Mesagj: 60-0522E Adopsyon #4
Byenneme Konvèti,
Lè nou Peze Jwe, n ap tande Pawòl Bondye ki enfayib. Chak Pawòl se Verite, chak fraz se Verite. Yo rele nou e yo prezève nou, nou ranpli e yo mete nou apa; ranpli ak Sentespri a, e nou deja nan Peyi Karanan. Nou pa pè anyen…ANYEN, nou konnen kiyès nou ye.
Piske nou rete fidèl ak Pawòl Li a, jan Li mande nou, Li pral di nou ke Li kite yon eritaj pou nou. Ki lè Ou te fè sa, Papa? Lè M te chawzi nou e ke M te ekri non nou nan Liv Lavi Ti Mouton an anvan fondasyon mond lan.
Lè plenitid tan an te rive, Mwen te voye Jezi, Ti Mouton an, ki te mouri depi fondasyon mond lan, pou nou te ka resevwa eritaj nou pou nou vin piti gason ak pitit fi Mwen, bondye amatè.
Mwen te oblije tcheke nou pou wè si nou t ap fè bri ou si nou te gen kote lous anvan M te ka plase nou.
- “Èske nou kwè ke jwe Vwa Mwen sou bann yo nan legliz la se mal?”
- “Wi, nou pa ta dwe jwe bann nan legliz.”
- “Kondane sa. Nou fè bri.”
- “Èske nou kwè ke Pawòl Mwen sou bann yo bezwen entèpratasyon?”
- “Wi, Li bezwen yon moun pou eksplike Li.”
- “Nou fè bri. Mete sa deyò. Nou poko pare.”
Lè nou pare, n ap di “Amèn” a chak Pawòl.
- “Èske nou kwè ke Mwen se menm lan a yè, jodi a e pou tout tan?”
- “Amèn.”
- “Èske nou kwè ke Vwa Mwen sou bann yo se VWA KI PI ENPÒTAN ke nou dwe tande?”
- “Amèn.”
- “Èske nou kwè ke Vwa Mwen sou bann yo pral ini Lepouz la?”
- “Amèn.”
- “Èske nou kwè ke pwisan anj Mwen pral prezante nou ban Mwen?”
- “Amèn.”
Nou kòmanse solid kounye a. Mwen tcheke nou pou wè si nou fè bri ou si nou gen kote ki lous. Mwen pare pou fèmen pòt la. Mwen pral poze So Mwen sou nou. Nou pase enspeksyon Mwen an.
Kounye a kite M di nou yon bagay, pèp cheri Mwen ki nan peyi kote nou tande bann yo, a letranje oubyen kèlkeswa kote nou ye a, nou pa bezwen pè. Tout bagay anfòm. Mwen te konnen nou anvan fondasyon mond lan. Mwen te konnen tout bagay ki ta pral rive.
M ap vin chèche nou byento pou mennen nou yon Plas kote pa gen lanmò, ni lapenn, ni jalouzi, ni anyen; jis pèfeksyon, lanmou pafè.
Disi la, pa janm bliye, Mwen ban nou Pawòl Mwen an, nou SE PAWÒL MWEN ki fèt chè. Si nou bezwen NENPÒT BAGAY, pwononse Li, answit kwè L; Se eritaj nou.
Mwen pral voye Vwa Mwen ban nou ankò Dimanch sa e M pral eksplike nou tout Sa. M pral di nou ankò kiyès nou ye, kote nou prale, e kijan Sa ye laba a, nan moman an.
Vin jwenn Lepouz Mwen alò ke M pral fè yo chita ansanm nan lye selès Dimanch sa a midi, lè Jeffersonville, epi tande M k ap plase nou nan pozisyon nou pa Pawòl Mwen an. 60-0522E Adopsyon #4
Frè Jozèf Branham