25-0713 Sel Plas Bondye Founi Pou Adore

Mesagj: 65-1128m Sel Plas Bondye Founi Pou Adore

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Fanmi Jezikri,

Gen yon bagay k ap pase kòm jamè ak Lepouz Kris toupatou sou latè a. Bagay ke nou tande pale de yo e nou te anvi wè yo kounye a ap manifeste devan je nou.

Sentespri a ap ini Lepouz Li a jan L di Li t ap fè l, pa SÈL mwayen ke L bay pou jodi a, Vwa Bondye a sou bann yo.

Li revele e Li konfime Pawòl Li a kòm jamè. Tankou yon pi atèzyen, Revelasyon an ap bouyi anndan nou.  

Inyon espirityèl Kris sa ak Legliz Li a kounye a, lè chè a tounen Pawòl, e Pawòl la tounen chè, manifeste, konfime. Egzakteman sa Bib la anonse pou jodi a, se sa k ap rive, jou apre jou. Oh, sa ap akimile tèlman vit laba a, nan dezè sa yo, e tèlman bagay ap pase, ke mwen pa menm ka swiv.

Chak jou, gen plis Revelasyon k ap revele epi k ap manifeste ba nou. Menm jan ak pwofèt la, bagay yo ap pase epi y ap dewoule tèlman vit, nou pa menm ka swiv yo…GLWA!!!

Tan nou an rive. Ekriti ap akonpli. Chè ap tounen Pawòl, epi Pawòl la ap tounen chè. Sa pwofèt la te di ki t ap rive a ap rive kounye a.

Poukisa nou menm?

Pa gen leven, pa gen son ki pa klè, pa gen entèpretasyon moun ki nesesè nan mitan nou. Nou jis ap tande Pawòl Pi Pafè a ki soti nan bouch Bondye a, alò ke L ap pale avè nou de bouch a zòrèy.

Kounye a nou wè menm Pawòl pwomiz sa a, nan Lik, nan Malachi, tout lòt pwomès sa yo pou jodi a, ki vin tounen chè, ki abite nan mitan nou, ke nou te tande ak zòrèy nou; kounye a nou wè Li (ak je nou) k ap entèprete pwòp Pawòl Li a, nou pa bezwen okenn entèpretasyon lòm.

Epouz, li pa t ka pi klè pase sa. Se Bondye, ki kanpe devan Epouz Li nan chè moun, ke nou ka wè ak pwòp je nou, k ap pale epi k ap entèprete pwòp Pawòl Li, epi k ap mete l sou bann. Pawòl Pafè a ki pwononse e ki anrejistre pa Bondye Li menm, kidonk li pa bezwen okenn entèpretasyon moun.

  •  Bondye ap ale dirèkteman ak Lepouz Li a, sou bann yo.
  • Bondye ap entèprete pwòp Pawòl Li a, sou bann yo.
  • Bondye ap revele tèt Li, sou bann yo.
  • Bondye ap di Lepouz Li a, nou pa bezwen okenn entèpretasyon lèzòm, Pawòl Mwen an sou bann yo se tout sa LEPOUZ MWEN BEZWEN.

Sonje, lè n kite isi a, kòmanse bouje sot nan pay la kounye a; nou pral nan grenn lan, men lonje nan Prezans Pitit la. Pa ajoute, sa m te di; pa retire, sa m te di a. Paske, m pale Verite a otan ke m konnen L, jan Papa a te ban mwen. Ou wè?

Bondye bay SÈL MWAYEN PAFÈ a pou Lepouz la fè egzakteman sa Li kòmande nou pou fè. Sa pat janm posib, jiska jodi a. Pa gen devinèt, pa gen poze kesyon, pa gen mande tèt ou si yon bagay te ajoute, retire, oswa entèprete. Lepouz la resevwa vrè Revelasyon an: JWE BANN YO SE MWAYEN PAFÈ BONDYE A.

Nan nenpòt ka, kite m di l ankò. Revelasyon Mwen se ke Lepouz Jezikri a, pa lòt moun, LEPOUZ LA, pa bezwen ANYEN LÒT ke Vwa Bondye a sou bann yo. 

Men lè yon fwa Sentespri sa a vrèman…Pawòl otantik antre nan ou (Pawòl la, Jezi), lè sa a, frè, Mesaj la pa okenn sekrè pou ou lè sa a; ou konnen L, frè, Tout limen devan w.

Mesaj la pa yon sekrè pou mwen. Jezikri se menm lan a yè, jodi a e pou tout tan. Tout syèl la ak tout tè a rele Jezi. Jezi se Pawòl la.

