tout bagay eksepte Mesaj Li, Pawòl Li, Vwa Li, Bann Li yo.
Kèlkeswa jan nou an minorite, kèlkeswa jan moun ri nou, pase nou nan betiz, sa pa fè okenn diferans. NOU WÈ LI. NOU KWÈ LI. Gen yon bagay anndan nou. Nou te predestine pou nou wè LI e pa gen anyen ki pral anpeche nou kwè LI.
Nou sonje sa vizyon sa a te di, “retounen epi al sere Manje”. Ki kote depo sa a te ye? Branham Tabènak la. Ki kote gen yon bagay nan peyi a, oubyen nenpòt ki kote nan mond lan, ki konparab ak Mesaj nou genyen yo? SE SÈL Vwa Bondye Li menm konfime kòm Men Sa Seyè A Di. SÈL VWA A!
Ki lòt kote nou te ka ale, oubyen nou ta vle ale, alò ke l di;
Men kote yo te sere Manje a…
Li te sere isit la. Li sou bann. Li pral ale toupatou nan lemond sou bann yo, kote moun yo ye, nan kay yo.
Bann sa yo pral tonbe dirèkteman nan men moun Bondye te predestine yo. Li ka dirije Pawòl la, L ap dirije tout bagay egzakteman nan chemen li. Se poutèt sa Li te voye m tounen pou m fè sa: “Sere Manje a isit la”.
Nou se Lepouz Pawòl Pafè Li a ki rete ak Manje Li ki sere a. Nou pa bezwen rele fò ankò, nou jis pwononse Pawòl la epi n ap avanse, paske nou SE Pawòl la.
Pa gen anyen pou nou enkyè. Nou pa bezwen pase tout nwit ap priye pou revele nou kiyès nou ye, Pawòl la te revele ban nou. Nou konnen kiyès nou ye, menm jan ak pwofèt Bondye a, epi li deja di nou kiyès ki prale.
Nou tout! Kit ou se yon madanm ki lakay, kit ou se yon—yon ti sèvant, kit ou se yon madanm ki granmoun, oswa yon jèn gason, oswa yon mesye ki granmoun, oswa nenpòt sa ou ye, nou prale kanmenm. P ap gen youn nan nou k ap rete.” Amèn. “Nou tout prale, e anyen ap anpeche nou.”
N ap pale m de kijan pou ban nou LAFWA pou Anlèvman an!!!
Vini jwenn yon pati nan Lepouz Bondye a pandan n ap rasanble ansanm otou Vwa konfime Bondye a, alò ke l ap pale nou epi di nou: Cheri Mwen, Elu Mwen, Lepouz Mwen, Poukisa W ap Rele Fò, Pale, epi vanse.
Frè Joseph Branham
Mesaj: 63-0714M Poukisa W Ap Rele Fò? Pale!
Lè: midi, Lè Jeffersonville
Kote:
Men, gen yon sèl Legliz reyèl, epi ou pa rantre nan Li. Ou fèt Ladann. Ou wè? Men, si w fèt ladann, Bondye vivan an ap travay nan ou, pou revele Tèt Li. Ou wè? Se kote Bondye rete, nan Legliz Li. Bondye al legliz chak jou, Li jis ap viv nan legliz la. Li rete nan ou. Ou se Legliz li. Ou se Legliz Li a. Ou se Tabènak kote Bondye abite. Ou se Legliz Bondye vivan an, ou menm.