24-0707 Èske Bondye janm chanje lide sou Pawòl li a?

Mesagj: 65-0418E Èske Bondye janm chanje lide sou Pawòl li a?

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Lepouz Volonte Pafè A,

Jou a prèske fini epi Sèye a prèt pou L Vini. Pòt la ap fèmen epi tan an ap koule, si l pa deja fè sa. Li twò ta pou poze tèt ou kesyon, pou w tankou yon wozo ke van an ap souke; pou w gen zòrèy k ap grate w. Li lè pou pran yon desizyon klè presi. Kisa pou m fè pou vin Lepouz Li?

Èske Bondye chanje Panse L apwopo de Pawòl Li? JAMÈ. Alò nou dwe fè efò chak jou, avèk tout kè nou e nanm nou pou nou nan VOLONTE PAFÈ Li. Nou dwe soumèt tèt nou a volonte Li e a Pawòl Li. Pa janm remèt Li an kesyon, jis kwè L e aksepte L. Pa eseye kontoune L. Jis pran L jan L ye a. 

Pwofèt la di nou nan Mesaj sa a ke tout objektif li se montre nou ke Bondye dwe kenbe Pawòl Li pou rete Bondye, men anpil moun vle kontoune L epi jwenn kèk lòt chemen. Lè yo fè sa, yo wè tèt yo ap kontinye, epi Bondye beni yo, men y ap travay nan volonte pèmisiv Li e pa nan volonte pafè Li, nan volonte Diven Li.

Pwofèt la fè nou tounen nan Pawòl la epi li ban nou egzanp pou nou gade, pou nou etidye, epi pou raple nou, ke Bondye PA chanje Panse Li ou chemen Li, Li se Bondye e L PA janm chanje. 

Kounye a, nou remake ke tou de sa yo se te moun espirityèl, tou de se te pwofèt, tou de te gen yon apèl. Epi Moyiz, drèt nan fonksyon li, ak yon Kolòn Dife nouvo devan l chak jou, Lespri Bondye a sou li, nan liy devwa a. Men yon lòt sèvitè Bondye, Bondye rele, òdone pa Bondye, yon pwofèt ke Pawòl Bondye a vin jwenn. Isit la se liy danje a. Pa gen pèsonn ki te kapab diskite nonm sa a sot kot Bondye—kot Bondye, paske Bib la te di Lespri Bondye a te pale ak li, epi li te yon pwofèt.

Seyè, kijan sa pwòch? Kijan m ka fè konnen, alò ke TOU DE te pwofèt? Tou de se nonm ki ranpli ak Lespri, ke Bondye rele, òdone pa Bondye; pwofèt Bondye ke Pawòl Bondye a al jwenn. Tou de k ap di ke Lespri a ap gide yo. 

Annou li epi etidye kèk sitiyasyon avèk anpil atansyon sou sa setyèm anj mesaje Bondye a di. Nou vle sa li di; pa sa legliz la di, sa Doktè Jones di, oubyen sa yon lòt moun di. Nou vle sa ENSI DI SEYÈ A di atravè pwofèt Li.

Moyiz, etan yon pwofèt òdone ak Pawòl Senyè a, prouve ke li te chwazi kòm dirijan yo nan tan sa a, e ke Abraham te pwomèt tout bagay sa yo,…

Pèsonn pa t kapab pran plas Moyiz la. Pe enpòt konbyen Kore ki te sisite, ak kantite Datan; se Moyiz Bondye te rele, andepi de tou.    

Se Moyiz Bondye te chwazi pou kondwi pèp la. Lòt moun leve epi yo di ke yo te wen tou, ranpli ak Sentespri. Bondye te rele yo tou pou yo dirije. Men Moyiz te lidè orijinal Volonte Pafè Bondye a pou dirije pèp la.

Men, e si pèp la pa vle mache nan volonte pafè Li, Li genyen yon volonte pèmisiv L ap kite ou antre. Remake, Li pèmèt sa, oke, men L ap fè l mache pou glwa Li, nan Volonte pafè Li. Kounye a, si ou ta renmen… 

Pa gen moun ki vle rete nan volonte pèmisiv Bondye. Vrè Epouz la vle rete nan volonte pafè Li, toutan, kèlkeswa pri a.

Tèlman gen dezakò, panse, konfizyon, opinyon, sou enpòtans ki genyen nan jwe bann yo.

Nou tout konnen sa a se pwoblèm nan menm ki separe kwayan Mesaj la jodi a. Nou konnen ke Epouz la DWE, EPI L AP ini ansanm; sa se Pawòl la.

Genyen dèzòm ranpli ak Lespri, ke Bondye rele nan Legliz la jodi a. Yo se dèzòm Bondye ki wen ki nonmen pou preche Mesaj sa a. Men tou senpleman, pa gen youn nan yo ke nou tout ka dakò avè l. 

Ki jan se yo ki ta ka ini Lepouz la? Èske nou ka ini atravè ministè yo? An verite, yo la pou kondwi twoupo pa yo, men mennen yo tounen nan PLAN ORIJINAL Bondye a. LIDÈ LI. PWOFÈT LI. Pa ministè pa yo.

Si yo pa anseye nou ke Vwa a ki sou bann yo se li menm ke nou DWE swiv, e ke nou dwe kwè ke se Vwa a ki pi enpòtan ke nou dwe tande, yo jis nan volonte pèmisiv Li.

Si yo di nou ke se Vwa a ki pi enpòtan, e yo vrèman kwè sa, alò ki jan yo fè pa peze jwe chak fwa ke nou ansanm.

Si nou vle sèten, SÈTEN, ke nou nan volonte pafè Li, genyen yon sèl CHEMEN KI SÈTEN. Se tande Vwa Bondye a ki konfime sou bann yo.

Premye bagay ou konnen, yon bann tonbe nan kay yo. Sa a bon, lè sa a. Si l se yon mouton, li vini dwat avè L. Si l se yon kabrit, li choute bann la deyò.  

M dwe SÈTEN. M pa ka, e m pa vle, pran kras chans avèk destinasyon Etènèl mwen. M KONNEN ke Vwa a sou bann yo se Vwa Bondye pou Lepouz la. M KONNEN ke L pa fè erè. M KONNEN ke L te konfime pa Kolòn Dife a. M KONNEN ke se Li menm ke Bondye chwazi pou kondwi Lepouz Li. M KONNEN ke Vwa sa a se sèl Vwa a ki kapab epi ki pral ini Lepouz la. M KONNEN ke se Vwa sa a ke m pral tande k ap di ‘Men, Ayo Bondye a.’ 

M DWE PEZE JWE epi tande Vwa sa a. Nou envite pou vin jwenn nou Dimanch sa a midi, lè Jeffersonville, alò ke nou pral tande: 65-0418E Èske Bondye Janm Chanje Panse L Konsènan Pawòl Li?     

Frè Jozèf Branham

N ap kòmanse Mesaj la nan paragraf 61.

Ekriti pou li anvan nou tande Mesaj la:

Egzòd chapit 19

Nonm 22:31

Matye 28:19

Lik 17:30

Apokalips chapit 17