24-0623 Maryaj Ak Divos

Mesagj: 65-0221M Maryaj Ak Divos

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Epouz Pawòl La Ki Sensè E San Melanj,

Nou se bèl ti Dam Li; san melanj, ke okenn òganizasyon moun, okenn tewori lònm manyen. Nou se Epouz Pawòl la ki sensè e san melanj! Nou se pitit fi Bondye ki ansent.

Nou se pitit Pawòl Li ki pwononse, ki se Pawòl orijinal Li! Pa gen peche nan Bondye, kidonk pa gen peche nan nou, piske nou tankou Pwòp imaj Li. Kouman nou ta ka tonbe? Li enposib…ENPOSIB! Nou fè pati de Li, PAWÒL ORIJINAL Li.

Kijan nou ka konn sa san okenn dout? REVELASYON. Tout Bib la, Mesaj sa a, Pawòl Bondye a, se yon Revelasyon. Se konsa nou konn verite a ant Vwa sa a e tout lòt vwa yo, paske se yon Revelasyon. E Revelasyon nou egzakteman konkòde ak Pawòl la, Li pa an kontradiksyon ak Pawòl la.

E sou wòch sa’’ (revelasyon espirityèl de sa Pawòl la ye) ‘M ap bati Legliz Mwen; epi pòtay lanfè p ap janm ebranle L.’ Madanm Li p ap tonbe ak lòt gason. ‘M ap bati Legliz Mwen, epi pòtay lanfè p ap janm ka ebranle L.’  

N ap sensè e fidèl ak Pawòl Li epi ak Vwa Li, sèlman. Nou p ap janm kite yon lòt moun dezonore nou epi komèt adiltè. N ap rete Epouz Pawòl Li ki Vyèj. Nou p ap gade, tande, oswa koze ak okenn lòt pawòl.

Li nan fon kè nou. Nou p ap janm ka gen yon lòt mari, men SÈL MARI nou, Jezikri, yon sèl Nonm, Bondye, Emanyèl. Madanm Li ap milye de milye de milye. Sa montre ke Epouz la dwe vini pa Pawòl la. ‘Yon sèl Seyè Jezi, epi Epouz Li plizyè, sengilye.’

Nou dwe sonje epi konprann ke sa a se pa pou tout moun, men SÈLMAN pou gwoup pwofèt la. Pwòp disip li yo. Mesaj sa a sèlman pou yo, ti twoupo ke Sentespri a te ba li pou l veye. 

Bondye ap kenbe l responsab pou sa l ap di nou, epi Bondye ap kenbe nou responsab, konvèti l yo ki atravè peyi yo, moun yo ke li mennen a Kris, pou kwè chak Pawòl epi pou pa janm fè konpwomi. 

Ala bèl sa bèl pou nou, pou chita epi tande L k ap di nou kijan nou se Moun ke L chazwi. Kijan premye Epouz Li, epi dezyèm Epouz Li, te desevwa Li; men nou menm, gran Epouz Li nan fen tan an nou p pap JANM DESEVWA L. N ap rete Epouz Pawòl Li ki sensè, fidèl, vyèj jiska lafen.

Lafwa nou nan Pawòl Li ap grandi chak jou. N ap prepare tèt nou lè n ap koute epi n ap obeyi chak Pawòl Li, lè n ap tande Vwa Li k ap pale avè nou, lè n ap li Bib nou yo, lè n ap priye epi n ap adore L tout lajounen.

Nou konnen ke L ap vini trè byento. Nenpòt minit kounye a. Menm jan ak Noe, nou te espere ke Li t ap vini yè; petèt demen maten, a midi, nan aswè, men nou konnen ke L ap vini. Pwofèt Bondye a ak Pawòl Li pa fè erè, L AP VINI. Nou santi ke nou jou 7, e nou ka wè nyaj yo k ap fòme e gwo gout lapli yo k ap tonbe; tan an rive.

Nou byen an sekirite nan Ach la, ap tann avèk anpil antisipasyon. Vin jwenn nou alò ke nap tande Vwa Bondye a k ap konsole nou Dimanch sa a midi, lè Jeffersonville, alò ke n ap tande: Maryaj Ak Divòs 65-0221M.

Frè Jozèf Branham

Ekriti pou li anvan nou tande Mesaj la:

Matye 5:31-32 / 16:18 / 19:1-8 / 28:19

Akt 2:38

Women 9:14-23

1 Timote 2:9-15

1 Korentyen 7:10-15 / 14:34

Ebre 11:4

Apokalips 10:7

Jenèz chapit 3

Levitik 21:7

Jòb 14:1-2

Ezayi 53

Ezekyèl 44:22