24-0714 Wont/Jennen

Mesagj: 65-0711 Wont/Jennen

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Lepouz Ki Pa Wont,

Pa janm gen yon epòk oubyen yon pèp tankou jodi a. Nou nan Li, eritye tout sa Li achte pou nou. L ap pataje sentete L avè nou, jiskaske nan Li, nou vin jistis Bondye menm.

Li te konnen nou davans pa dekrè Diven, pou nou ta vin Lepouz Li. Li chwazi nou, nou pa janm chwazi L. Nou pat vin pa nou menm, se te chwa pa L. Kounye a Li plase nan kè nou ak nanm nou tout Revelasyon Pawòl Li. 

Jou apre jou, L ap revele nou Pawòl Li, ap devèse Lespri L sou nou, ap manifeste pwòp Vi Li nan nou. Jamè Lepouz Li te janm ankre konsa nan kè li, li konnen ke li nan volonte pafè Li, epi nan pwogram Li, lè l rete avèk Pawòl Li, ap tande Vwa Li. 

Lanmou Bondye ak Mesaj sa ap ranpli kè nou jiskaske li debòde. Pa gen anyen lòt ke nou vle tande, ke nou vle pale, ke nou vle kominye, ou senpleman pataje yon sitasyon ke nou sot tande epi louwe Seyè a.

Nou tankou Moyiz nan fon dezè a. Nou vin fas a fas avèk Bondye Tou Pwisan an, epi nou wè Vwa a k ap pale avè nou; egzakteman avèk Pawòl la e pwomès lè a. Sa fè nou yon bagay. Nou pa wont de Li. Nou renmen deklare L nan mond lan. Nou kwè ke Seyè Jezi a se Mesaj lè a e nou SE EPOUZ LI.

Li fòtifye nou avèk Pawòl Li. Pa gen dout menm, sa se chemen Bondye bay. Bondye pa janm chanje panse Li apwopo de Pawòl Li. Li chwazi setyèm anj Li pou rele Lepouz Li pou l soti, epi apresa pou L rete an liy avèk Pawòl Li.

Pa gen anyen lòt nan lavi sa a ke Li menm e Pawòl Li. Nou p ap janm gen ase de Li. Sa a plis ke lavi pou nou. Levanjil la ak Pwisans Bondye Tou Pwisan an gaye atravè mond lan kòm jamè. Kounye a Pawòl la nan men ak zòrèy Lepouz la. Tan separasyon an ap dewoule kounye a, alò ke Bondye ap rele yon Epouz, epi dyab la ap rele yon legliz.

Nou renmen W e nou renmen Pawòl Ou, Seyè. Nou p ap janm gen ase. Nou chita nan prezans Pawòl Ou chak jou, ap muri, ap pare pou lè W ap Vini byento. Papa, li dwe tou pre. Nou ka santi l, Seyè. N ap tann avèk anpil atant. 

Papa, kite nou pi sensè epi kite nou renouvle ve nou ankò. Nou konnen ke Lafwa nou nan Pawòl Ou ap boule nan kè nou. Ou retire tout dout. Pa gen anyen lòt ke Pawòl Ou. Nou sèten, e nou pa wont di mond lan, nou se Lepouz bann Ou.

Nou vle envite mond lan pou vin tande avè nou Dimanch sa a midi, lè Jeffersonville, alò ke n ap tande Mesaj la: Wont 65-0711.

Frè Jozèf Branham

Ekriti pou li anvan nou tande Mesaj la:

Mak 8:34-38