Byenneme Sa Yo K Ap Repoze,
Sa se vrèman pi bon sezon Ivè nan vi nou. Lè Seyè a ap vini a toupre. Nou te sele pa Sentespri a; so apwobasyon Bondye pou tout bagay Kris la te mouri a se pou nou.
Kounye a nou gen prèv eritaj nou, Sentespri a. Se asirans lan, peman an, ke Kris te resevwa nou. N ap repoze sou pwomès Bondye yo, nou lonje anba chalè Limyè Solèy Li, Pawòl Li ki konfime, alò ke n ap tande Vwa Li.
Se prèv sali nou an. Nou pa enkyè si nou prale Lòt bò a ou non, NOU PRALE! Ki jan nou fè konn sa? Bondye di l! Bondye te pwomèt li e nou gen prèv la. Nou te fin resevwa Li e Kris te aksepte nou.
Pa gen mwayen elwaye nou de Li…en reyalite, nou la a! Tout sa nou dwe fè se tann; L ap akonpli travay Paran Redanmtè nan moman an. Nou gen prèv la menm kounye a. Nou jis ap tann moman an kote L ap vin chache nou. Alò, nan yon ti moman, nan yon kout je, nou tout ap pati pou Soupe Nòs la.
Jis pou panse a tout sa k ap tann nou. Panse nou pa ka sezi sa a konplètman. Jou apre jou, L ap revele nou plis nan Pawòl Li, ap asire nou ke gwo pwomès sa you pou nou.
Mond lan ap deteryore; dife, tranblemanntè, epi dezòd toupatou, men yo kwè ke yo gen yon nouvo sovè ki pral sove mond lan epi ki pral pote laj lò yo a. Nou te deja resevwa Sovè nou an e n ap viv nan Laj Lò nou an.
Kounye a L ap prepare nou pou plis Revelasyon toujou alò ke n ap antre nan 5yèm chapit Apokalips la. L ap prepare sèn lan pou ouvèti Sèt So yo. Menm jan Li te fè sa nan premye chapit Apokalips la, pou ouvri chemen Sèt Laj Legliz yo.
Kisa rès sezon Ivè a pral sanble pou Epouz la? Annou pran yon ti apèsi:
Bon, mwen pa gen tan. Mwen ekri l, on ti kal nan kontèks la isi a, men pwochen reyinyon nou an anvan nou ka antre nan sa a…Petèt lè m tounen sot nan vakans ou kèk lòt lè, mwen vle pran swasanndis semèn sa yo nan Danyèl e relye l isi a, e montre kote sa mennen nan Jubile Pannkot la, epi mennen tounen tout sa pou relye yo avèk sèt fle-…sèt so sa yo ki sipoze louvri isi a jis anvan nou ale, epi montre ke se lafen, bagay sa yo…
Ala yon bèl moman Seyè a rezève pou Lepouz Li. L ap devwale Tèt Li ban nou nan Pawòl Li kòm jamè. L ap ankouraje nou ke nou se moun ke Li chwazi yo ke L ap vin chache. L ap di nou ke nou nan volonte Pafè Li lè nou rete avèk Vwa Li e Pawòl Li.
Kisa n ap fè? Anyen, n ap jis Repoze! N ap Tann! Fini travay, fini ajitasyon, N AP REPOZE SOU SA!
Vin repoze avè nou Dimanch sa a midi, lè Jeffersonville, alò ke nou pral tande Vwa Bondye ki konfime a ki pral pote nou Mesaj la:
61-0618 – “Apokalips, Chapit Senk Dezyèm Pati”.
Frè Jozèf Branham