24-0609 Jounen Jodi A Ekriti Sa A Akonpli

Mesagj: 65-0219 Jounen Jodi A Ekriti Sa A Akonpli

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Sipè Lepouz Semans Wayal Espirityèl La,

Nou pa bezwen tann, nou pa bezwen poze tèt nou kesyon, NOU RIVE! Nou SE Sipè Lepouz Semans Wayal Espirityèl la. Semans Espirityèl Fis Wayal ki te pwomèt la. Pa kèk gwoup nan tan k ap vini an; pa pwochen jenerasyon k ap vini an; n ap viv nan dènye jou yo, nou se jenerasyon ki pral wè Jezikri k ap retounen sou tè a.

Jounen Jodi a, Ekriti Sa a Akonpli!

Menm Levanjil la, menm Pwisans lan, MENM Fis de Lòm lan ki te egziste yè a, egziste jodi a e ap egziste pou tout tan.

Jounen Jodi a, Ekriti Sa a Akonpli!

Byenneme zanmi ki Arizona, Kalifòni, Texas, toupatou Etazini epi ATRAVÈ MOND LAN k ap tande bann sa a an liy; menm F-I-S  Bondye ki vin a lès epi ki konfime tèt Li kòm etan Bondye ki manifeste nan kò a, se menm F-I-S Bondye a nan emisfè lwès la isit la, ki idantifye tèt Li nan mitan legliz la aswè a, menm lan a yè, jodi a, e pou tout tan. Limyè aswè Fis la vini.

Jounen Jodi a, Ekriti Sa a Akonpli!

Vwa Mesi a, ki te kanpe epi ki t ap pale sou estrad la nan epòk Li, ki t ap idantifye tèt Li avèk Pawòl la ki te pwomèt la pou epòk sa a, se menm Vwa Mesi a, k ap pale avèk Lepouz Li jodi a atravè mond lan sou bann yo, k ap di nou: M se menm lan a yè, jodi a e pou tout tan. M SE Vwa Bondye pou NOU. NOU SE SEMANS WAYAL ESPIRITYÈL LEPOUZ MWEN ki rete avèk Pawòl Mwen.

Jounen Jodi a, Ekriti Sa a Akonpli!

Gen yon tèl konfizyon nan mitan moun yo jodi a ke yo pa wè Verite Bondye a. Se paske gen twòp entèpretasyon Pawòl Bondye a ke lèzòm fè. Bondye pa bezwen pèsonn pou entèprete Pawòl Li. Li se Pwòp entèprèt Li. Li voye bay Lepouz Li, anj pwofèt Li ki nan jou Apokalips 10:7 pou entèprete Pawòl Li. Se ENSI DI SEYÈ A.

Jounen Jodi a, Ekriti Sa a Akonpli!

Nou di: “Si m te la lè Jezi te sou tè a, m t ap fè tèl ou tèl bagay.” Ebyen, se p at laj nou. Men, sa se laj nou, sa se tan pa nou. Ki Vwa nou di ki Vwa Bondye a? Ki Vwa ki Vwa ki pi enpòtan pou nou?

Jounen Jodi a, Ekriti Sa a Akonpli!

Dyab la ap atake Lepouz Li kòm jamè oparavan. Li ka fè nou kwè ke nou gen yon maladi, oubyen li ka atake fanmi nou. Gendelè Bondye kite bagay yo vin tèlman sonb ke nou pa ka wè anlè, alantou, oswa lòt kote. Apresa Li vini epi Li louvri nou yon chemen, pou nou ka di: M pa semans Aga, m pa semans Sara, m pa menm semans Mari, m se Sipè Semans Wayal Espirityèl Abraham ki vin de Bondye. M pran Pawòl Bondye te pwomèt la pou mwen, Se Ensi Di Seyè A. Mwen pap bouje. Kèlkeswa sa l sanble, sa dyab la di. Kèlkeswa sa m bezwen, m ap vale Pawòl Bondye a.

Jounen Jodi a, Ekriti Sa a Akonpli!

Vwa Bondye a pale. Mwen sere tout Manje Espirityèl la ke nou bezwen. ANNIK di sa ki sou bann yo. M se Vwa Bondye pou nou. Pawòl Mwen pa bezwen entèpretasyon. Pa fè chikann oubyen goumen, renmen youn lòt, MEN rete avèk PAWÒL MWEN.

Jounen Jodi a, Ekriti Sa a Akonpli!

Pa santi nou ba. Pa deprime. Pa kite Satan vòlè Lajwa nou. Sonje kiyès nou YE, kote nou prale, kijan gran Soupe Nòs sa a pral ye. Ap viv nan bèl Vil ke L konstwi jis pou nou. Kote n ap rete avè L pou Letènite epi ak tout lòt yo ki te pati anvan nou.

Pa gen maladi ankò. Pa gen tristès ankò. Pa gen lanmò ankò. Pa gen batay ankò. Jis Lavi Etènèl avè L. Apresa n ap di:

Jounen Jodi a, Ekriti Sa a Akonpli!

Annou pa chimerik epi ap di: “Mwen bouke avèk kote sa a, m vle bat zèl mwen.” Annou di l konsa pito: “L ap vini a nenpòt ki moman kounye a, POU MWEN MENM…GLWA! M pa ka tann. M pral wè tout byenneme m yo. Yo pral parèt devan mwen, apresa m ap konnen, SE FINI, NOU RIVE.”

Apresa, on kout je, nou tout ap ansanm lòt bò a.

Ann rejwi, ann kontan anpil, paske lè a rive pou fete Maryaj Ayo a, e Lepouz Li a… Lepouz Li a pare tèt Li.

Si nou vle rejwi nou epi asiste a Maryaj Ayo a avèk nou, vin pare kò nou Dimanch sa a midi, lè Jeffersonville, alò ke n ap tande:

Jounen Jodi a, Ekriti Sa a Akonpli 65-0219

Frè Jozèf Branham

Ekriti pou li:

Jan Chapit 16

Ezayi 61:1-2

Lik 4:16