25-0810 Evènman Ki Vin Klè Ak Pwofesi

Byenneme Vrè Epouz Vivan An,

Lè Jezi, Pawòl la Li menm, te vin sou tè a 2000 ane de sa, Li te vini jan Li te di Li t ap vini an, antan ke Pwofèt. Pawòl Li deklare, ke anvan Li retounen, manifestasyon konplè Pèsòn Jezikri a pral manifeste ankò nan lachè, nan yon pwofèt. Pwofèt sa a vini, non li se William Marrion Branham.

Kijan yon moun ka pa rekonèt ke koute Vwa Bondye k ap pale dirèkteman avèk yo sou bann yo se Volonte pafè Bondye a? Nou konnen Pawòl la toujou vini jwenn pwofèt Li a; Li pa ka vini okenn lòt jan. Li dwe vini nan chemen kanal Bondye te anonse nou davans. Se sèl fason sa a L ap janm vini. Bondye aji jan Li te pwomèt Li t ap fè l la. Li pa janm echwe pou L fè l menm jan Li te toujou fè a.

Yo tout te manje menm bagay la, yo tout te danse nan Lespri a, yo tout te gen tout bagay an komen; men lè lè separasyon an rive, Pawòl la te fè separasyon an. Se menm bagay la jodi a! Pawòl la fè separasyon an! Lè lè a rive…

Nou wè lè sa rive kounye a, Pawòl la ap separe. Yo akize Lepouz la kòm si li te mete twòp enpòtans sou pwofèt la lè yo di, “gen lòt moun Bondye rele, moun ranpli ak Sentespri a pou dirije Lepouz la jodi a. Ou bezwen plis ke jis bann yo. Bondye mete moun jodi a pou dirije legliz la.”

“Ou eseye panse ou se sèl moun nan gwoup la. Tout kongregasyon an sen!” Bondye pa janm aji konsa. Li te dwe konn sa. Epi li di, “Ebyen, tout kongregasyon an sen. Ou eseye fè tèt ou…” Si nou ta di l jodi a, ekspresyon lari a, “Sèl ti wòch la sou plaj la.”

Epi Moyiz te konnen ke Bondye te voye l lòt bò a pou sa.

Bondye gen moun ki ranpli ak Sentespri a pou gide Lepouz Li a; pou gide yo A MEN SA SEYÈ A DI, PWOFÈT MESAJE A. Paske Mesaj la ak mesaje a se menm bagay la. Se chemen Bondye ki pa janm chanje a, ke Li bay pou jodi a, e pou tout tan.

Paske yo te koute yon erè. Alò ke Moyiz, moun Bondye te konfime a, epi yon lidè pou montre yo chemen pou ale nan tè pwomiz la, epi yo te rive byen swiv jiske la, men apre sa yo pa t vle kontinye avè l… Kidonk, kwayan yo ka wè Sa, men moun ki pa kwè yo pa ka wè konfimasyon Sa a.

Non sèlman ou te chwazi pou resevwa gwo Revelasyon fen tan sa a pou jodi a, men Bondye, atravè kasèt Manje Li yo ki sere, L ap pale ant liy yo ak Lepouz byenneme Li a.

Alò si ou se yon pitit gason Bondye oubyen yon pitit fi Bondye, ou te toujou nan Bondye. Men, Li te konnen nan ki teren e nan ki tan ou t ap plante. Kidonk kounye a, ou vin tounen yon kreyati, yon pitit gason Bondye, yon pitit gason oubyen yon pitit fi Bondye ki manifeste pou releve defi lè sa a e pou konfime vrè Bondye vivan lè sa a, Mesaj la k ap revele nan moman sa a. Se vre! Ou te fèt la a anvan fondasyon mond lan.

Ala yon lèt lanmou byen presi pou Lepouz Li a, GLWA!!! Non sèlman Li te konnen nou epi Li te chwazi nou anvan fondasyon mond lan, men isit la Li di nou ke Li te chwazi nou pou nou vin pitit gason ak pitit fi Li ki manifeste pou JODI A. Li mete nou isit la sou tè a jodi a, pi wo pase tout lòt sen yo depi nan kòmansman an, paske Li te konnen nou t ap releve defi lè sa a pou nou konfime vrè Bondye vivan lè sa a, Mesaj la ki pwoklame nan moman sa a.

Nou te nan Bondye, yon jèn, yon pawòl, yon atribi depi nan kòmansman an, men KOUNYE A nou chita ANSANM nan lye Selès an Jezikri, n ap kominye avè L pa Pawòl Li, atravè Pawòl Li; paske nou SE PAWÒL LI, e L ap nouri nanm nou.

Nou pa ka, epi nou p ap janm enjekte anyen lòt nan lavi nou ke Pawòl Bondye a ki pi. Nou rekonèt e nou kwè ke se chemen Bondye bay pou jodi a.

Nou ta renmen w vin jwenn nou Dimanch sa a midi, lè Jeffersonville, alò ke n ap tande SÈL VWA a, Vwa Bondye a sou bann yo, kote ou ka di AMÈN pou chak Pawòl ou tande.

Frè Jozèf Branham

Mesaj: Evènman Ki Vin Klè Ak Pwofesi 65-1206

Ekriti pou li anvan nou tande Mesaj la:
Jenèz 22
Deteronom 18:15
Som 16:10 / 22:1 / 22:18 / 22:7-8 / 35:11
Ezayi 7:14 / 9:6 / 35:7 / 50:6 / 53:9 / 53:12 / 40:3
Amos 3:7
Zakari 11:12 / 13:7 / 14:7
Malachi 3:1 / 4:5-6
Matye 4:4 / 24:24 / 11:1-19
Lik 17:22-30 / 24:13-27
Ebre 13:8 / 1:1
Jan 1:1
Apokalips 3:14-21 / 10:7