25-0209 Sis Objektif Vizit Gabriyèl la a Danyèl

Byenneme Lepouz K ap Rejwi,

Nou vire figi nou nan direksyon Syèl la nan lapriyè e siplikasyon pou jwenn jou a ak lè n ap viv la.

Kòm jamè, nou chita ansanm nan lye selès, nan lemonn antye, n ap tande Bondye k ap pale e k ap revele Pawòl Li atravè pwisan anj mesaje Li. Anj mesaje terès la ke Papa nou voye bay Lepouz Li nan dènye jou sa pou revele Pawòl Li.

Gabriyèl se anj pèp Bondye chwazi a, Jwif yo. Men pou Epouz Nasyon Li, Melkisedèk Li menm te vini e te pale atravè kò imen nan yon anj terès ki rele William Marrion Branham, pou L ka pale epi revele TOUT Pawòl Li bay Lepouz byenneme Li.

Li anrejistre L, sere L, konsève L, pou Epouz Li ka gen Manje espirityèl Li, Laman kache Li nan pwent dwèt li chak minit de chak jou jiska lafen tan an.

Èt ki andedan nou ranpli ak yon tèl onksyon lè nou tande Vwa Bondye a k ap revele nou Pawòl Li. Jan Li devwale nou Pawòl Li pou nou ka wè epi konprann klèman siyifikasyon Li. Li revele nou egzakteman lè ke n ap viv la, Li di nou kiyès nou ye e sa ki pral rive trè byento; Anlèvman nou ki toupre.

Li menm revele Lepouz Li sa ki pral pase isit la sou tè sa a pandan n ap avè Li nan Soupe Nòs la. Jan Li pral louvri je avèg pèp Li chwazi a; sa yo ke Li te avegle pou Epouz nasyon Li.

Zanmi m yo, mwen konnen ke nou bouke anpil avèk mond sa a e ke n ap tann avèk enpasyans ke L vini pou mennen nou, men annou rejwi tou e annou rekonesan de sa k ap pase kounye a devan pwòp je nou.    

Annou leve men nou, kè nou, vwa nou e annou rejwi. Non sèlman n ap tann avèk enpasyans sa Li pral akonpli pou nou trè byento, men annou rejwi de sa L ap revele nou e sa L ap fè pou nou KOUNYE A.

Li di nou ke nou se Lepouz Li ki predestine ki ini ansanm avè L e Pawol Li. L ap asire nou ankò e ankò ke nou nan volonte pafè Li lè nou rete avèk Vwa Li, Pawòl Li, anj Li. Li ban nou LAFWA pou konnen epi pou rekonèt kiyès nou ye:

PAWÒL LI K AP VIV NAN CHÈ.

Nou pa gen anyen pou nou pè; anyen pou nou krenn; anyen pou nou tris. Kijan m fè konnen? BONDYE DI L! ALÒ ANNOU REJWI, ANNOU KONTAN, ANNOU REKONESAN; PAWÒL VIVAN AN AP VIV E LI ABITE NAN NOU. NOU SE SUPÈB SEMANS WAYAL LI. 

Mwen kwè sensèman ke Seyè a dwe ap rejwi tou pou konnen ke moman an rive e ke nou prepare tèt nou lè nou rete sensè e fidèl a Pawòl Li.

Tankou ti gason an ki te gade tèt li nan glas la pou premye fwa, n ap gade nan Pawòl Li, nou wè kiyès nou YE. Seyè…SE MWEN. Mwen se Lepouz Pawòl vivan W. Se mwen menm OU te chwazi. Mwen nan Ou, Ou nan mwen, nou fè Youn.

Kijan nou ka pa selebre e pou nou pèp la ki pi kontan ki te janm viv sou sifas tè a? Tout sen yo ak pwofèt yo ki te vin anvan nou te vle viv jou sa a epi wè pwomès sa yo k ap akonpli. Men pa GRAS Bondye, Li mete NOU isit la.

Nou pa ka tann:

Brrrr! O pa la! Whew! Otremandi, lè ènmi an pral fèmen, lafen peche a pral rive, jistis etènèl la vini, Satan pral sele nan abim lan e konesans Seyè a pral kouvri tè a menm jan dlo kouvri lanmè. Amèn! Glwa pou Bondye! Sa ap vini, frè m, sa ap vini!

Ala yon onksyon ki pral pran plas Dimanch a midi, lè Jeffersonville, alò ke nou pral rasanble ansanm nan lemonn antye pou tande anj Bondye a, Vwa Bondye pou Lepouz la, k ap pote nou Mesaj la: Sis Objektif Vizit Gabriyèl la a Danyèl 61-0730E.

Frè Jozèf Branham