E Non an nan Pawòl la paske Li se Pawòl la. Amèn! Kisa L ye alò? Pawòl entèprete a se manifestasyon Non Bondye a.

Bondye ap ini Epouz Li a ak Vwa Li, ke Li anrejistre e sere pou jodi a, pou L ka rasanble Lepouz Li a pou fòme yon sèl Blòk. Lepouz la pral wè e pral rekonèt Sa kòm SÈL MWAYEN Li ka rasanble Lepouz Li a.

Li fè l gen plis ke 60 ane de sa pou montre nou kijan Li ta pral fè l jodi a. Nou se “youn nan legliz li yo ki konekte”.

Si m pa kwè nan al legliz, poukisa m gen legliz? Nou te genyen yo toupatou nan peyi a, ki te konekte lòt swa a, chak de san mil kare te gen youn nan legliz mwen yo.  

Anpil predikatè di legliz yo ke lè yo “konekte pa telefòn” oubyen “yo konekte an dirèk”, oubyen “y ap koute menm Mesaj la an menm tan”, sa pa vle di ale legliz. LI FÈK DI KE SE SA! Se senpleman swa yo pa konnen Pawòl la oswa yo pa kapab li lèt lanmou a tankou Epouz la.

Kisa yon legliz ye? Ann wè sa Frè Branham di kisa yon legliz ye.

Anpil, anpil asanble resevwa ekipman sa a ke nou tout genyen isit la nan tabènak la. Nou konekte tou ak moun Phoenix yo, tout kote gen sèvis, yo resevwa dirèkteman… Moun yo rasanble nan legliz, nan kay, ak bagay konsa, epi yo konekte gras a bon kalite ond.

Frè Branham di klèman ke moun ki nan “kay” yo ak “bagay konsa” te youn nan legliz li yo ki te te konekte pa telefòn. Kidonk, kay yo, estasyon gaz yo, bilding yo, fanmi yo ki te rasanble ansanm ki te konekte avè li pa telefòn, te fè yo te tounen yon legliz.

Ann li yon ti kras plis nan LÈT LANMOU a.

Nou priye pou tout legliz yo ak asanble ki rasanble bò kote ti mikwofòn yo-yo-yo toupatou, nan peyi a, jiska Kòt Lwès la, monte nan mòn Arizona yo, desann nan plèn Texas yo, jiska Kòt Lès la, toupatou nan peyi a, Seyè, kote nou rasanble. Anpil lè separe nou nan tan an, men, Seyè, nou fòme ansanm yon sèl blòk aswè a, kwayan, k ap tann Vini Mesi a.

Kidonk, lè nou konekte pa telefòn, ap koute Frè Branham NOU TOUT AN MENM TAN; yo te fòme ansanm yon sèl blòk, kwayan, k ap tann vini Mesi a.

Men, nou di si nou fè sa jodi a, sa pa vle di ale legliz, li pa bon, se pa rasanble ansanm, sitou lè nou wè jou a ap pwoche. Sa se pa ale legliz?

Kite m poze nou yon kesyon epi reponn asanble nou an. Pastè yo, si Frè Branham te la jodi a, an chè, epi nou te ka an dirèk oubyen konekte pa telefòn pou tande l chak Dimanch maten, an menm tan ak Lepouz la atravè lemond, èske nou t ap KONEKTE epi tande Frè Branham oubyen èske nou t ap preche?

Frè Branham di klèman ke devwa nou se anvè legliz nou. Si nou te la 60 ane de sa epi Frè Branham t ap fè yon sèvis, men legliz nou a pa t ap asiste, yo t ap fè pwòp sèvis pa yo (sa anpil pastè te fè nan epòk sa a), èske nou t ap ale nan “legliz nou a”, oswa èske nou t ap ale nan “Branham Tabènak la” pou tande Frè Branham?

M ap ba nou repons mwen. Mwen t ap kanpe nan pòt la anba lapli, nèj oswa tanpèt de nèj pou m antre nan Tabènak la pou m tande pwofèt Bondye a. Si m te ALE nan lòt legliz sa a, mwen t ap chanje legliz menm swa a.

Men, fanm sa a, li pa t konnen si pwisans la te nan baton an ou non, men li te konnen Bondye te nan Eli. Se la Bondye te ye: nan pwofèt Li a. Li te di, “Seyè a vivan e nanm ou vivan, mwen p ap kite w.”

Mwen envite nou vin jwenn nou epi pou nou vin youn nan legliz Frè Branham yo ki konekte Dimanch a midi, lè Jeffersonville, alò ke n ap tande Vwa Bondye a ki pote Mesaj la ban nou: Sèl Plas Bondye Founi Pou Adore 65-1128M.

Frè Jozèf Branham