25-0309 Espas Nan Mitan Sèt Aj Legliz Yo Avèk Sèt So Yo

Mesagj: 63-0317e Espas Nan Mitan Sèt Aj Legliz Yo Avèk Sèt So Yo

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Moun Ki Retabli,

M pa janm bouke tande Vwa Bondye k ap di nou kiyès nou ye, kote nou soti, kote nou prale, de kisa nou eritye, e konbyen Li renmen nou.

Yon sasèdòs espirityèl, yon nasyon wayal, k ap ofri sakrifis espirityèl pou Bondye, sa k ap soti nan bouch yo, ap bay louwanj pou Non Li.” Ala yon–ala yon pèp! Yo se pa L.

Sèl rekonfò ak lapè nou an vini lè nou tande Vwa Bondye k ap pale avè nou, answit pou nou reponn Papa nou lè nou ofri sakrifis espirityèl avèk fwi bouch nou, lè nou louwe Non Li.

Lemonn antye ap plenyen. Lanati ap plenyen. N ap plenyen e n ap tann lè Seyè a ap vini. Mond sa a pa gen anyen pou nou. Nou pare pou nou pati epi pou nou ale nan Soupe Nòs nou an ak Kay Lavni nou avè L ak tout sa yo ki deja La a, jis odela rido tan an, k ap tann nou.

Annou leve e souke kò nou! Pense konsyans nou, reveye tèt nou a sa k ap pase kounye a e a sa ki pral pase nan moman yon bat je.

Jamè nan listwa mond lan li te posib pou Lepouz Kris la pou li reyini nan lemonn antye, egzakteman an menm tan, pou tande Vwa Bondye k ap pale e k ap revele Pawòl Li a Lepouz Li. 

Kwayan, mande tèt nou, ki vwa, ki predikatè, ki moun, ka reyini e rasanble Epouz Kris la? Si nou se Epouz Kris la, nou konnen tou senpleman pa gen okenn lòt Vwa ke Vwa Bondye sou bann yo.

Wi, Sentespri a nan nou chak, nan chak pòs legliz la, men Bondye Li menm di nou ke L ap jije mond lan dapre Pawòl Li. Lepouz la konnen ke Pawòl Li vini a pwofèt Li. Pwofèt Li se SÈL entèprèt divin Pawòl Li a. Sa Li pwononse, yo pa ka ajoute ni retire ladann. Se Pawòl la, sou bann yo, ke nou tout pral jije dapre Li, e okenn lòt pawòl ou entèpretasyon Pawòl sa a.

Okenn lòt vwa ka ini Lepouz la. Sèl Vwa Bondye sou bann yo ka ini Epouz Li. Se sèl Pawòl kote Epouz la ka mete l dakò. Se sèl Vwa ke Bondye Li menm konfime kòm etan Vwa Li pou Lepouz Li. Lepouz Li dwe nan yon Sèl Lespri ak yon Sèl Akò pou li avè L.

Predikatè yo ka preche, anseyan yo ka anseye, pastè yo ka pastè, men Vwa Bondye a sou bann yo dwe Vwa a ki pi enpòtan ke yo dwe plase devan moun yo. Se Absoli Epouz la. 

Si nou gen yon Revelasyon sou sa, ebyen men sa ki pral rive.

Pawòl la di nou ke Adan te pèdi eritaj li, latè a. Li pase de men l a moun li te vann li, Satan. Li te vann lafwa li nan Bondye, pou rezònman Satan yo. Li pèdi tout sa nan men Satan. Li pase l de men l a men Satan.

Bondye se Bondye linivè a, tout kote, men pitit gason L, Adan, te gen tè a sou pwòp kontwol li. Li te ka pwononse, li te ka nonmen, li te ka di, li te ka kanpe lanati, li te ka fè tout sa li te vle. Li te gen tout, kontwòl siprèm latè a.

Adan te pèdi tout bagay, men glwa pou Bondye, tout sa l te pèdi e abandone te rachte pa Paran Redanmtè nou an, pèsonn lòt ke Bondye Toupwisan, ki te vin Emanyèl, youn nan nou. KOUNYE A, LI POU NOU. 

Nou se pitit gason ak pitit fi L ki pral reye antan ke wa e sakrifikatè avè L. Nou gen lavi etènèl avè L ak tout byenneme nou yo. Pa gen maladi ankò, pa gen lapenn ankò, pa gen lanmò ankò, jis letènite tout ansanm.

Lè nou panse a sa, ki jan nou ka kite dyab la dekouraje nou? Li pou NOU, se la nou prale trè byento. Li ban nou pi gwo bagay ke li te ka ban nou. Kèk jou tès ak eprèv sa yo sou tè a byen vit efase pa GWO VIKTWA nou an KI A KÈLKE JOU DEVAN NOU.

LAFWA nou p at janm osi fò. Lajwa nou p at janm osi gran. Nou konn kiyès nou ye e ki kote nou prale. Nou konnen nou nan VOLONTE pafè Li lè nou rete avèk Pawòl Li. Tout sa nou bezwen fè se rete avèk bann yo epi kwè chak Pawòl; pa konprann tout, MEN KWÈ CHAK PAWÒL…e NOU FÈ SA!

Lafwa vin de sa nou tande, tande Pawòl la. Pawòl la vin a pwofèt la. Bondye pwononse Li. Bondye anrejistre Li. Bondye revele Li. Nou tande Li. Nou kwè LI.

Nou ka sèlman resevwa Revelsayon sa a lè nou tande Vwa Bondye a sou bann yo.

Tout sa Kris pral fè alafen, pral revele pou nou semèn sa, nan Sèt So yo, si Bondye pèmèt nou. Ou konprann? Dakò. Sa va revele. Epi revele, pandan So yo ap brize e konfye a nou menm, alò n ap kapab wè sa gran plan redanmsyon sa ye, epi kilè e kijan sa pral fèt. Tout sa kache nan Liv mistè sa la. Li sele, sele ak Sèt So, kidonk Ayo a se Li sèl Ki ka brize yo.

Dimanch sa a midi, lè Jeffersonville, on pati nan Lepouz la atravè mond lan pral tande Vwa Bondye a tout an menm tan. Nou pral pran syèl la daso avèk priyè nou e nou pral adore Li. Mwen envite nou vin jwenn nou alò ke n ap tande: Espas Ant Sèt Aj Legliz Yo Avèk So Yo 63-0317E.

Tanpri pa bliye chanjman lè a nan Jeffersonville wikenn sa a.

Frè Jozèf Branham